Human Resources Administration311Search all NYC.gov websites

Haitian-Creole

Kreyòl Ayisyen

Administrasyon Resous Imèn (Human Resources Administration, HRA) ede plis pase 3 milyon rezidan New York. HRA bay sèvis entèpretasyon gratis nan plis pase 200 lang nan tout sit san randevou yo ak sou telefòn, epi li bay dokiman nan plizyè diferan lang. Anpil sèvis HRA disponib kèlkeswa sitiyasyon ou ak imigrasyon epi paran ki pa kalifye yo ka aplike nan non pitit yo.


Fason pou Aplike pou Avantaj

Moun ak fanmi ki kalifye yo kapab aplike pou avantaj nan Sant Travay nou yo.

SNAP (Èd ak Manje)

Pwogram Èd Siplemantè Asistans (Supplemental Nutrition Assistance Program, SNAP), yo te konn rele anvan koupon pou achte manje pou Rezidan New York ki gen revni fèb yo.

Sèvis Sipò Timoun

Biwo Sèvis Sipò Timoun (Office of Child Support Services, OCSS) HRA a sèvi paran ak responsab legal yo, kèlkeswa sitiyasyon yo ak imigrasyon.

Nenpòt manman, papa, oswa responsab legal k ap pran swen yon timoun ka ale nan biwo OCSS yo ki nan nan chak Tribinal ki Okipe Zafè Fanmi pou aplike pou sèvis sipò timoun.

Pwogram sipò timoun nan ofri yon seri sèvis ki gen anpil valè pou paran ki p ap viv ak timoun yo tou.

Pou w jwenn èd fas-a-fas, ale nan biwo Tribinal ki Okipe Zafè Fanmi OCSS la oswa Sèvis Kliyan Sant San Randevou OCSS la nan 151 West Broadway nan ba Manhattan.

Swen sante

Ou ka aplike pou Medicaid nan HRA si ou gen 65 kan oswa plis, w ap viv ak yon andikap oswa pwoblèm pou wè, resevwa Medicare epi ou pa yon paran oswa moun k ap pran swen timoun minè. Si nenpòt nan kategori sa yo aplike pou ou, rele Nimewo Èd HRA a nan 1-888-692-6116 oswa ale nan youn nan Biwo Pwogram Èd Medikal nou yo. Si ou vle yon moun pou ede ou aplike oswa renouvle Medicaid ou, oswa pou w jwenn èd pou peye pou depans Medicare, rele 347-396-4705 pou pran yon randevou ak yon moun ki pral enskri ou. Pou tout lòt asirans sante, ale sou sitwèb NY State of Health.

Sèvis Swen nan Kay

Pwogram Swen nan Kay yo se pwogram swen alontèm Medicaid finanse pou ede moun aje oswa moun ki andikape ki kalifye rete lakay yo san danje, tan pou yo ale nan yon mezon retrèt. Pwogram Swen Alontèm Medicaid yo ofri swen nan kay ak lòt sèvis, men yo tout bezwen pou ou kalifye pou Medicaid.

Biwo Sèvis Espesyal HRA a sipèvize Pwogram Sèvis Swen nan Kay (Home Care Services Program, HCSP). Pwogram Sèvis Swen nan Kay HRA a ka detèmine kalifikasyon pou Medicaid pou tout kliyan pwogram Swen Alontèm Medicaid yo. Pou jwenn èd, tanpri rele Liy Enfòmasyon a nan 718-557-1399, jwenn enfòmasyon sou sitwèb Pwogram Sèvis Swen nan Kay Alontèm HRA oswa biwo Swen nan Kay lokal biwo CASA Office ou a.

Sèvis pou VIH/SIDA

Misyon Administrasyon Sèvis VIH/SIDA (HIV/AIDS Services Administration’s, HASA) se bay aksè nan avantaj ak sèvis sosyal esansyèl, ki gen ladan jesyon dosye, bay moun ki kalifye k ap viv ak SIDA oswa VIH ak fanmi yo. Kèk sèvis HASA disponib san nou pa konsidere sitiyasyon yo ak imigrasyon.

Enstiti SIDA nan Depatman Sante Eta New York (New York State Department of Health’s AIDS Institute, AI) te amande definisyon li pou kalifikasyon pou swen ak tretman VIH nan mwa jen 2016. Konsistan avèk definisyon elaji sa a, Administrasyon Resous Imèn Vil New York (HRA) - atravè Administrasyon Sèvis VIH/SIDA (HASA) - kounye a bay asistans ak sèvis amelyore pou tout rezidan Vil New York ki gen VIH depi 29 avril 2016

Sèvis Pwoteksyon Adilt

Sèvis Pwoteksyon Adilt (Adult Protective Services, APS) bay sèvis ak sipò pou adilt ki gen pwoblèm fizik ak/oswa mantal epi ki gen risk pou yo an danje. Yo p ap mande sitwayènte oswa sitiyasyon ou ak imigrayson pou kalifye pou sèten sèvis.

  • Pou refere yon kliyan bay APS, swa rele Liy Referans Inite Admisyon Santral APS la nan 718-557-1399 oswa klike sou lyen ki anba a ranpli yon referans sou entènèt nenpòt ki lè Fè yon Referans sou Entènèt bay APS.

Prevansyon Pwoblèm Sanzabri

Administrasyon Prevansyon Pwoblèm Sanzabri (Homelessness Prevention Administration) travay ak Depatman Sèvis pou Sanzabri (Department of Homeless Services), ki se Otorite Lojman Vil New York (NYC Housing Authority), ak plizyè lòt òganizasyon ak ajans Minisipal pou anpeche pwoblèm sanzabri ak ede fanmi ak moun ki nan bezwen yo kenbe yon kay ki estab ak abòdab nan kominote yo.

  • Pou jwenn plis enfòmasyon sou sèvis yo, tanpri rele Liy Enfòmasyon an nan 718-557-1399.

Èd pou Peye Enèji

Pwogram Èd pou Peye Enèji (Home Energy Assistance Program, HEAP) ede pwopriyetè kay ak lokatè revni yo ba peye bòdwo pou gaz chofaj, ekipman, ak reparasyon.

  • Si w gen pwoblèm pou peye bòdwo sèvis piblik ou, kontakte HEAP nan 718-557-1399 .

IDNYC

IDNYC se kat idantifikasyon ofisyèl minisipal Vil New York, disponib pou tout rezidan Vil New York ki kalifye ki gen 14 zan oswa plis. Yon kat IDNYC sèvi kòm yon pyès idantite ofisyèl gouvènman an te bay, epi moun ki gen kat la jwenn plizyè avantaj.

Lòt

Kontakte Nou