Administration for Children's Services311Search all NYC.gov websites

Liv pou Paran (PDF)

Objektif Administrasyon pou Sèvis Timoun (Administration for Children's Services, ACS) Vil New York la se garanti sekirite timoun epi sipòte fanmi. Nou vrèman pran responsablite sa a oserye epi nou konprann ankèt sou pwoteksyon timoun kapab yon pwosesis ki jenan epi ki estresan. Nou rekonèt epi respekte dwa paran yo, ni lyen yo genyen ak pitit yo ak lanmou yo gen pou pitit yo.

Nou te ekri enfòmasyon sa yo pou ede paran timoun ki nan fanmi akèy epi y ap ede w konprann pi byen:

  • Kijan sistèm byennèt timoun nan mache, ni fanmi akèy ak pwosedi legal.
  • Dwa w ak responsablite w kòm paran.
  • Kote pou w ale pou plis resous ak enfòmasyon.

Liv pou Paran

Entwodiksyon

Administrasyon pou Sèvis Timoun nan (Administration for Children’s Services, ACS) pwoteje epi ankouraje sekirite ak byennèt timoun ak fanmi nan Vil New York nan ofri sèvis pwoteksyon timoun, jistis pou minè, ak sèvis swen ak edikasyon pou timoun nan gadri. ACS ap chache administre sistèm ekitab kote ras, orijin etnik, orijin nasyonal, sitiyasyon migwatwa, jan, idantite jan, ak oryantasyon seksyèl yon timoun oswa yon fanmi pa prevwa jan pou y ap sòti tèt yo.

Liv sa a fèt espesyalman pou paran ki gen pitit ki nan fanmi akèy. Nou konnen se yon moman vrèman difisil pou ou. Nou reyalize ou kapab tris, ou ka fache, epi/oswa ou kapab pè. Nou espere Liv sa a ap ede ou, l ap ba ou enfòmasyon ak repons pou kesyon ou petèt genyen.

Nenpòt lè ou gen yon kesyon, ou dwe poze swa yon avoka li swa yon responsab dosye li. Si ou pa ka peye yon avoka, Tribinal Fanmi an ap ba ou youn. Ou gen dwa pou ou kontakte avoka ou sou nenpòt kesyon nenpòt lè.
Nou defini anpil tèm nou itilize nan Liv sa a nan Glosè a.

Rezime ACS

Administrasyon pou Sèvis Timoun nan administre byennèt timoun Vil la, jistis pou jèn ak yon pòsyon nan sistèm gadri ak edikasyon. Sistèm byennèt timoun nan gen twa pati prensipal: pwoteksyon timoun; sèvis prevansyon; fanmi akèy. Sistèm byennèt timoun nan ap chache bay fanmi ak kominote zouti, sèvis ak sipò pou kenbe timoun yo an sekirite pou yo pa abize yo oswa neglije yo.

Pwoteksyon timoun se branch ACS ki fè ankèt pou gade si timoun yo an sekirite lakay yo. Espesyalis Pwoteksyon Timoun (Child Protective Specialists, CPS) kapab ofri fanmi sèvis epi yo kapab retire timoun pou mete yo nan fanmi akèy nan kèk ka.

Nou ofri fanmi yo sèvis prevansyon pou timoun yo kapab rete an sekirite lakay yo. Malgre itilizasyon sèvis prevansyon yo, ACS bay paran ki gen timoun ki riske sibi neglijans ak abi yo sipò.
Lè yon timoun pa an sekirite lakay li, ACS kapab chache deplase timoun nan pou yon ti tan epi mete l nan fanmi akèy. Tribinal Fanmi an analize tout deplasman.

Lè yon timoun vini nan fanmi akèy, depi sa posib, ACS ap mete timoun yo lakay yon manm fanmi oswa lakay yon zanmi fanmi an (sa nou rele gad fanmi), sa ki diminye twomatis epi ki kontribye nan byennèt timoun nan. Paran yo travay avèk ACS pou ede idantifye fanmi oswa zanmi ki kapab pran swen timoun yo. Si yo pa idantifye okenn fanmi oswa zanmi fanmi an, ACS kapab mete timoun nan kay yon paran akèy ajans fanmi akèy la angaje, oswa nan kèk ka ki ra, nan yon pwogram rezidans oswa nan yon fwaye pou gwoup.

Pou timoun ki nan fanmi akèy, ACS travay ak yon rezo òganizasyon ki pa la pou fè pwofi yo rele ajans fanmi akèy. Depi yon timoun ale nan fanmi akèy, ACS ak sèvis fanmi akèy li gen kontra avèk yo responsab pou pran swen timoun nan epi kenbe li pou kantite tan Tribinal Fanmi an fikse a.

Lè timoun yo nan fanmi akèy, ACS travay avèk fanmi an pou rezoud pwoblèm sekirite a, pou timoun yo ka retounen lakay yo. Pifò timoun nan fanmi akèy retounen lakay yo al jwenn paran yo. Pou sa ki pa kapab retounen lakay yo an sekirite, ACS chache fè manm fanmi gade yo, adopsyon oswa, gad. Yon vyek ti kantite jèn rete nan fanmi akèy jis yo gen laj 21 lane oswa jiskaske yo gen yon kote estab endepandan pou yo rete.

Liv pou Paran sa fèt espesyalman pou ou- yon paran ki gen pitit li nan fanmi akèy. ACS konprann se kapab yon moman reyèlman difisil pou ou ak fanmi ou epi nou espere enfòmasyon ki nan Liv sa a ap ede ou konprann fanmi akèy ak fason nou kapab travay ansanm pou pitit ou a retounen lakay ou vin jwenn ou an sekirite.

Ou kapab toujou pale avèk avoka ou oswa responsab dosye w la lè ou gen kesyon. Nan do Liv sa a, gen yon kote pou ou ekri non, nimewo telefòn ak adrès imèl moun enpòtan ou ap vle kontakte, tankou avoka ou, planifikatè dosye ajans fanmi akèy la, ak paran akèy la.

