Aksè nan lang

Sèvis Depatman Sante NYC a

Depatman Sante Vil New York ap travay pou pwoteje ak ankouraje sante moun New York ki soti tout kote. Nou bay sèvis pou ti pri oswa gratis epi nan anpil lang, kèlkeswa sitiyasyon finansye ou oswa sitiyasyon imigrasyon ou.

Pifò kontni sou sitwèb nou an lang Anglè, men ou gen dwa pou jwenn sèvis yo nan lang ou. Paj sa bay enfòmasyon sou sèvis prensipal nou yo. Pou jwenn plis enfòmasyon konsènan sèvis sa yo nan lang ou, rele 311.

Si ou gen nenpòt kesyon oswa enkyetid konsènan sèvis entèpretasyon oswa tradiksyon nou yo, voye yon imèl bay Manadjè Aksè pou Lang Depatman Sante nan languageaccess@health.nyc.gov.

Google Tradiksyon

Pou itilize Google Tradiksyon pou li sitwèb nou an, klike sou Translate (Tradiksyon) nan kwen anwo sou bò dwat nenpòt ki paj epi chwazi lang ou an.

Google Tradiksyon se yon fonksyon otomatize ki ka pa toujou bay yon tradiksyon egzak.

Sèvis tradiksyon nan Sant nan vil la

Lè ou ap vizite yon Depatman Sante oswa yon lòt ajans nan vil la, montre yon I Speak card (PDF) la bay yon manm pèsonèl la epi y ap jwenn yon entèprèt pou ou. Sèvis lang yo gratis nan tout biwo ak klinik Vil New York.

Batistè ak Sètifika Lanmò ak Dosye Vaksinasyon

Depatman Sante a bay ak fè chanjman nan batistè ak sètifika lanmò. Rejis Vaksinasyon Depatman Sante pou tout Vil la bay dosye vaksinasyon tou.

Batistè

Depatman Sante bay tout moun ki fèt nan Vil New York batistè. Ou ka aplike pou yon batistè nan Vil New York si:

  • Ou fèt nan Vil New York
  • Yo site non ou nan batistè a (kòm paran oswa moun ki deklare/ti bebe a)
  • Ou gen18 ane oswa plis

Aplike pou yon Batistè (PDF)

Plis enfòmasyon (an anglè) Batistè yo

Sètifika Lanmò

Depatman Sante bay tout moun ki mouri nan Vil New York yon sètifika lanmò. Depatman Sante reponn demann tou pou korije sètifika lanmò. Demann òdonans pou sètifika lanmò yo kapab pran twa (3) pou rive kat (4) semèn.

Mande oswa Korije yon Sètifika Desè (PDF)

Plis Enfòmasyon (an anglè): Sètifika Desè yo

Dosye Vaksen

Moun ki fèt New York apre 1995 kapab jwenn dosye vaksinasyon yo pou lekòl oswa pou lòt rezon. Ou kapab fè demann dosye ou a pa lapòs oswa faks, nan kèk ka, ou kapab chèche l anliy.

Plis Enfòmasyon (an anglè): Dosye Vaksen

Klinik Konfidansyèl ak Pou Ti Pri oswa Gratis

Klinik Depatman Sante yo ofri vaksen ak sèvis sante seksyèl pou ti pri ak gratis, ak sèvis gratis pou maladi Tibèkiloz (TB). Pou jwenn plis enfòmasyon, vizite Klinik (enfòmasyon an anglè).

Klinik Sante Seksyèl

Klinik Sante Seksyèl bay sèvis ak yon pou ti pri oswa gratis pou enfeksyon moun pran nan fè bagay (sexually transmitted infections, STIs), li gen ladan l VIH. Tout moun ki gen 12 lane oswa plis kapab benefisye sèvis san randevou kèlkeswa sitiyasyon imigrasyon.

Plis Enfòmasyon (an anglè): Klinik Sante Seksyèl

Klinik Vaksinasyon

Klinik vaksinasyon ofri sèvis sa yo:

  • Vaksinasyon timoun
  • Vaksinasyon pou adilt
  • Vaksen kont grip sezonye

Plis Enfòmasyon (an anglè): Klinik Vaksinasyon

Klinik Tibèkiloz (TB)

Tout moun ki gen ris pou TB kapab jwenn yon evalyasyon gratis epi trètman nan yon klinik TB.

Plis Enfòmasyon (an anglè): Klinik TB

Sèvis Enskripsyon nan Asirans Sante

Oumenm ak fanmi ou ka kalifye pou asirans sante pou ti pri oswa gratis ak chwa swen sante kèlkeswa sitiyasyon imigrasyon ou ak mwayen ou pou peye. Aprann sou opsyon swen asirans sante pou imigran yo (PDF).

