[ View COVID-19 vaccine facts in English ]
Twa vaksen kont COVID-19 ki disponib nan Etazini: Pfizer-BioNTech (Pfizer), Moderna ak Johnson & Johnson/Janssen (Johnson & Johnson). Vaksen sa yo san danje epi yo trè efikas, espesyalman nan anpeche maladi grav anba COVID-19, ospitalizasyon ak lanmò. Yo te administre plizyè milyon dòz vaksen kont COVID-19 an tout sekirite nan Etazini.
Vaksen sa yo se pi bon mwayen nou genyen kont COVID-19. Kèlkeswa laj ou oswa kèlkeswa jan ou an sante, COVID-19 kapab mennen nan ospitalizasyon, pwoblèm sante alontèm ak lanmò. Menm si ou te gen COVID-19, li enpòtan pou pran vaksen paske li bese risk pou ou genyen COVID-19 ankò. Pran vaksen an ede tou pwoteje sila yo ki ozalantou ou. Sa gen ladan moun ki pa ka pran vaksen, tankou timoun ki gen mwens pase 5 ane.
Elijib Aktyèlman
Moun ki gen laj 5 ane oswa plis elijib pou resevwa vaksinanyon.
Etid yo ankou pou tout twa vaksen yo pou wè si yo san danje ak efikas pou jèn timoun yo.
Kote pou Ou Pran Vaksen
Ou kapab pran vaksen an nan anpil lopital, klinik ak famasi kominotè yo, nan sit vaksinasyon ke Vil la ak Eta a ap jere yo. Anpil sit, gen ladan sit Vil la ap jere yo, pèmèt moun vin pran vaksinasyon san yon randevou, epi anpil sit genyen randevou menm jou a. Ou ka verifye avèk pwofesyonèl swen sante ou oswa avèk famasi lokal ou a pou konnen si y ap ofri vaksinasyon.
Pou jwenn yon sit vaksinasyon:
Aksè pou Moun ki Oblije Rete Lakay yo, Moun ki Gen Andikap yo, Granmoun ki pi Aje yo
Transpò gratis pou ale ak pou soti nan yon randevou vaksinasyon disponib pou rezidan NYC yo ki gen 65 ane ak plis, ak pou moun ki gen andikap ki pa gen okenn lòt mwayen pou yo ale nan yon sit vaksinasyon.
Tout rezidan NYC yo kapab pran vaksen tou lakay yo. Ou kapab enskri anliy pou yon vaksinasyon adomisil oswa rele 877-829-4692.
Anpil sit vaksinasyon aksesib pou moun ki gen andikap. Sou NYC Vaccine Finder, yo make sit ki aksesib yo avèk yon senbòl aksesibilite fizik toupre adrès la. Absans yon senbòl pa vle di sit la pa aksesib, sèlman enfòmasyon sou aksesibilite li pa disponib. Chak fwa sa posib, rele davans si ou gen kesyon sou aksè.
Konsilte sitwèb Majistra a pou Moun ki Gen Andikap yo pou en repons ak kesyon moun poze souvan yo ke kominote gendwa genyen sou vaksinasyon.
Pou kesyon oswa asistans pou fè aranjman pou transpòtasyon oswa vaksinasyon adomisil, rele 877-829-4692.
Aksè pou Moun ki Gen Mwens pase 18 Ane yo
Nan moman sa a, moun ki gen 5 rive nan 17 ane kapab pran vaksen Pfizer a sèlman. Ou kapab chèche yon sit ki ap ofri vasen Pfizer a sou NYC Vaccine Finder. Epitou, verifye avèk pwofesyonèl swen sante timoun ou an pou ou konnen si li ap ofri vaksinasyon.
Yon paran oswa responsab legal dwe dakò opu timoun li a pran vaksen. Yo kapab bay konsantman an pèsòn nan moman vaksinasyon an oswa pa telefòn. Kèk pwofesyonèl swen sante, gen ladan sit Vil la ap jere yo, aksepte prèv konsantman alekri. Timoun ki gen 5 rive 15 ane yo dwe genyen yon granmoun ki dezinye pou akonpanye yo nan yon sit vaksinasyon (eksepte pou sant sante ki baze nan lekòl yo).
Si timoun lan pa genyen prèv laj, yon paran oswa responsab legal kapab ateste konsènan laj li nan sit vaksinasyon an.
Verifye avèk sit vaksinasyon an pou asire ke yo ap vaksinen timoun ak sou pwosedi konsantman sit la yo.
Tès Dyagnostik/Antikò yo pa Obligatwa Avan Vaksinasyon
Ou pa bezwen fè tès pou enfeksyon COVID-19 oswa pou tès antikò avan ou pran vaksen.
