Department of Homeless Services311Search all NYC.gov websites

Kreyòl Ayisyen (Haitian Creole)

Fanmi ki gen timoun

Tout fanmi ki gen timoun ki poko gen 21 an, fanm ansent oswa fanmi ki gen fanm ansent ladan dwe aplike pou chèltè nan sant dakèy DHS pou Asistans pou Prevansyon ak Lojman Tanporè (Prevention Assistance and Temporary Housing, PATH).

PATH sitiye nan:
151 East 151st Street
Bronx, NY 10451
718-503-6400

Pou w ale la, pran tren 2, 4, oswa 5 pou 149th Street/Grand Concourse Station.

PATH louvri chak jou 24 èdtan pa jou, ansanm ak tout wikenn ak jou ferye. Yo travay sou aplikasyon yo chak jou ant 9:00 a.m. ak 5:00 p.m. Gen sèvis gratis ak konfidansyèl pou lang, ansanm ak sèvis entèpretasyon langaj siy ki toujou disponib.

Fanmi k ap aplike pou chèltè nan PATH dwe pote idantifikasyon pou tout moun nan kay la.

Pou jwenn plis enfòmasyon sou PATH, telechaje tiliv nou an.

Fanmi Adilt

Yon fanmi adilt se nenpòt fanmi ki pa gen timoun minè. Sa gen ladan koup ki marye, koup ki patnè nan kay, paran ak timoun ki tout gen plis pase 21 an, frè/sè oswa moun ki ka pwouve yo gen yon relasyon "founisè swen" (sipò emosyonèl, fizik oswa pou medikaman). Fanmi yo dwe te viv ansanm pandan sis (6) mwa omwen ane pase.

Fanmi adilt yo dwe aplike pou chèltè nan:

Adult Family Intake Center (AFIC)
400-430 East 30th Street
New York, NY 10016

Pou w ale la, pran tren 6 pou 28th Street oswa otobis M15 pou 29th Street.

AFIC louvri 24 èdtan pa jou, ansanm ak tout wikenn ak jou ferye. Gen sèvis gratis ak konfidansyèl pou lang, ansanm ak sèvis entèpretasyon ki toujou disponib.

Tout manm nan fanmi an dwe pote prèv idantifikasyon valab ak yon lis adrès kote yo te rete anvan an, ansanm nenpòt prèv ki disponib pou kote y ap viv kounye a.

Adilt Selibatè

Tout adilt selibatè yo dwe aplike pou chèltè nan:

30th Street Intake Center
400-430 East 30th Street
New York, NY 10016

Pou w ale la, pran tren 6 pou 28th Street.

30th Street louvri 24 èdtan pa jou, ansanm ak tout wikenn ak jou ferye.

Fanm adilt selibatè ka aplike pou chèltè nan youn nan de (2) kote sa yo:

HELP Women's Shelter
116 Williams Avenue (ant Liberty Avenue ak Glenmore Avenue)
Brooklyn, NY 11207
Pou w ale la, pran tren C pou Liberty Avenue.

Franklin Shelter
1122 Franklin Avenue (toupre 166th Street)
Bronx, NY 10456
Pou w ale la, pran tren 2 pou 149th Street oswa otobis BX55 pou 166th Street ak 3rd Avenue.

Adilt selibatè yo dwe retounen nan chèltè yo te pwograme pou yo anvan an, si se la yo te voye yo pandan dènye 365 jou yo.

Medyatè (Ombudsman)

Biwo Medyatè a ka ede rezoud pwoblèm chèltè, ak pwoblèm konsènan sitiyasyon sanzabri. Reprezantan Sèvis Elektè yo (Constituent Services) ka ede w:

  • Konprann dwa ak responsablite ou yo nan chèltè ak nan kominote a
  • Rezoud enkyetid chèltè yo
  • Sèvi kòm medyatè epi bay rezolisyon pou konfli
  • Konprann èd pou lwaye ak kondisyon pou kalifikasyon
  • Konekte avèk lòt sèvis vil la ak kominote a

Yo endepandan epi yo pa travay pou founisè chèltè yo.

Elektè yo ka kontakte Biwo Medyatè a nan kat fason:

  • Voye yon imèl nan Ombudsman@dhs.nyc.gov.
  • Rele Liy dirèk Chèltè a oswa 311. Nimewo Liy Dirèk Chèltè a se 718-557-1399. Operatè yo disponib 24 èdtan pa jou, 7 jou pa semèn.
  • Ekri nan 33 Beaver Street, 20th floor, New York, NY 10004.
  • Ale an pèsòn nan 33 Beaver Street, New York, NY 10004. Yo wè Elektè yo sou yon baz premye moun ki vini se premye moun k ap jwenn sèvis, ant 9:00 am ak 4:00 pm lendi jiska vandredi.

Pou jwenn plis resous pou ede w rete nan kay ou ladan kounye a, klike la pou w ale sou sitwèb Administrasyon Resous Imèn (Human Resources Administration) Vil New York.