Konsèy pou Paran

  • Ajans fanmi akèy la responsab pou l asire l pitit ou a ap resevwa bonjan swen, pale avèk ou epi ba ou enfòmasyon sou pitit ou a ak sou dosye w la, epi ofri ou sèvis ou ede ou reyini ak pitit ou a ankò. Ou dwe toujou ap pale avèk responsab dosye ajans fanmi akèy ou a, epi ou kapab pale avèk responsab dosye w la sou sa ki konsène pitit ou a ak dosye ou.
  • Si ou gen kesyon konsènan dosye w la, ou kapab pale avèk avoka ou tou. Ou gen dwa pou ou pale avèk avoka ou nenpòt lè. Si ou pa kapab peye yon avoka, Tribinal Fanmi an ap ba ou youn.
  • Ou dwe prezan nan tout pwosè tribinal yo. Si ou pa prezan, tribinal la kapab pran yon desizyon ki ap gen konsekans sou relasyon legal ou ak pitit ou a. Sa kapab rive menm si se pa sou y ap fè ankèt la. Si ou pa kapab prezan nan yon pwosè tribinal, ou dwe pale avèk avoka ou.
  • Lè pitit ou nan fanmi akèy, ou gen divès dwa. Liv sa a eksplike anpil ladan yo. Se dwa ki konsène swen sante pitit ou a, edikasyon li, ak dwa pou ou vizite pitit ou a. Tribinal la kapab bay lòd ki gen konsekans sou kèk nan dwa ou yo. Ou dwe toujou pale avèk avoka ou pou ou konprann dwa ou.
  • Si se pa ou ki konsène nan rapò konsènan abi oswa neglijans sou yon timoun, ou kapab gen dwa ki diferan ak pa yon paran y ap mennen ankèt sou li. Yon paran yo pa t nonmen kòm moun ki responsab sa ki rive timoun nan ka toujou gen non l site nan dosye Tribinal Fanmi an si ankèt la revele pwoblèm konsènan si paran an ka pran swen timoun nan an tout sekirite. Si yo pa site non yon paran nan dosye Tribinal Fanmi an, paran sa gen dwa pou mande pou retire timoun nan nan men gad li a; oswa si paran an pa ka gen gad timoun nan, li ka mande pou l patisipe nan odyans sou gad timoun nan.
  • Asire w ou konsève enfòmasyon sou fason ou kapab kontakte avoka w la ak responsab dosye ajans fanmi akèy ou a, pou ou kapab pale avèk yo nenpòt lè ou bezwen fè sa.

Enfòmasyon pou Imigran

Tout fanmi kalifye pou sèvis gratis nan ACS la. Kit ou se sitwayen, rezidan pèmanan legal, oswa ou pa gen dokiman legal se pa sa ki enpòtan.

ACS pa fè ankèt sou sitiyasyon migratwa timoun ak fanmi ki enplike nan sistèm byennèt timoun nan. Sitwasyon migratwa w pa enpòtan pou ACS oswa pou pwofesyonèl fanmi akèy nou yo. Men, planifikatè dosye ACS ou a oswa ajans ou an kapab poze kesyon sou sitiyasyon migwatwa w oswa sitiyasyon manm fanmi an pou chache sèvis oswa anvantaj pou ou.

ACS kenbe enfòmasyon ou ak enfòmasyon sou fanmi ou prive. Nou pa pataje detay avèk lòt ajans gouvènman sof lè lalwa egzije sa. Jan lwa Vil New York mande sa, nou pa akespte lòd oswa sipèvizyon nan men ofisyèl migrasyon federal oswa itilize resous Vil la pou ede aplike lwa imigrasyon federal, ni Aplikasyon Lwa Imigrasyon ak Dwàn (Immigration and Customs Enforcement, ICE).

Èd Lang

Si ou pa pale anglè, ACS ap ba ou yon entèprèt gratis. Si dokiman ACS yo pa disponib nan lang ou, nou kapab fè yon èntèprèt eksplike ou yo epi ba ou yo nan lang ou. Ou kapab resevwa sèvis entèprèt tou si ou soud oswa ou pa tande byen.

Enfòmasyon pou Moun ki Gen Andikap

Dapre lwa federal, lwa eta, ak lwa lokal, ACS ak ajans fanmi akèy yo dwe mete sèvis, aktivite ak pwogram aksesib pou moun ki gen andikap fizik ak/oswa andikap mantal, sof lè si yo fè sa l ap rann fonksyònman sèvis la oswa fonksyònman pwogram nan difisil.

Pwofesyonèl ACS ak ajans fanmi akèy yo dwe evalye tout demann aranjman rezonab ka pa ka. Kèk aranjman rezonab kapab mande pou pwofesyonèl la fè modifikasyon nan politik yo ak/oswa nan pratik yo pou ajoute timoun ak manm fanmi ki gen andikap nan pwogram yo, aktivite yo, ak sèvis yo.

Pale avèk responsab dosye w la oswa planifikatè dosye w la si ou bezwen yon aranjman rezonab. Si ou bezwen èd konsènan aranjman rezonab oswa plent ou kapab pale avèk Kòdonatè ACS ADA apati imèl nan eeo.adacoordinator@acs.nyc.gov. Ou dwe pale avèk avoka ou tou.

Resous Enpòtan pou Paran

Genyen plizyè resous enpòtan pou ede paran lè pitit yo nan fanmi akèy. Ou kapab epi ou dwe toujou pale avèk avoka ou lè ou gen yon kesyon konsènan dosye w la. Ou kapab pale avèk responsab dosye ajans fanmi akèy ou a oswa avèk ACS tou. Nan do liv sa a, genyen yon paj pou ou ekri nimewo telefòn and adrès imèl enpòtan.

Ou gen anpil dwa kòm paran. Ou gen dwa pou w pale avèk yon avoka nenpòt lè pandan yon ankèt pou pwoteje timoun ak pandan pitit ou a nan fanmi akèy. W ap jwenn yon lis òganizasyon ki reprezante paran pandan yon ankèt ACS pi ba a. Kòm se bay paran yo mete pitit yo nan fanmi akèy nou distribiye Liv sa a, li pwobab pou ou resevwa yon avoka deja. Si ou pa sèten kilès ki avoka ou, tanpri pale avèk travayè CPS ou a oswa ak planifikatè dosye ajans fanmi akèy ou a. Afiche plis enfòmasyon sou dwa paran.

Nou mete lis kontak enpòtan yo pou ou pi ba a:

Pwofesyonèl ki bay Paran Sèvis Legal:

Remak: Nan moman ou resevwa Liv sa a, li pwobab pou Jij Tribinal Fanmi an te gentan ba ou yon avoka pou reprezante ou. Se ak avoka sa ou dwe pale.