Yo rekòmande vaksinasyon pou moun ki te genyen COVID-19 avan sa menm si yo teste pozitif pou antikò yo. Li posib pou ou gen COVID-19 ankò, epi vaksinasyon ranfòse iminite natirèl ou a.
Okenn Peman oswa Nimewo Sekirite Sosyal pou Vaksinasyon
Vaksinasyon an gratis pou tout moun. Yo pap chaje ou, menm si ou pa genyen asirans sante. Si ou genyen asirans, pote kat asirans ou a. Pwofesyonèl vaksinasyon an gendwa voye fakti bay asirans ou; sepandan, yo pa pral chaje ou yon kopeman oswa nenpòt lòt frè. Ou pap bezwen bay nimewo sekirite sosyal ou pou pran vaksen an.
Pèsòn pa dwe chaje ou yon frè oswa mande pou enfòmasyon sou kat kredi ou oswa nimewo sekirite sosyal ou. Si yo fè sa, gen chans pou se yon eskwokri oswa fwod, epi ou ta dwe ale yon lòt kote pou vaksinasyon.
Rapòte fwod oswa abi yo anliy nan Pwokirè Jeneral NYS (chwazi "File a Complaint" [Depoze yon Plent]). Ou kapab rele tou 833-829-7226 oswa voye yon imèl bay stopvaxfraud@health.ny.gov.
Sitiyasyon Imigrasyon Pa Gen Enpòtans
Vaksen COVID-19 yo disponib pou moun nan tout sitiyasyon imigrasyon. Yo pap mande ou sitiyasyon imigrasyon ou nan sit vaksinasyon an.
Pran vaksen an pa pral afekte aplikasyon imigrasyon oumenm oswa fanmi ou negativman.
Prèv pou Elijibilite
Ou dwe ranpli Fòmilè pou Vaksen kont COVID-19 Eta New York avan ou pran vaksen an. Yon paran oswa yon responsab legal kapab ede yon minè ranpli fòmilè a.
Ou pral bezwen tou pote prèv laj, ki ka gen ladan:
Si yon minè pa genyen prèv pou laj, paran oswa responsab legal li kapab ateste prèv pou laj li nan sit vaksinasyon.
Enfòmasyon Medikal ak Pèsonèl Pwoteje
Enfòmasyon pèsonèl ou a estrikteman pwoteje. Yo pap kolekte oswa pataje nimewo sekirite sosyal ou a, ni sitiyasyon imigrasyon ou. Yo egzije idantifikasyon an sèlman pou prèv laj.
Yo pral pataje enfòmasyon debaz sou ou (tankou non, adrès, nimewo telefòn, dat nesans, ras ak etnisite, dat vaksinasyon, ak vaksen ou te resevwa) yo avèk Depatman Sante a jan lalwa egzije sa. Gen lwa ki an vigè pou asire ke enfòmasyon ou yo rete konfidansyèl.
Yo egzije Depatman Sante a voye done vaksinasyon yo bay CDC a. Yo ap pataje sèlman dat nesans, Kòd postal, ras, etnisite ak sèks yon moun avèk CDC a. Nou pa pral pataje okenn enfòmasyon ki idantifye yon moun, gen ladan non ou.
Prepare pou Vizit Vaksinasyon Ou
Pa gen anyen espesyal ou bezwen fè avan ou pran vaksen. Repwograme randevou ou si yo te dyagnostike ou avèk COVID-19, si ou genyen sentòm COVID-19 yo, oswa si ou te ekspoze ak yon moun ki gen COVID-19, nan 10 dènye jou yo.
Sonje mete yon mask epi pote:
Pran Dezyèm Dòz la
Vaksen Pfizer ak vaksen Moderna yo pral egzije de (2) dòz. Toude dòz yo ta dwe nan menm vaksen an. Si ou resevwa vaksen Pfizer a, ou ta dwe pran yon dezyèm dòz vaksen Pfizer 21 apre premye dòz ou a. Si ou resevwa vaksen Moderna a, ou ta dwe pran yon dezyèm dòz vaksen Moderna a 28 jou apre premye dòz ou a.
Si ou pa kapab pran dezyèm dòz Pfizer oswa Moderna a pandan entèval yo rekòmande a, pran li osito posib apre. Kèlkeswa tan ki te pase a, ou ta dwe toujou pran dezyèm dòz piki a. Ou pa ta dwe pran dezyèm dòz la pi bonè pase jan yo rekòmande a.
Vaksen Johnson & Johnson lan egzije yon sèl dòz.
Twazyèm Dòz ak Piki Rapèl yo
Moun sa yo elijib kounye a pou yon piki rapèl nan vaksen Pfizer a, si yo te resevwa de (2) dòz vaksen Pfizer a nan omwen si mwa pase yo:
Ou pral kapab pran yon piki rapèl Pfizer si ou te resevwa yon dezyèm dòz Pfizer depi omwen sis mwa. Pa gen okenn eksepsyon pou restriksyon sa a.