Konseye Aplikasyon Sètifye Depatman Sante yo kapab ede ou konprann chwa asirans sante ou epi yo kapab enskri ou nan Medicaid, Child Health Plus, Essential Plan oswa yon plan prive.

Plis Enfòmasyon (an anglè): Asirans Sante: Konseye pou Enskripsyon yo

Jwenn yon konseye ki sètifye nan minisipalite:

Manhattan

  • Washington Heights Health Center
    600 West 168th Street, Dezyèm Etaj
    212-368-5475

  • Chelsea Health Center
    303 Ninth Avenue, Premye Etaj
    646-483-4270

Brooklyn

  • Bushwick Health Center
    335 Central Avenue, Premye Etaj
    347-236-7029, 646-799-1346, 347-236-9934

  • Fort Greene Health Center
    295 Flatbush Avenue Extension, Senkyèm Etaj
    718-249-1438, 718-249-1436, 718-249-1435

  • Homecrest Health Center
    1601 Avenue S, Premye Etaj
    646-866-4173, 646-548-3299

  • Bedford Health Center
    485 Throop Avenue, Dezyèm Etaj
    718-637-5222, 718-637-5361
    Pèsonèl pou enskripsyon nan Crown Heights Health Center ap kontinye bay sèvis enskripsyon nan nouvo sit Bedford Health Center. Rele pou enfòmasyon oswa pou pran yon randevou enskripsyon nan telefòn.

Queens

  • Corona Health Center
    34-33 Junction Boulevard, Premye Etaj
    Jackson Heights
    718-208-6818, 347-236-7049, 646-483-2902

  • Jamaica Health Center
    90-37 Parsons Boulevard, Katriyèm Etaj
    Jamaica
    718-553-3853, 718-553-3846

  • Astoria Health Center
    12-26 31st Avenue, Dezyèm Etaj
    Astoria
    718-208-6818, 646-483-4270

Bronx

  • Morrisania Health Center
    1309 Fulton Avenue, Twazyèm Etaj
    646-483-1279, 646-983-1712

Staten Island

  • 135 Canal Street
    Dezyèm Etaj
    917-217-3324
    (Sou randevou sèlman)

Sèvis pou Timoun

Depatman Sante bay lisans pou pwogram gadri, kontwole ak enspekte pwogram sa yo pou pwoteje sante ak sekirite timoun yo. Itilize sèvis NYC Child Care Connect (Li disponib an Anglè) pou chèche pwogram gadri pou timoun ki otorize, li gen ladan l sant gadri pou timoun, gadri pou timoun ki anndan lekòl yo epi kan dete. Ou kapab konpare sant gadri ou an tou avèk lòt sant ki nan vil la oswa ou kapab enskri pou resevwa dènye enfòmasyon yo nan tèks ak imèl(disponib an anglè) sou founisè sèvis gadri timoun ou an.

Patenarya Enfimyè-Fanmi

Patenarya Enfimyè-Fanmi se yon pwogram vizit nan kay pou fanm ki ansent avèk premye tibebe yo. Vizit enfimyè yo ap kontinye jouk lè tibebe a gen 2 zan. Vizit sa yo kapab amelyore sante, byennèt ak otonomi nouvo manman ki pa gen anpil mwayen ak timoun yo.

Plis Enfòmasyon (an anglè): Patenarya Enfimyè-Fanmi vil New York (NYC Nurse-Family Partnership)

Pwogram pou Vizit nan Kay Tibebe ki Fenk Fèt

Pwogram Vizit nan Kay Tibebe ki Fèk Fèt sipòte fanm ki vin manman pou premye fwa ak tibebe yo pandan kèk premye semèn apre akouchman an. Yon pwofesyonèl sante piblik kapab ede w avèk alètman an, ba ou konsèy sou sante ak sekirite epi konekte fanmi yo ak resous yo.

Plis Enfòmasyon (an anglè): Pwogram pou Vizit nan Kay Tibebe ki Fenk Fèt

Sipò pou Timoun ki Gen Reta nan Devlopman yo oswa yon Andikap

Pwogram Entèvansyon Bonè bay sipò pou fanmi ki gen timoun ki poko gen 3 zan epi ki gen reta oswa andikap devlòpmantal.

Kèk timoun ka jwenn avantaj nan Kontwòl Devlopman (Developmental Monitoring), yon pwogram ki la pou wè kijan timoun yo ap devlope ak ki kantite pwogrè y ap fè.

Sèvis yo gratis pou fanmi yo, kèlkeswa revni yo oswa sitiyasyon imigrasyon yo.