Bronx Defenders (Defansè Bronx):

  • (845) 535-9790 oswa (347) 778-1266 oswa (718) 838-7878 OSWA
  • Imèl: familyintake@bronxdefenders.org

Brooklyn Defender Services (Sèvis Defansè Brooklyn)/ Family Defense Practice (Pratik Defans Fanmi)

  • (646) 974-9343 oswa (347) 592-2500 OSWA
  • Imèl: familyintake@bds.org

Center for Family Representation (Sant pou Reprezantasyon Fanmi) (Pi ba Manhattan ak Queens)

  • Manhattan
    • (646) 809-4308 OSWA
    • Imèl: CFRIntake@cfrny.org
  • Queens
    • (347) 286-4365 OSWA
    • Imèl: CFRIntake@cfrny.org

Neighborhood Defender Services of Harlem (Sèvis Defansè Katye nan Harlem) (Pi wo Manhattan)

  • (619) 630-8936 OSWA
  • Imèl: fdtintake@ndsny.org

Richmond County Assigned Counsel Panel (Panèl Avoka Yo Nonmen nan Konte Richmond) (Staten Island)

  • (718) 923-6356 OSWA
  • Imèl: ad2drichmond18b@gmail.com

NYC Administration for Children's Services (ACS) Office of Advocacy (Biwo Defans Administrasyon pou Sèvis Timoun Vil New York)

  • Nimewo Telefòn pou Ede Paran: (212) 676-9421

Legal Information for Families Today (LIFT) (Enfòmasyon Legal pou Fanmi Jodi a)

LIFT ka ede ou nan ba ou enfòmasyon legal tou. W ap jwenn tab LIFT yo nan Tribinal Fanmi ki nan toule senk (5) awondisman yo sòti lendi pou rive vandredi apati 9 è nan maten pou 5 è nan aprèmidi. Ou kapab kontakte nimewo èd telefonik LIFT la tou nan (212) 343-1122. Yo reponn nimewo gratis la sòti lendi pou rive vandredi apati 9 è nan maten pou 5 è nan aprèmidi epi ou kapab kite mesaj. LIFT aksepte apèl san frè paran ki nan prizon. Ou kapab kontakte LIFT pa imèl apati sitwèb yo a tou.

Rise Magazine

Osborne Association

Know Your Rights

ACS Connect Me

Dwa Paran

Li enpòtan pou ou konnen epi konprann dwa ou kòm paran pandan pitit ou a nan fanmi akèy.

Kòm yon Paran Timoun nan Fanmi Akèy, Ou Gen Dwa pou…

  • Pale avèk yon avoka nenpòt lè epi fè avoka w la prezante nan nenpòt aksyon an jistis konsènan pitit ou a ki gen konsekans sou dwa ou kòm paran.
  • Konnen rezon ki fè yo mete pitit ou a nan fanmi akèy (akizasyon yo ak sa ankèt la revele).
  • Konnen ki ajans fanmi akèy ki ap jere dosye pitit ou a.
  • Fè mete pitit ou a kay fanmi l, zanmi pwòch fanmi an depi sa posib.
  • Fè yo fè demach pou mete pitit ou yo ansanm.
  • Mande pou yo mete pitit ou a yon kote ki reflete epi ki koresponn ak kilti, relijyon ak anviwònman espesyal pitit ou a.
  • Resevwa sèvis ak enfòmasyon nan lang prensipal ou.
  • Konnen kisa ki dwe fèt pou pitit ou a ka retounen lakay li.
  • Resevwa òf sèvis k ap ede ou retounen al viv menm kote avèk pitit ou a. Ou kapab mande sèvis oswa sipò ou panse ou menm oswa pitit ou a bezwen tou.
  • Vizite pitit ou a epi mande èd lajan si ou pa ka peye frè transpò pou ou ale fè vizit ak retounen lakay ou. Ou gen dwa pou ou vizite pitit ou a epi pase bon moman avèk li oswa avèk yo regilyèman epi fè repwograme nenpòt vizit ou rate.
  • Mande pou pitit ou yo vizite youn lòt si yo pa nan menm fwaye akèy.
  • Jwenn enfòmasyon si genyen nenpòt chanjman nan plan sèvis fanmi w lan, nan plan vizit ak/oswa kote pitit ou ye.
  • Resevwa avi ak envitasyon nan men Tribinal Fanmi an a tan pou w prezante nan nenpòt odyans Tribinal Fanmi konsènan pitit ou a oswa konsènan dwa paran w.
  • Prezante nan Tribinal Fanmi. Si ou nan prizon, ou dwe konnen dwa ou pou ou “konparèt” oswa pou yo mennen ou nan tout odyans tribinal.
  • Resevwa sèvis ki sipòte objektif pou pitit ou a retounen lakay ou san pèdi tan an.
  • Patisipe nan devlope plan sèvis fanmi ou, prezan nan tout revizyon plan sèvis ak nan tout konferans, epi pou yo enfòme w alanvans lè yo ap fèt.
  • Dwa pou yo evalye w pou sibvansyon lojman ak lòt èd lojman si pitit ou a nan fanmi akèy epi mank lojman an se yon rezon prensipal ki anpeche pitit ou a retounen. ACS gen yon inite ki okipe zafè Èd ak Sèvis Lojman (Housing Support and Services, HSS) k ap ede ou aplike pou lojman estab pou pitit ou kapab retounen vin viv ansanm avèk ou. Ou kapab kontakte HSS nan 212-676-2818 oswa acs.sm.housing.fostercare@acs.nyc.gov.
  • Resevwa enfòmasyon resan regilyèman nan men planifikatè dosye w la sou sante fizik pitit ou a, sante mantal li, devlòpman l, konpòtman l, ak pwogrè l lekòl.
  • Kominike avèk pwofesè ak konseye pitit ou a regilyèman. Sof si tribinal anile oswa limite dwa ou kòm paran, paran yo konsève dwa pou yo pran desizyon konsènan edikasyon pitit yo ak dwa pou yo gen aksè a enfòmasyon lekòl yo.
  • Prezante nan reynyon lekòl epi dakò ak Plan Edikasyon Endividyèl (Individual Educational Plan, IEP) la, si sa aplikab pou pitit ou a.
  • Ale nan tout randevou medikal avèk pitit ou a ak planifikatè dosye w la. Ou gen dwa pou pale regilyèman ak avèk doktè pitit ou a, terapet li, ak pwofesyonèl k ap fè tretman pou li. Ou gen dwa pou pale ak yon doktè pou ou konnen rezon yon tretman, ak anvantaj ak efè segondè li kapab genyen. Li enpòtan pou ou bay konsantman ou pou tretman pitit ou, sof nan ka limite. (Ka limite sa yo gen ladan yo si pitit ou a gen 18 lane oswa plis, si pitit ou a marye oswa li se yon paran, oswa si ACS jwenn anilasyon konsantman w lan.) Si yon timoun nan fanmi akèy bezwen tretman, epi ou refize apwouve tretman an oswa medikaman yon doktè di ki nesesè, ACS dwe fè efò rezonab pou jwenn konsantman paran an; men kèk fwa li kapab anile desizyon w lan oswa fè kontrè sa ou deside a (men se pa nan ka Plasman Volontè). Nan kèk ka, ACS ap tounen ak dosye a Tribinal Fanmi pou chache yon lòd tribinal nan men jij la pou yo ka bay timoun nan tretman ka li nesesite.
  • Resevwa enfòmasyon konsènan nenpòt ijans medikal grav pi vit posib oswa si pitit ou a resevwa nenpòt tretman medikal.
  • Mande w avi w epi bay pèmisyon w pou pitit ou a ale an vakans ak fanmi akèy timoun nan. Paran yo gen dwa pou yo mande avi yo anvan nenpòt vwayaj deyò eta a.
  • Fè respekte ras ou, orijin etnik ou, kiliti ou, lang ou, relijyon w, idantite jan ou ak oryantasyon seksyèl ou ak pou yo pran yo an konsiderasyon nan kad planifikasyon.
  • Bati yon relasyon pozitif avèk paran akèy pitit ou a.
  • Pataje enkyetid ou oswa plent ou kònsènan dosye w la avèk ACS oswa ajans ou a. Ou gen dwa pou pale avèk Biwo Defans ACS la (ACS Office of Advocacy, OOA) pou ede ou rezoud yon pwoblèm konsènan dosye w la tou. Ou kapab pale ak OOA nan 212-676-9421
  • Rele Nimewo Èd Telefonik Rejis Santral Eta New York (New York State Central Register, SCR) pou Vyolans ak Move Tretman sou Timoun nan 800-342-3720 si ou sispèk y ap fè pitit ou a abi oswa y ap maltrete li nan yon fwaye akèy. Tanpri sonje se yon krim lè yon moun rapòte yon bagay ki pa vrè.
  • Mande rekòmandasyon pou w resevwa èd lajan, rad, ak mèb pou pitit ou a lè li retounen lakay li.