Piki sa a vize ede anpil moun ranfòse iminite yo apati seri vaksinasyon inisyal yo, ki gendwa diminye pandan jou yo ap pase.
Apa piki rapèl yo, kèk moun ki iminodeprime (sa vle di yo gen yon sistèm iminitè ki afebli) yon fason modere rive grav ta dwe resevwa twa dòz nan vaksen kont COVID-19 Pfizer oswa Moderna a, olye rejim de (2) dòz regilye a.
Egzanp pwoblèm ak tretman yo gen ladan:
Sa se pa yon lis ki konplè. Si ou genyen youn nan pwoblèm sa yo oswa ou ap pran medikaman ki afebli sistèm iminitè ou, diskite avèk doktè ou si wi oswa non ou ta dwe pran yon twazyèm dòz.
Kat Vaksinasyon
Apre ou resevwa premye dòz ou a, ou pral resevwa yon kat avèk non ou, dat nesans, vaksen ou te resevwa a, ak kote ak dat ou te resevwa li. Kat vaksinasyon ou a se yon dosye medikal enpòtan. Kenbe li nan yon kote ki an sekirite epi fè yon kopi oswa pran yon foto jis pou sizoka ou pèdi li.
Pote kat vaksinasyon ou avèk ou lè ou ale pou yon dezyèm piki vaksen Pfizer oswa Moderna a, oswa pou yon twazyèm dòz oswa piki rapèl. Si ou bliye pote kat la oswa ou pèdi li, pwofesyonèl vaksen an kapab chèche non ou pou verifye dòz (yo) ou te pran avan an.
Si ou pèdi kat ou a, pwofesyonèl swen sante ou kapab jwenn ak enprime prèv vaksinasyon nan "Citywide Immunization Registry" (Rejis Iminizasyon Tout Vil la). Rejis la genyen dosye moun ki pran vaksen nan NYC, ak kèk dosye rezidan NYC ki vaksinen andeyò vil la.
Ou kapab gen aksè ak pwòp dosye vaksinasyon ou a (ak dosye timoun minè ou yo) nan "My Vaccine Record" (Dosye Vaksen Mwen).
Efè Segondè ki Genyen Souvan yo
Gen anpil moun ki rapòte efè segondè, ki se siy nòmal ki montre kò ou ap devlope pwoteksyon. Efè segondè komen yo gen ladan doulè oswa enflamasyon sou bra a kote ou te resevwa piki a, maltèt, doulè nan kò, fatig ak lafyèv. Pou vaksen Pfizer ak vaksen Moderna a, pran dezyèm piki a menm si ou genyen efè segondè apre premye piki a, sòf si pwofesyonèl swen sante ou di ou pa fè sa.
Efè segondè yo:
Jere Efè Segondè yo
Pou redwi doulè oswa enflamasyon nan sit enjeksyon an, mete yon moso twal pwòp, fre, mouye sou kote a. Rele pwofesyonèl swen sante ou a si:
Ou kapab pale tou ak pwofesyonèl swen ou pou konnen si wi oswa non ou kapab pran yon medikaman san preskripsyon apre vaksinasyon an pou soulaje doulè oswa malèz, tankou asetaminofèn (Tylenol) oswa ibipwofèn (Advil).
Rapòte Efè Segondè yo
Li itil pou rapòte efè segondè yo dekwa pou ekspè sante piblik yo kapab siveye efè vaksen yo. Pou ranpli verifikasyon sentòm sante yo ak rapòte efè segondè yo, ou kapab enskri nan zouti pou telefòn entèlijan v-safe CDC a apre vaksinasyon. Ou kapab rapòte efè segondè yo anliy bay Sistèm pou Rapòte Evènman Advès sou Vaksen (Vaccine Adverse Event Reporting System, VAERS) CDC ak FDA a oswa rele 800-822-7967.
Efè Segondè Grav
CDC a te idantifye twa efè segondè grav apre vaksinasyon kont COVID-19. Yo tout ra anpil. CDC a ak lòt ekspè yo kontinye rekòmande vaksinasyon kont COVID-19 pou tout moun ki gen laj 5 ane ak plis. Genyen yon risk tou piti pou efè segondè sa yo ak yon pi gwo risk pou maladi grav akòz COVID-19.
Reyaksyon Alèjik yo
Reyaksyon alèjik grav akòz vaksen yo ra.
Yo obsève chak moun pandan omwen 15 minit apre piki a pa prekosyon. Yo obsève moun ki gen yon istwa reyaksyon alèjik grav (tankou anafilaksi) pandan 30 minit.
