[ View information about COVID-19 in English ]
Vaksen yo se yon zouti enpòtan nan prevansyon COVID-19.
Menm apre ou pran vaksen an, ou pral toujou bezwen pratike mezi enpòtan sa yo pou prevansyon COVID-19: rete lakay ou si ou malad, lave men ou, pote yon kouvèti pou figi epi kontinye kenbe distans ak lòt moun yo.
Vaksen kont COVID-19 la disponib pou kèk gwoup nan NYC gen ladan moun ki gen 65 ane oswa plis yo, pèsonèl swen sante ak travayè esansyèl yo.
Aprann ki gwoup ki elijib aktyèlman pou vaksen an, epi ki gwoup ki gendwa elijib apre sa.
Lè ou pwograme randevou vaksen ou an, ou dwe sètifye ou genyen yon pwoblèm ki kache ki fè ou elijib. Ou pap bezwen yon lèt doktè oswa yon lòt prèv sou kondisyon ou pou pran yon vaksen nan NYC. Yo gendwa pa egzije ou sètifye kondisyon ou si ou pran vaksen an nan men pwofesyonèl swen sante regilye ou.
Moun ki elijib baze sou travay yo dwe sètifye ke travay yo a egzije yo genyen kontak an pèsòn avèk manm piblik la oswa kòlèg travay yo, oswa ke yo pa kapab travay adistans. Yo dwe genyen tou prèv yo ap travav oswa ap viv nan Eta New York. Prèv travay oswa anplwa gendwa gen ladan youn nan sa ki annapre yo:
Kèk sit vaksinasyon gendwa egzije tou prèv rezidans NYC oswa rezidans nan kèk Kòd postal.
Yo pa pral itilize dokiman sa yo kòm prèv legal pou sitiyasyon anplwa ou, epi moun ki ap travay nan sit vaksinasyon yo pa pral kolekte yo oswa fè kopi yo. Sèl objektif yo se konfime elijibilite ou ou pou vaksinasyon.
Si ou elijib pou yon vaksen baze sou laj ou, ou dwe montre prèv pou laj ak prèv rezidans New York.
Prèv pou laj gendwa gen ladan:
Prèv rezidans lan gendwa gen ladan oswa:
Ou pral bezwen ranpli Fòmilè NYS pou Vaksen kont COVID-19 la dekwa pou ou ka pran vaksen an. NYS egzije pwofesyonèl ki ap administre vaksen an pou li verifye ke ou te ranpli fòmilè lan.
Avan ou vizite yon sit pou vaksinasyon an, kenbe nan lespri ou konsèy sa yo:
Avan ou pran vaksinasyon an, aprann plis sou pwoteksyon lavi prive ou, dwa pasyan yo ak otorizasyon vaksen an:
Apre ou resevwa premye dòz ou a, ou pral resevwa yon kat avèk non ou, dat nesans, vaksen ou te resevwa a, ak kote ak dat ou te resevwa li. Kenbe li nan yon kote ki an sekirite epi fè yon kopi oswa pran yon foto jis pou sizoka ou pèdi li.
Pote kat ou a avèk ou lè ou ale pou dezyèm piki ou a.
Aprann enfòmasyon enpòtan pou apre ou pran vaksen an, gen ladan konsèy pou avan ou kite sit vaksinasyon an ak sa pou ou fè si ou santi efè segondè yo:
Depatman Sante a pral asire ke genyen yon aksè ki jis epi ekitab pou vaksen an. Plan nou yo pran an kont inegalite ak diferans nan sante ke kominote defavorize yo ap fè fas (PDF). Nou pral asire nou ke kominote ki frape pi di anba pandemi an genyen aksè ak vaksen an.
Gade
Telechaje/Li
Vizite