Ankèt Pwoteksyon Timoun

Yo kòmanse yon ankèt lè yo rapòte Nimewo Èd Telefonik Rejis Santral Eta New York (New York State Central Register, SCR) pou Vyolans ak Move Tretman sou Timoun nan yon ka sispèk kote y ap fè abi sou yon timoun oswa yo neglije yon timoun. ACS gen obligasyon fè ankèt sou tout rapò fanmi nimewo gratis SCR la voye bay Vil New York. Rapò konsènan abi oswa neglijans kapab gen ladan yo:

  • Bwè alkòl oswa pran dwòg
  • Pwoblèm sante mantal ki pa trete
  • Vyolans nan fanmi
  • Pa bay yon timoun bagay debaz li bezwen (pa egzanp, manje, lojman apwopriye kote li an sekirite, ijèn, bon rad, swen medikal, ak edikasyon)
  • Pa pote ase atansyon sou yon timoun jiskaske li pran chòk oswa li riske pran chòk
  • Pinisyon nan kò ki aleksè (pa egzanp, frape yon timoun ak yon objè oswa kite mak sou yon timoun)
  • Vyolans fizik
  • Vyolans seksyèl
  • Ekspoze yon timoun a vyolans nan fanmi

Pandan yon ankèt, yon Espesyalis Pwoteksyon Timoun ACS (Child Protective Specialist, CPS) ap vizite kay ou pou wè si gen yon prèv byen fonde ki jis ki kore akizasyon abi ak/oswa move tretman ki gen nan rapò a, ak pou wè si gen nenpòt sèvis fanmi ou kapab bezwen pou ede timoun nan rete an sekirite.

Ou gen dwa pou pale avèk yon avoka nenpòt lè pandan yon ankèt CPS ak pandan pitit ou a nan fanmi akèy.
Lè yon travayè CPS fenk kòmanse yon ankèt, l ap voye yon Avi Egzistans bay paran yo pou enfòme yo konsènan ankèt pwoteksyon timoun nan. Fòm sa a gen ladan enfòmasyon kontak CPS ki sou dosye a ak sipèvizè li ak jesyonè li.

CPS la ap kesyone manm fanmi an, vwazen, zanmi fanmi an, fanmi elaji, pèsonèl lekòl, doktè, ak nenpòt moun ki kapab gen enfòmasyon konsènan akizasyon ki nan rapò a. CPS la dwe detèmine si gen yon prèv byen fonde ki jis ki kore akizasyon abi oswa move tretman an. Yo rele sa “detèminasyon.”

Detèminasyon an ap swa apwopriye oswa pa fonde. “Fonde” oswa “Apwopriye” vle di CPS la jwenn ase prèv ki kore akizasyon abi ak move tretman sou timoun nan. “Pa Fonde” oswa “Pa Apwopriye” vle di CPS la pa jwenn ase prèv ki kore akizasyon neglijans oswa abi sou timoun nan.

CPS la gen jiska 60 jou pou li fè ankèt la epi fè yon detèminasyon. Ou ap resevwa yon lèt nan bwat postal ou aprè CPS fin fè yon detèminasyon. Si akizasyon yo apwopriye, sa kapab gen konsekans sou kalifikasyon w pou w jwenn kèk tip travay. Ou gen dwa pou ou fè rekou kont detèminasyon an. Lèt ki ba w rezilta ankèt la ap gen enfòmasyon konsènan fason ou kapab fè rekou kont detèminasyon an.