Plis Enfòmasyon (an anglè): Entèvansyon Bonè

Lòt Sèvis ki Popilè:

Sispann fimen

Fimen touye anviwon 12,000 moun New York chak ane. Si ou fimen, sispann fimen se bagay ki pi enpòtan ou kapab fè pou sante ou. NYC Quits (Vil New York Kite) ba ou enfòmasyon ak resous ou bezwen pou ou sispann fimen, oswa pou sipòte yon moun ki sispann.

Plis Enfòmasyon (an anglè): NYC Quits.

Lisans ak Vaksen pou bèt

Depatman Sante bay lisans pou chen epi li bay repons lè chen mòde yon moun ak repons pou dosye bèt ki gen maladi laraj. Nan Vil New York, tout ti chen ak ti chat ta dwe pran premye vaksen yo kont laraj ant 3 ak 4 mwa. Kòd Sante Vil New York (New York City Health Code) egzije tou pou mèt chen yo gen lisans pou chen yo epi pou yo tache yon etikèt lisans nan kolye chen yo lè yo an piblik.

Plis Enfòmasyon (an anglè): Lisans pou chyen

Sekirite Restoran ak Klasman Lèt

Operatè restoran, machann manje mobil ak travayè kantin popilè/manje pandan lete kapab resevwa yon fòmasyon epi pran kou pou sètifikasyon.

Si ou se pwopriyetè yon sant oswa operasyon pou sèvis manje, Depatman Sante ap enspekte l omwen yon fwa pa ane pou verifye si ou reponn ak tout règ sekirite alimantè ki egzije yo.

Plis Enfòmasyon (an anglè): Klasman Lèt pou Restoran

West Nile Virus (Viris Nil Oksidantal) ak Kontwòl Moustik

Depatman Sante siveye popilasyon moustik yo (enfòmasyon an anglè) epi mete pestisid pandan lete a. Metòd sa yo redui kantite moustik yo epi redui risk maladi moustik yo bay, tankou Viris Nil Oksidantal (enfòmasyon an anglè).

Pandan sezon moustik la (Avril jiska Septanm), Vil la pwograme evènman pou aplikasyon pestisid (enfòmasyon an anglè) nan tout senk (5) minisipalite yo.

Sant Aksyon pou Sante nan Katye

Sant Aksyon pou Sante nan Katye nan Depatman Sante pote plis sèvis sante ak kominotè pou moun New York.

Ou kapab ale nan yon Sant Aksyon (Action Center) pou:

  • Swen prensipal, swen pou sante mantal, nan kèk ka swen dantè
  • Referans ak yon rezo resous sou katye yo
  • Klas sante ak byennèt, atelye ak aktivite
  • Espas kominotè pou moun travay epi kowòdone estrateji k ap fè avanse sante sou katye avanse.

Plis Enfòmasyon (an anglè): Sant Aksyon pou Sante nan Katye

Mache Kiltivatè (Farmers Markets) ak Health Bucks

Health Bucks yo se koupon $2 dola ou kapab itilize pou achte fwi ak legim fre nan tout mache kiltivatè ki nan Vil New York. Tout mache kiltivatè ki aksepte avantaj Pwogram Èd Nitrisyon Siplemantè (Supplemental Nutrition Assistance Program, SNAP) ap bay yon Health Buck pou chak kliyan pou chak $5 dola yo depanse avèk Transfè Elektwonik Avantaj (Electronic Benefits Transfer, EBT).

Plis Enfòmasyon:

Sèvis Sante Mantal

Depatman Sante ede moun avèk pwoblèm sante mantal oswa ki pran dwòg/alkòl pou yo gen aksè ak tretman epi swen. Pou jwenn yon pwofesyonèl sante mantal, ale sou NYC Well (enfòmasyon an anglè) oswa rele plan asirans sante ou an. Si ou gen ijans, rele 911.

Sèvis Mesaj

Ou kapab jwenn enfòmasyon ki enpòtan epi ki a jou sou yon pakèt sijè sou sante atravè mesaj sèvis tèks nou yo. Sèvis sa yo disponib nan lang Anglè oswa Espanyòl.

Plis Enfòmasyon (an anglè): Sèvis Mesaj

Piblikasyon sou sante

Ou kapab jwenn pilikasyon ki disponib yo nan Depatman Sante. Piblikasyon yo genyen ladan yo gid ak fich enfòmasyon, ansanm ak rapò rechèch epi estatistik.

Tout piblikasyon yo nan fòma PDF. Si ou ta renmen gen yon piblikasyon ki enprime, oswa ou bezwen èd pou ou jwenn yon piblikasyon, rele 311.

Plis Enfòmasyon (an anglè): Piblikasyon sou sante

Lòt Resous