Reyaksyon alèjik grav yo jeneralman kòmanse kèk minit jiska inèdtan apre piki a.
Siy yon reyaksyon alèjik grav kapab gen ladan:
Si ou panse ou genyen yon reyaksyon alèjik grav, rele 911 oswa ale nan lopital ki pi pre ou a.
Rezilta Tès Antikò COVID-19 yo
Tès antikò ki disponib aktyèlman yo pa kapab teste pou iminite pou COVID-19. Yo pa ta dwe itilize yo apre vaksinasyon kont COVID-19 ou wè si yon moun te devlope iminite pou COVID-19.
Pwogrè Vaksen yo
Vaksen yo trè efikas nan anpeche enfeksyon COVID-19. Pifò moun ki vaksinen yo pa pral pran COVID-19, men okenn vaksen pa 100% efikas. Yon ti pousantaj tou piti nan moun ki vaksinen konplètman pral vini enfekte ak tonbe malad. Yo rele sa yon enfeksyon pwogrè. Pou moun sa yo, vaksen an toujou bay pwoteksyon kont maladi grav ak lanmò. Moun ki pa vaksinen yo gen plis chans pou pran COVID-19 epi yo anba plis risk pou maladi grav.
Nenpòt moun ki enfekte avèk varyant delta a kapab pwopaje viris la bay lòt moun yo, menm si yo vaksinen oswa yo pa vaksinen. Varyant delta a pi plis kontajye anpil pase viris orijinal la. Pour rezon sa a, menm moun ki konplètman vaksinen bezwen kontinye pran lòt prekosyon pou COVID-19 yo.
Itilize Mask pou Figi ak lòt Prekosyon pou COVID-19 yo
Apre ou fin vaksinen konplètman, ou kapab fè anpil aktivite san ou pa pote yon mask oswa kenbe distans fizik. Aktivite deyò yo jeneralman plis san danje.
Ou ta dwe toujou pote mask ou nan tout anviwònman piblik andedan yo, ak nan nenpòt anviwònman kote ou pa konnen sitiyasyon vaksinasyon moun ki antoure ou yo. Epitou, ou dwe swiv egzijans pou mask yo nan nenpòt kote ou ale, tankou yon biznis, lekòl, transpò piblik oswa nan kote ou ap travay la.
Si ou gen yon pwoblèm oswa si ou ap pran medikaman ki afebli sistèm iminitè ou, ou gen dwa pa fin pwoteje nèt menm si ou te pran vaksen an. Pale avèk doktè ou avan ou sispann pran prekosyon yo.
Ou pa bezwen fè tès regilyèman ankò pou COVID-19 yon fwa ou vaksinen konplètman. Sepandan, tout moun ki gen sentòm COVID-19 yo ta dwe fè tès, rete lakay ou epi separe tèt ou ak lòt moun yo. Sa gen ladan moun ki pran vaksen.
Moun ki vaksinen konplètman ta dwe fè tès si yo genyen kontak avèk yon moun ki genyen COVID-19, oswa apre yo retounen soti nan vwayaj entènasyonal.
Aprann plis sou avantaj vaksinasyon ak prekosyon ou ta dwe kontinye pran yo:
Esè klinik yo
Vaksen kont COVID-19 ki disponib nan Etazini yo te revele yo efikas atravè esè klinik yo. Esè sa yo te enplike tès vaksen an sou plizyè dizèn milye volontè. FDA a ak lòt òganizasyon yo te siveye pwosesis la deprè.
Pou asire sekirite vaksen yo:
Kontwòl Sekirite San Rete
Gen anpil sistèm kontwòl sekirite an vigè pou ede asire ke yo idantifye ak ankete sou nenpòt kesyon sekirite vaksen an. Sa yo gen ladan:
Se pa tout rapò sou evènman advès yo ki vle di genyen yon pwoblèmn sou sekirite vaksen yo. VAERS detekte seri evènman sante, yo rele yo tou siyal sekirite. Si VAERS jwenn yon siyal sekirite, ekspè yo kapab wè si gen koneksyon ant evènman sante yo ak yon vaksen. VAERS kenbe tout rapò yo soumèt yo, kèlkeswa chans ki genyen pou evènman yo gen rapò ak vaksen an. Yo pa itilize rapò VAERS yo sèlman pou jije sekirite yon vaksen.
Sekirite Alontèm
Efè Segondè grav nan vaksen yo parèt nòmalman nan kèk jou, epi prèske nan yon peryòd de (2) mwa. Reyaksyon yo apre sa pa gen anpil chans.
Yo te siveye patisipan nan efè klinik yo pandan plis pase de (2) mwa epi yo kontinye ap siveye yo. Epitou, plizyè milyon moun te resewa vaksen yo, gen plis pase de (2) mwa de sa. Yo pa te idantifye okenn efè negatif alontèm.