Pou w jwenn plis enfòmasyon konsènan detèminasyon dosye w la, ak jan pou w modifye oswa sele dosye w la, ekri:

Director of the State Central Register
New York State Office of Children
ak Family Services State Central Register
Bwat Postal 4480 Albany, NY 12204-0480
Telefòn: 518-474-5297

Pandan ankèt la, si CPS la detèmite pitit ou a pa an danje imedya, CPS la kapab ofri sèvis prevansyon pou ede ou rezoud pwoblèm ou kapab ap rankontre pou pitit ou a ka rete lakay li an sekirite. Sèvis yo gratis, se si ou vle yo, epi se lakay ou y ap ba ou yo. Genyen tout yon seri sèvis ak modèl, genyen ladan yo se ACS ki bay yo epi genyen se òganizasyon kominotè nan kominote w la ki ofri yo. ACS ap travay avèk ou pou idantifye moun ki bay sèvis ki pi ka reponn bezwen fanmi w yo epi ki ka fasilite rekòmandasyon an.

Premye Konferans sou Sekirite Timoun (Initial Child Safety Conference, ICSC)

Si pandan dewoulman ankèt la, CPS la jwenn genyen gwo faktè sekirite ak faktè risk, CPS la ap pwograme yon Premye Konferans sou Sekirite Timoun pou detèmine si genyen mezi sekirite oswa sèvis yo kapab mete an plas pou evite fè yon depozisyon nan Tribinal Fanmi ak/oswa retire pitit ou a epi mete l nan fanmi akèy oswa lòt nan lòt plasman ki pa lakay li.

Rankont sa a gen ou menm ladan l, CPS la ak sipèvizè li ak nenpòt fanmi, zanmi pou manm kominote ou chwazi mennen. Anplis, nou kapab envite timoun ki gen 10 lane oswa plis patisipe, epi si yo gen yon travayè sosyal nan yon òganizasyon legal, travayè sosyal sa a kapab prezan.

Ou gen dwa pou mennen avoka oswa travayè sosyal ki ap travay avèk avoka yo nan konferans sa a. Ou kapab gen dwa pale avèk yon avoka tou anvan ou ale nan Premye Konferans sou Sekirite Timoun nan.

N ap ofri ou sèvis Defansè Paran pou ede ou ak ICSC a. Yon Defansè Paran se yon paran ki gen fòmasyon espesyal ki gen eksperyans pèsonèl ak ACS. Defansè Paran ICSC yo travay pou yon ajans volontè ki gen kontra avèk ACS. Yo disponib pou oryante epi sipòte ou nan Premye Konferans sou Sekirite Timoun nan. Eksperyans pèsonèl yo te fè anvan sa ka ede ou pandan moman difisil epi plen estrès sa a.

Se yon travayè sosyal otorize ki dirije Premye Konferans sou Sekirite Timoun nan. Objektif rankont lan se pou fè yon plan pou kenbe pitit ou a an sekirite. Sa kapab gen ladan sèvis pou fanmi ou, men ACS kapab deside pitit ou a bezwen vini nan fanmi akèy tou oswa nan lòt plasman ki pa lakay li.

Remak: Si ACS detèmine te gen malè pandye sou pitit ou a, rankont sa a kapab fèt aprè nou fin deplase pitit ou a. Nou souvan rele rankont sa a Konferans Aprè Deplasman.

Fanmi Akèy

ACS sipèvize sistèm fanmi akèy Vil New York la. Si Tribinal Fanmi an mete yon timoun nan fanmi akèy, yo transfere gad legal la bay ACS pou yon tan. Jeneralman paran akèy ki se manm fanmi oswa paran akèy ki pa manm fanmi pran swen timoun ki nan fanmi akèy anba sipèvizyon yon ajans fanmi akèy ACS bay kontra pou sa pou yon tan. Nou mete yon ti kantite jèn ki nan fanmi akèy nan etablisman rezidans, ki se etablisman pou jèn ki anba siveyans. ACS fè tout efò pou mete timoun nan yon kay ki pi adapte pou yo.

Pifò timoun ki vini nan fanmi akèy retounen lakay paran yo. Lè sa pa posib, objektif la vin adopsyon, gad yon lòt moun, oswa gadyen ki manm fanmi. Tribinal Fanmi an dwe fè odyans pou analize ak apwouve nenpòt ka kote y ap deplase timoun ak plasman nan fanmi akèy. Tribinal fanmi an ap ba ou yon avoka pou reprezante w si ou pa kapab peye youn, epi ou ap gen posiblite konteste deplasman an.

Antre nan Fanmi Akèy

Pifò timoun ki vini nan fanmi akèy antre sou baz akizasyon konsènan abi oswa neglijans sou timoun. Se yon ti kantite timoun ak jèn paran yo mete nan fanmi akèy volontèman, oswa paske yo twouve jèn nan se yon Moun ki Bezwen Siveyans akoz konpòtman l.

Si nenpòt lè pandan ankèt pwoteksyon timoun nan CPS la panse pitit ou a pa an sekirite epi gen yon ijans ki egziste (“malè pandye”), ACS kapab chache retire pitit ou a nan menm w. ACS ap bezwen depoze yon petisyon pou neglijans oswa abi nan Tribinal Fanmi epi tribinal la ap gen pou l analize desizyon deplasman an epi se yon jij ki ap pran desizyon an. Si deplasman an fèt anvan yon lòd tribinal, ACS dwe rann Tribinal Fanmi an kont pwochen jou tribinal la pou depoze petisyon an epi ankò yon fwa, yon jij ap gen pou l analize desizyon an epi apwouve l oswa dezapwouve l finalman.

Desizyon ACS pou deplase pitit ou a ka fèt de (2) fason:

  1. Sitiyasyon Kote Pa Gen Ijans - Nan Sitiyasyon kote pa gen ijans, CPS la ap envite ou nan yon Premye Konferans sou Sekirite Timoun pou pale sou pwoblèm sekirite ak pou devlope yon plan sekirite. Nan plan sekirite a gen yon seri aksyon ou dwe fè pou ede ou pwoteje pitit ou a. Si plan sekirite a prevwa pou retire pitit ou a nan men w, ACS ap depoze yon petisyon epi l ap chache yon lòd tribinal pou deplase timoun nan. ACS dwe di ou ki lè ak ki kote l ap depoze petisyon an.
  2. Sitiyasyon Ijans - Gen sitiyasyon ijans lè genyen malè pandye sou lavi oswa sante timoun nan epi pa genyen tan pou aplike pou yon lòd Tribinal Fanmi. Nan ka yon deplasman ann ijans, ACS pa dwe kite pwochen jou tribinal la pase san l pa depoze yon petisyon nan Tribinal Fanmi. ACS gen obligasyon di ou ki lè ak ki kote l ap depoze petisyon an.