Fètilite
Deklarasyon yo ki fè rapò ant vaksen kont COVID-19 ak pwoblèm fètilite pa gen ankenn baz epi pa gen prèv syantifik ki kore yo. CDC a di ke li san danje pou moun ki vle genyen yon timoun pran yon vaksen kont COVID-19 epi li rekòmande yo pran vaksen.
Vaksen yo Pa Kapab Lakòz COVID-19
Okenn nan vaksen ki disponib Ozetazini yo pa genyen viris la ki lakòz COVID-19. Li enposib pou moun pran COVID-19 nan vaksen yo.
Vaksen yo Pa Kapab Chanje ADN Ou
Vaksen kont COVID-19 yo bay nan Etazini yo genyen materyèl jenetik ki di selil kò a pou li kòmanse devlope pwoteksyon kont viris la. Men materyèl la pa janm entèraji ak ADN ou. Sa vle materyèl jenetik ki nan vaksen yo pa kapab gen ankenn konsekans sou ADN ou.
Fason Vaksen Pfizer ak Vaksen Moderna Fonksyone
Ni Vaksen Pfizer ak vaksen Moderna a se vaksen Asid Ribonikleyik mesaje (messenger mRNA). mRNA se yon molekil ki genyen pwogram lan pou fè pwoteyin yo. Sa yo se premye vaksen mRNA ki disponib, men yo tap etidye teknoloji a pandan plis pase 30 ane.
Men fason vaksen mRNA yo fonksyone:
mRNA sanble ak imèl yo voye bay kò ou avèk enstriksyon sou fason pou idantifye ak detwi viris la. Kò ou itilize enstriksyon sa yo epi li efase answit imèl la konplètman.
Fason Vaksen Johnson & Johnson lan Mache
Vaksen Johnson & Johnson lan se yon vaksen vektè adenoviris. Johnson & Johnson tap fè rechvch sou vaksen vektè adenoviris pou lòt enfeksyon yo pandan plizyè deseni. Vaksen kont Ebola konpayi a se yon vaksen vektè adenoviris tou epi yo deja ap itilize li.
Vaksen Johnson & Johnson lan mache menm jan ak vaksen mRNA Pfizer ak Moderna a. Sepandan, li itilize yon tip mesaje diferan pou livre enstriksyon pou pwovoke yon respons iminitè. Syantifik yo te pran yon jèn ki soti nan viris la ki lakòz COVID-19 epi yo mete jèn lan nan yon adenoviris. Adenoviris la yo te itilize nan vaksen sa a se li ki lakòz grip ki komen an, men yo te modifye viris la dekwa pou li pa kapab miltiplye nan moun oswa lakòz enfeksyon.
Men fason vaksen Johnson & Johnson lan mache:
Engredyan Vaksen yo
Vaksen Pfizer ak vaksen Moderna a genyen tip engredyan sa yo:
Vaksen Johnson & Johnson lan genyen tip engredyan sa yo:
Vaksen yo pa genyen:
Konsilte yon lis konplè pou vaksen Pfizer a (PDF), the vaksen Moderna a (PDF), ak ak vaksen Johnson & Johnson lan.
Iminite Kolektiv
Iminite kolektiv se lè ase moun nan yon popilasyon genyen iminite (pwoteksyon) kont yon maladi kontajye ke maladi a pa gen chans pou li pwopaje. Kòm rezilta, menm moun ki pa pran vaksen an anba risk ki fèb pou enfeksyon. Pousantaj nan popilasyon an ki bezwen genyen iminite pou atenn iminite kolektiv la diferan pou maladi ki diferan yo.
Toujou gen transmisyon COVID-19 nan Vil New York ak lòt kote. Ekspè yo dakò ke nou poko atenn iminite kolektif. Tout moun ki kalifye dwe pran vaksen an pou pwoteje tèt yo ak lòt moun.
Nouvo Varyant/Souch Viris la
Li nòmal pou yon viris mite (chanje) pandan tan an ap pase pou nouvo varyant rive. Yo te idantifye plizyè varyant viris la ki lakòz COVID-19. Kèk nan vayant sa yo pwopaje pi fasilman ak pi rapidman pase lòt yo epi yo gendwa lakòz plis maladi grav. Sa gendwa mennen nan plis ka COVID-19, pasyan ki entène ak mouri. Prezans varyant sa yo fè li menm pi enpòtan ankò pou moun pran vaksen.
Touletwa vaksen yo pwoteje kont varyant ki genyen kounye a, sa gen ladan varyant delta a. Vaksen yo redwi risk pou moun atrape COVID-19 la epi yo toujou trè efikas nan pwoteje moun kont maladi grav, ospitalizasyon, ak lanmò anba varyant aktyèl yo.