Lalwa bay ACS otorite pou l deplase yon timoun lè yo gen malè pandye sou tèt yo. Tribinal Fanmi an dwe analize desizyon sa a swa anvan yon deplasman fèt oswa nan ka yon ijans, nan dèle yon (1) jou travay. Tribinal Fanmi an pa louvri lè wikenn, kidonk si yon deplasman ann ijans fèt nan vandredi swa oswa nan samdi, ou p ap kapab konteste deplasman an nan tribinal jiska pwochen jou tribinal la.

Pou rapèl, ou gen dwa pou pale avèk yon avoka.

Plasman Volontè

Si ou nan yon sitiyasyon kriz epi ou pa kapab leve pitit ou a, ou kapab mande mete pitit ou a nan fanmi akèy volontèman. Lè ou fè demann sa a, yon CPS ap ofri ou sèvis sipò pou eseye evite pitit ou a vini nan fanmi akèy. Men, si sèvis sa yo pa bay rezilta, ACS kapab dakò fè ou siyen yon Akò Plasman Volontè.

Yon Akò Plasman Volontè transfere responsablite pou pran swen ak gade pitit ou a bay ACS pou yon tan. Ou toujou gen obligasyon pou w travay pou rezoud pwoblèm ki te mennen plasman volontè a epi planifye pou pitit ou a retounen lakay li. ACS espere w ap rete enplike nan lavi pitit ou a. Ou kapab idantifye yon dat espesyal kote ou vle pitit ou a retounen tou. Ou kapab mande pou pitit ou a retounen nenpòt lè epi ACS kapab retounen timoun nan ba ou oswa si ACS detèmine timoun nan riske sibi neglijans oswa abi si li retounen vin jwenn ou, ACS kapab depoze yon petisyon pou abi oswa neglijans epi mande pou timoun nan rete nan fanmi akèy.

Tribinal Fanmi an ap analize plasman timoun nan fanmi akèy, tankou ki lè sa fèt pa mwayen yon Akò Plasman Volontè. Tribinal la ap fè odyans regilyèman pou detèmine si l ap pi bon pou timoun nan retounen lakay li. Tribinal la kapab genyen pou l apwouve retou pitit ou a lakay ou tou.

Ki Kote Pitit Mwen an Ye?

Si yon CPS retire pitit ou lakay ou, li dwe pataje enfòmasyon avèk ou konsènan ki kote yo mete pitit ou a epi aranje yon vizit pou ou avèk pitit ou a.

Lè yon timoun vini nan fanmi akèy, ACS eseye mete timoun nan kay fanmi oswa zanmi fanmi an kòm paran akèy. Ou dwe bay tout enfòmasyon konsènan manm fanmi, pou ACS ka evalye kapasite yo pou yo pran swen pitit ou a an tout sekirite. Sitiyasyon migratwa pa yon baryè ki anpeche manm fanmi w sèvi kòm paran akèy.

Pafwa, lè timoun fenk rive nan fanmi akèy, nou mete yo nan Sant ACS pou Timoun nan, yon etablisman ACS kote kèk timoun ale anvan nou mete yo nan yon fwaye akèy avèk yon ajans fanmi akèy. Ou kapab rele nan nimewo admisyon Sant ACS pou Timoun nan nan (646) 935-1411, ki disponib 24 sou 24, 7 sou 7 pou mande enfòmasyon konsènan kote nou mete pitit ou a, ni si pitit ou a toujou nan Sant pou Timoun nan. Travayè CPS ou a kapab aranje yon vizit pou ou avèk pitit ou a menm pandan pitit ou a toujou nan Sant pou Timoun nan.

Paran yo gen dwa pou yo konnen non, tit, adrès ak nimewo telefòn CPS ki deplase pitit yo a ak non sipèvizè l tou. Paran yo kapab pale avèk CPS yo a pou jwenn enfòmasyon konsènan yon timoun yo te deplase tou.

Nenpòt lè nou deplase yon timoun san yon Lòd Tribinal, (sa nou rele Deplasman ann Ijans lan), CPS a ap bay fanmi an fòm Avi Deplasman Timoun pou Yon Tan an ak Dwa Odyans lan ki gen non ak enfòmasyon kontak CPS ki ap deplase timoun nan, non ajans fanmi akèy kote li mete timoun nan (si li konnen l) ak non moun pou kontakte pou vizite timoun nan, (lè enfòmasyon yo disponib). Li dwe rele paran an nan telefòn tousuit pou ba li enfòmasyon sa yo lè li gen detay sou kote timoun nan ye si li pa t tou genyen detay yo. Anplis, avi a dwe gen adrès Tribinal Fanmi an ak adrès kote l ap depoze petisyon an tou.

Konsèy pou Paran

  • Si ou gen nenpòt kesyon oswa pwoblèm konsènan vizit, sèvis, oswa pou w jwenn ki kote pitit ou ye, ou kapab pale avèk planifikatè oswa responsab dosye w la oswa avèk travayè CPS ki sou dosye w la. Ou kapab pale avèk avoka w la tou si ou bezwen èd.
  • Si ou pa t resevwa enfòmasyon konsènan nan ki fanmi akèy pitit ou a ye oswa si ou gen difikilte pou aranje vizit avèk pitit ou a, rele Biwo Defans ACS la nan 212-676-9421.
  • Manm pèsonèl Branch Pwoteksyon Timoun ACS yo gen pou obligasyon rele paran yo nan yon dèle 24 èdtan pou ba yo enfòmasyon sou kote pitit yo ye, lè yo vin nan fanmi akèy.
  • Paran yo kapab rele nan nimewo admisyon Sant ACS pou Timoun nan sou 646-935-1411, ki disponib 24 sou 24, 7 sou 7 pou mande enfòmasyon konsènan kote nou mete pitit yo tou.
    • Pou rezon sekirite ak konfidansyalite, lè paran yo rele, yo ap bezwen reponn yon seri kesyon pou konfime idantite yo.
    • Si timoun yo gentan ak yon ajans fanmi akèy (sa vle di, timoun yo pa nan Sant pou Timoun nan oswa nan Sant Resepsyon pou Jèn yo), manm pèsonèl ACS ki ap reponn telefòn admisyon an ap bay paran an non ak nimewo telefòn moun pou kontakte nan fanmi akèy la.

Kijan Fanmi Akèy ACS Fè Plasman yo?

ACS travay pou mete pitit ou a nan yon fwaye akèy estab ki konsève lyen ant pitit ou a ak fanmi l, lekòl li ak kominote l. Depi sa posib, nou eseye mete pitit ou a kay fanmi li oswa zanmi fanmi an (sa nou rele gad fanmi an), menm kote avèk frè ak sè li, epi/oswa nan yon fwaye akèy nan pwòp katye li. N ap pran sa ou swete an konsiderasyon lè n ap deside ki kote n ap mete pitit ou a.

Li enpòtan pou ou toujou pale ak CPS la konsènan manm fanmi oswa zanmi fanmi an ki kapab an mezi pou pran swen pitit ou a. Si yon manm fanmi, zanmi, oswa vwazen oswa vwazin vle vin paran akèy la, ajans lan dwe evalye kay moun nan pou detèmine si li ap san danje pou pitit ou a. Nou rele evalyasyon sa a yon "etid kay." Objektif etid kay la se pou wè si kay la reponn kritè fwaye akèy.

Paran akèy ki se manm fanmi dwe satisfè menm kritè ak paran akèy ki pa manm fanmi pou yo vin paran akèy otorize. Tout paran akèy dwe patisipe nan fòmasyon, pou yo asire yo konprann wòl ak responsablite yon paran akèy epi yo kapab bay pitit ou a bon kalite swen, estabilite ak sipò pandan li nan fanmi akèy la. Si yon manm fanmi oswa zanmi ki pa rete nan eta a vle vin paran akèy, ACS ap mande pou fè yon etid kay nan kad Konvansyon ant Eta sou Plasman Timoun nan (Interstate Compact on the Placement of Children, ICPC), sa ki kapab pran tan.

Nan kèk ka, gadyen ki se manm fanmi kapab chwazi pran swen timoun yo andeyò sistèm fanmi akèy la. Nan ka sa yo, yo p ap resevwa èd lajan. Jeneralman nou rele kalite plasman sa yo plasman dirèk, Tribinal Fanmi an pa bezwen apwouve yo.

Si ACS pa kapab mete pitit ou a kay yon manm fanmi, ACS ap mete pitit ou a kay yon paran akèy ki pa fanmi w. Nan kèk ka, selon bezwen espesyal yon jèn, nou kapab mete yon adolesan nan yon etablisman kolektif oswa etablisman rezidans (pou gwoup) yon ajans fanmi akèy ap dirije.

Kisa Ajans Fanmi Akèy la Fè?

ACS fè kontra avèk diferan ajans fanmi akèy (nan Liv sa a nou rele yo “ajans”).

Responsablite ajans yo se travay avèk ou pou ede ou rezoud pwoblèm ki te fè pitit ou a al nan fanmi akèy la pou pitit ou a kapab retounen lakay li san pwoblèm. Ajans yo gen responsablite pou fè w jwenn sèvis pou pitit ou a kapab retounen vin jwenn ou san pwoblèm.

Ajans yo gen responsablite pou angaje paran akèy, apwouve yo, fòme yo epi sipèvize yo tou.

Apa ba ou sèvis ou bezwen, ajans fanmi akèy la responsab pou bay pitit ou a nenpòt sèvis li bezwen, tankou planifikasyon edikasyon. ACS ak ajans lan ap priyorize kite pitit ou a nan lekòl li te ye a epi n ap fè aranjman nesesè pou sa, tankou òganize epi peye frè transpò. Ajans lan ap pale avèk ou pou detèmine si kite pitit ou a nan menm lekòl la pi nan enterè l.

Ajans fanmi akèy la ap fè aranjman pou sèvis sante ak swen sante mantal pou pitit ou a, ann akò avèk ou tou.

Finalman, ACS responsab tout timoun nan fanmi akèy, kèlkeswa ajan ki fè plasman placement pou pitit ou a.

W ap jwenn enfòmasyon enpòtan konsènan responsablite ajans ou a, ak responsablite pa w ak responsablite paran akèy pitit ou a/yo.

Tablo Responsablite


Responsablite Paran Responsablite ACS ak Ajans Fanmi Akèy la Responsablite Paran Akèy
Chache sa ki pi nan enterè pitit ou a

Toujou pran sa ki pi nan enterè pitit ou a a kè epi bay bezwen medikal pitit ou a, bezwen emosyonèl li ak edikasyon li priyorite nan tout sitiyasyon.

Pale avèk planifikatè dosye a konsènan nenpòt enkyetid oswa pwoblèm.

Toujou pran sa ki pi nan enterè pitit ou a a kè epi bay bezwen medikal pitit ou a, bezwen emosyonèl li ak edikasyon li priyorite nan tout sitiyasyon.

Reponn bezwen pitit ou a ak nenpòt pwoblèm ou idantifye.

Toujou pran sa ki pi nan enterè pitit ou a a kè epi bay bezwen medikal pitit ou a, bezwen emosyonèl li ak edikasyon li priyorite nan tout sitiyasyon.

Pale avèk planifikatè dosye a konsènan nenpòt enkyetid oswa pwoblèm.
Rezoud pwoblèm ki te fè nou mete pitit ou a nan fanmi akèy epi mete pitit ou a nan yon kay kote li a sekirite Prezan nan tout rankont ki pwograme avèk planifikatè dosye w la, pwofesyonèl k ap ba w sèvis, ak tribinal la epi patisipe nan devlòpman plan sèvis pou ou menm ak pitit ou a.

Ba ou sèvis ki nesesè pou ede w fè lakay ou yon anviwònman san danje kote pitit ou a kapab retounen.

Voye avi ba ou davans pou envite ou patisipe nan rankont ak konferans sou dosye a.

Pran swen pitit ou a pandan w ap resevwa sèvis ou bezwen.

Ankouraje lyen ki genyen ant ou menm ak pitit ou a pandan li nan fanmi akèy la.

Patisipe nan rankont ak odyans ki obligatwa.
Rete aktif nan lavi pitit ou a epi pase tan ak pitit ou a.