Alèji yo
Ou kapab pran vaksen an si ou genyen yon istwa reyaksyon alèjik ak manje (gen ladan ze), antibyotik yo oswa lòt medikaman ke ou pran nan bouch, eskwam bèt, venen, akaryen yo, polèn, imidite, lafimen sigarèt, oswa latèks. Ou kapab pran vaksen tou si ou genyen yon istwa fanmi nan reyakson alèjik.
Pale ak pwofesyonèl swen sante ou avan ou pran vaksen an si ou janm te genyen reyaksyon alèjik grav oswa touswit ak:
Ou Malad Aktyèlman avèk COVID-19
Si ou te teste resaman pozitif pou COVID-19 oswa si ou genyen sentòm COVID-19 yo, ou ta dwe tann pou ou pran vaksen an jiskaske ou fini izòlman an pou evite ekspoze lòt moun ak COVID-19.
Sa vle di ou pa ta dwe pran vaksen an jiskaske tout sa ki annapre yo vrè:
Si ou genyen COVID-19 ant premye ak dezyèm dòz nan vaksen Pfizer oswa Moderna a, ou ta dwe toujou pran dezyèm dòz ou a apre peryòd izòlman an te fini. Li enpòtan pou ou pran dezyèm dòz la, menm si ou te genyen COVID-19.
Ou te Malad Avan sa avèk COVID-19
CDC a ak lòt ekspè yo rekòmande moun pran vaksen an menm si yo te deja genyen COVID-19. Pran vaksen an se yon fason san danje pou ede ranfòse sistèm iminitè ou ak redwi chans ou pou atrape COVID-19 ankò. Yob vaksen gendwa ba ou tou pi bon pwoteksyon kont nouvo varyant ki pi kontajye viris la, tankou varyant delta a.
Pa gen okenn prèv ke dèske yon moun te genyen COVID-19 pral lakòz moun sa a genyen move reyaksyon ak vaksen yo.
Tretman Antikò Monoklonal
Tretman Antikò Monoklonal se yon tip tretman yon doktè preskri pou moun ki te teste pozitif pou COVID-19.
Si ou te genyen tretman antikò monoklonal, ou ta dwe tann 90 jou apre tretman an pou pran vaksen.
Si ou te vaksinen epi apre sa ou te devlope COVID-19, ou kapab toujou pran tretman antikò monoklonal si ou elijib otreman.
Ekspozisyon Resan ak COVID-19
Si ou te resaman nan kontak pwòch avèk yon moun ki genyen COVID-19 (nan 6 pye pandan omwen 10 minit pandan yon peryòd 24 èdtan), ou ta dwe tann pou ou pran vaksen an jiskaske ou te fè karantèn pandan 10 jou depi ou te ekspoze dènye fwa a.
Si ou ekspoze ak yon moun ki gen COVID-19 ant premye ak dezyèm dòz ou a nan vaksen Pfizer oswa Moderna a, ou ta dwe toujou pran dezyèm dòz ou a. Repwograme pou pran dezyèm dòz ou a si li tonbe nan peryòd karantèn lan. Ou ta dwe pran dezyèm dòz ou pi bonè posib apre sa.
Lòt Vaksinasyon yo
Ou kapb pran vaksen kont COVID-19 ou a avan, apre oswa nan menm moman ou resevwa nenpòt lòt vaken. Tout moun ta dwe pran yon piki kont grip (avan oswa pandan sezon grip la) ak yon vaksen kont COVID-19.
Moun ki ap vini Etazini soti nan lòt peyi yo gendwa vaksinen pasyèlman oswa konplètman ak vaksen ki pa Pfizer, Moderna oswa Johnson & Johnson. Yo pral konsidere yo konplètman vaksinen si yo te resevwa tout dòz nan yon vaksen ki otorize pou itilizasyon ijans pa Òganizasyon Mondyal Lasante (World Health Organization, WHO).
Si ou te resevwa tout dòz yo rekòmande nan vaksen kont COVID-19 ke WHO mete nan lis pou itilizasyon ijans yo, ou pa bezwen okenn dòz anplis nan yon vaksen kont COVID-19 ke FDA a otorize oswa apwouve.
Si ou pa te resevwa tout dòz yo rekòmande nan yon vaksen kont COVID-19 ke WHO mete nan lis pou itilizasyon ijans, ou kapab pran yon seri konplè nan vaksen kont COVID-19 ke FDA a otorize oswa apwouve. Ou dwe tann omwen 28 jou apre dènye dòz ou a nan lòt vaksen kont COVID-19 la.
Si ou te resevwa tout oswa kèk nan dòz ki rekòmande nan yon vaksen kont COVID-19 ki pa nan lis ke WHO mete pou itilizasyon ijans yo, ou kapab pran yon seri konplè nan vaksen kont COVID-19 ke FDA a otorize oswa apwouve. Ou dwe tann omwen 28 jou apre dènye dòz ou a nan lòt vaksen kont COVID-19 la.
Pale ak pwofesyonèl ou si ou gen kesyon.
Ansent oswa ap Bay Tete
CDC a, Inivèsite Ameriken pou Obstetrisyen ak Jinekològ (American College of Obstetricians and Gynecologists, ACOG) ak Sosyete pou Medsin Tibebe nan Vant Manman (Society for Maternal-Fetal Medicine, SMFM), rekòmande anpil pou tout moun ki ansent oswa ki ap bay tete pran vaksen kont COVID-19. Rekòmandasyon sa a baze sou prèv ki disponib sou sekirite vaksen pou moun ki ansent ak moun ki ap bay tete yo ak risk pou yo pran COVID-19. Sa gen ladan risk anplis pou varyant delta nan viris la ki pi kontajye epi ki pi danjere a. Done preliminè ki soti nan sistèm kontwòl siveyans yo pa te montre okenn enkyetid pou sekirite nan vaksen yo pou moun ki ansent yo oswa pou tibebe yo a.
Moun ki ansent oswa ki ap bay tete yo kapab pran vaksen nan nenpòt anviwònman, tankou sit vaksinasyon Vil la ap jere yo, famasi oswa klinik doktè yo a. Pa gen okenn rekòmandasyon pou tès gwosès avan ou resevwa yon vaksen kont COVID-19.
Sik Manstriyèl
Anpil faktè, tankou estrès ak chanjman nan somèy, rejim alimantè, anviwònman ak mòd lavi, sa ki komen pandan pandemi COVID-19 la, kapab lakòz chanjman nan sik manstriyèl. Yo pral fè plis rechèch pou wè si genyen yon lyen ant vaksinasyon kont COVID-19 ak chanjman manstriyèl tanporè. Sepandan, ekspè yo dakò ke ou pa bezwen planifye pou pran vaksen an deyò sik manstriyèl ou epi yo kapab bay vaksen an antout sekirite pandan ou gen manstriyasyon ou.
Mamogram yo
Si ou dwe fè yon mamogram epi resaman ou te pran vaksen kont COVID-19, mande doktè ou konbyen tan ou ta dwe tann apre vaksinasyon an pou ou fè mamogram ou an.
Vaksen kont COVID-19 kapab lakòz enflamasyon nan gangliyon lenfatik yo ki anba zèsèl ou toupre pozisyon enjeksyon an. Enflamasyon sa a se yon siy nòmal ki montre ke kò ou ap bati pwoteksyon kont COVID-19, men li kapab lakòz yon movèz lekti nan yon mamogram. Kèk ekspè te rekòmande pou ou fè mamogram ou an avan ou pran vaksen an oswa retade yon mamogram regilye jiska kat rive sis semèn apre ou te pran vaksen ou a. Pale ak pwofesyonèl ou si ou gen kesyon.
Moun ki Iminodeprime yo
CDC a rekòmande pou moun ki gen pwoblèm iminodeprime yo pran vaksen.
Moun ki iminodeprime yo anba risk anplis pou maladi COVID-19 grav. Vaksen ki disponib nan Etazini yo pa genyen viris vivan an epi yo kapab bay yo ak moun ki iminodeprime yo an tout sekirite. Sa gen ladan moun ki gen VIH yo oswa lòt pwoblèm ki ka konpwomèt sistèm iminitè yo ak moun ki ap pran medikaman ki afebli sistèm iminitè yo a.
Yo yo rekòmande yon twazyèm dòz vaksen pou moun ki iminodeprime yon fason modere rive grav yo (PDF) epi ki te resevwa vaksen Pfizer a oswa Moderna.
Si ou gen yon pwoblèm oswa si ou ap pran medikaman ki afebli sistèm iminitè ou, ou gen dwa pa fin pwoteje nèt menm si ou te pran vaksen an. Pale ak pwofesyonèl swen sante ou avan ou sipann pran prekosyon yo, tankou pote yon mask ak kenbe distans fizik.
Sendwòm Guillain-Barré
Genyen yon ti ris tou piti pou sendwòm Guillain-Barré Syndrome (GBS) apre moun fin resevwa vaksen Johnson & Johnson. Yo pa te obsève risk sa a avèk vaksen Pfizer a ak vaksen Moderna a kont COVID-19 la.
Moun ki gen yon istwa GBS kapab resevwa nenpòt nan vaksen kont COVID-19 FDA a otorize oswa apwouve epi yo kapab diskite avèk pwofesyonèl swen sante yo a lè yo ap chwazi yon vaksen.
Paralizi Bell la (Bell's Palsy)
Moun ki te genyen paralizi Bell la (paralizi nan figi) gendwa resevwa nenpòt nan vaksen FDA a otorize oswa apwouve yo.
Yo te rapòte yon ti kantite nan ka paralizi Bell la apre vaksinasyon esè klinik vaksen kont COVID-19 yo. Sepandan, FDA a pa konsidere ke ka sa yo plis pase pousantaj yo prevwa nan popilasyon jeneral la. Yo pa te konkli ke se vaksinasyon ki te lakòz ka sa yo. CDC a ak lòt ekspè yo kontinye siveye deprè done sou sekirite yo epi li pral ankete si yo te idantifye yon potansyèl kesyon sekirite.
Moun ki gen Ranplisaj Dèmik yo
Pafwa, moun ki te resevwa ranplisaj dèmik yo te eksperimante enflamasyon nan oswa toupre sit enjeksyon ranplisaj la (jeneralman figi oswa po bouch yo) apre yo resevwa vaksen Pfizer oswa Moderna a. Yo pa te wè sa nan moun ki te resevwa vaksen Johnson & Johnson lan. Enflamasyon an parèt tanporè epi sa rezoud avèk tretman medikal, gen ladan terapi kòtikostewoyid.
Moun ki te resevwa ranplisaj tèmik enjektab yo kapab resevwa vaksen FDA a otorize oswa apwouve yo. Yo ta dwe kontakte pwofesyonèl swen sante yo pou evalyasyon si yo eksperimante enflamasyon nan oswa toupre yon sit ranplisaj tèmik apre vaksinasyon.
Lòt Pwoblèm Medikal ak Medikaman yo
Plizyè pwoblèm medikal mente moun anba risk anplis pou maladi grav si yo pran COVID-19, sa ki rann li pi enpòtan ankò pou yo pran yon vaksen kont COVID-19. Anpil moun ki te patisipe nan esè klinik yo te gen pwoblèm sante kwonik, epi vaksen an te san danje ak efikas pou yo. Plizyè milyon moun nan gran piblik la ki gen pwoblèm sante ki kache te pran vasken. Moun ki gen nenpòt pwoblèm medikal ki kache kapab pran vaksen an, sòf si yo te gen kèk reyaksyon alèjik ak vaksen kont COVID-19 la oswa engredyan li yo.
Epitou, moun pa bezwen sispann pran okenn tip medikaman preskripsyon lè yo resevwa yon vaksinasyon kont COVID-19.
Si ou genyen enkyetid sou yon pwofesyonèl medikal ki kache oswa medikaman, diskite sou vaksinasyon an avèk pwofesyonèl swen sante ou.
Devlopman ak Tès
Vaksen kont COVID-19 yo te swiv menm etap devlopman avèk lòt vaksen yo: Yo te devlope ak teste yo nan yon laboratwa epi answit atravè esè klinik yo ke FDA te siveye deprè.
Esè klinik yo enplike tès vaksen an sou moun pou wè si li san danje epi si li efikas. Yo te teste chak vaksen kont COVID-19 yo sou plizyè dizèn milye moun ki gen sèk, laj, ras ak etnisite diferan ki te bay tèt yo volontèman pou yo fè pati esè klinik yo.
Otorizasyon pou Itilizasyon Dijans
Nan yon ijans, FDA a gendwa pèmèt yo itilize vaksen, ansanm ak tretman lè li akòde yon Otorizasyon Itilizasyon Ijans (Emergency Use Authorization, EUA). Yo te akòde EUA pou vaksen Pfizer, vaksen Moderna ak vasken Johnson & Johnson lan.
Tout vaksen yo te akòde EUA a dwe pase nan menm esè klinik ak lòt vaksen yo. FDA a gendwa akòde yon EUA sèlman si prèv yo sijere avèk fòs ke avantaj pran vaksen an depase nenpòt risk pou pasyan yo.
Omologasyon
FDA a prevwa ke fabrikan ke yo otorize vaksen COVID-19 yo a anba yon EUA ap kontinye esè klinik yo dekwa pou yo jwenn enfòmasyon sou sekirite ak efikasite anplis pou yon peryòd ki pi long. epi pou yo aplike pou apwobasyon (omologasyon).
Vaksen Pfizer a te resevwa kounye omologasyon pou moun ki gen laj 16 ane ak plis (ke yo komèsyalize anba non Cominarty). Itilizasyon vaksen vaksen lakay moun ki gen laj 5 rive 15 ane toujou anba EUA a.
Moderna te aplike pou omologasyon epi Johnson & Johnson, ki te vini disponib apre, toujou ap kolekte done anplis.