Rete aktif epi enplike nan lavi pitit ou a.

Vizite pitit ou a epi toujou pale avèk li souvan (oswa jan tribinal la deside).

Bay sipò pou ede ou rete aktif epi enplike nan lavi pitit ou a.

Fè aranjman pou vizit ak lòt fòm kominikasyon toujou fèt souvan ant ou menm ak pitit ou a epi eseye satisfè orè chak moun fason ki rezonab.

Fè paran an prezan nan randevou medikal ak nan aktivite lekòl lè sa nesesè.

Ede ou rete aktif epi enplike nan lavi pitit ou a.

Ede ou pou w toujou vizite pitit ou a epi pale youn ak lòt souvan.

Pataje enfòmasyon avèk ou sou kouman pitit ou a ap evolye.

Tande ou sou preferans pitit ou a, sa li renmen, sa ki difisil pou li, elatriye.

Satisfè
bezwen espesyal pitit ou a
Pataje nenpòt bezwen pitit ou a kapab genyen ki konsène kilti, relijyon, sante, oswa bezwen espesyal avèk ajans lan ak/oswa paran akèy la. Jwenn enfòmasyon nan men w konsènan nenpòt bezwen pitit ou a kapab genyen ki konsène kilti, relijyon, sante, oswa bezwen espesyal, epi travay pou w asire w yo satisfè bezwen sa yo. Travay pou satisfè bezwen pitit ou a ki konsène kilti, relijyon, sante, ak/oswa bezwen espesyal.
Satisfè bezwen medikal, bezwen sante mantal ak edikasyon pitit ou a

Resevwa dènye enfòmasyon konsènan swen medikal, sante mantal, ak edikasyon pitit ou a nan men planifikatè dosye ajans fanmi akèy la.

Prezan nan randevou avèk pitit ou a.

Pran desizyon konsènan swen medikal, sante mantal ak edikasyon pitit ou a.  Ou toujou gen dwa nan domèn sa yo si lòd tribinal pa t limite oswa anile dwa paran w.

Ba ou dènye enfòmasyon konsènan swen medikal, sante mantal, ak edikasyon pitit ou a.

Travay avèk ou ak paran akèy la pou pwograme randevou.

Bay paran akèy la sipò pou l asire l li satisfè bezwen pitit ou a.

Pale avèk ou sou desizyon konsènan swen medikal, swen sante mantal ak edikasyon pitit ou a.  Jwenn konsantman eklere pou tretman medikal sof si gen ijans oswa lòd tribinal.

Mennen pitit ou a nan tout randevou medikal, randevou sikològ oswa randevou lekòl obligatwa.

Pataje enfòmasyon avèk ou sou kouman pitit ou a ap evolye.

Kisa ki Rive Aprè Nou Fin Mete Pitit Mwen an nan Fanmi Akèy?

Lè yon timoun vini nan fanmi akèy, ajans fanmi akèy la dwe pwograme yon rankont ant Paran ak Paran nan yon dèle de (2) jou travay aprè plasman an. Rankont lan ap pèmèt paran yo pataje enfòmasyon konsènan timoun ki ak paran akèy la, tankou enfòmasyon konsènan enterè ak bezwen pitit ou a. Ou kapab vini ak yon moun pou sipòte w, tankou yon defansè oswa travayè sosyal ki fè pati biwo avoka w la, nan rankont sa a.

Ou kapab mande pou ou vizite pitit ou a nan menm dat rankont sa a tou. Kit se menm dat la oswa yon lòt dat, yo dwe aranje yon vizit ant ou menm ak pitit ou a nan yon dèle de (2) jou aprè nou deplase pitit ou a, sof si genyen yon lòd tribinal ki di yon lòt bagay.

Nan konferans lan, ou kapab diskite sou fason ou vle kontinye jwe wòl paran an tou pandan pitit ou a p ap viv avèk ou, pa egzanp, anplis vizit, ou dwe pale nan telefòn avèk pitit ou a, ale nan randevou medikal, reyinyon lekòl (tankou rankont sou IEP ak konferans pwofesè), epi resevwa dènye enfòmasyon nan men planifikatè dosye ajans fanmi akèy la ak paran akèy la regilyèman.

Rankont lan bay paran akèy la yon chans pou l poze kesyon ki kapab ede li konprann bezwen pitit ou a pi byen, ak ede pitit ou a adapte li ak fanmi akèy. Nan rankont sa a gen ou menm, paran akèy ki ap pran swen pitit ou a, ak planifikatè dosye ajans lan. Nan kèk ka, selon laj pitit ou a ak nivo devlòpman li, li kapab prezan nan rankont yo tou. Ou kapab vini ak moun pou sipòte w tou oswa mande pou gen yon Defansè Paran prezan.

Anplis, n ap envite ou nan yon Rankont Tranzisyon. Nan rankont sa a, manm pèsonèl CPS ACS ak pèsonèl ajans fanmi akèy la ap pale avèk ou konsènan rezon ki fè pitit ou a nan fanmi akèy epi y ap pale konsènan plan imedya pou pran swen pitit ou a.

Planifikatè dosye w la nan ajans lan ap kontinye travay avèk ou pou kreye oswa modifye plan sèvis nou te devlope nan Premye Konferans sou Sekirite Timoun nan. Tribinal Fanmi an analize plan an epi li modifye l pafwa tou. Plan sèvis la ap prezante sèvis ou menm ak ajans lan estime ou menm ak pitit ou a bezwen resevwa pou pitit ou a kapab retounen lakay li san danje, ak pou nou kapab reponn bezwen li pandan li nan fanmi akèy.

Ou gen dwa pou patisipe nan devlopman plan sèvis la. Ou gen dwa pou vini avèk yon defansè oswa travayè sosyal biwo avoka w la nan nenpòt rankont kote ajans lan ap devlope plan sèvis fanmi w lan. Ou kapab ede devlope pwòp plan sèvis ou lè ou idantifye sèvis ak anvantaj ou panse k ap rezoud pwoblèm ki te fè pitit ou al nan fanmi akèy la. Ou se pi gwo ekspè nan sa ki konsène bezwen ou ak bezwen fanmi ou.

Planifikatè dosye a responsab pou analize plan sèvis la, modifye plan sèvis la, epi ede ou jwenn sèvis ou kapab bezwen nan ba ou enfòmasyon ak rekòmandasyon. Bati yon relasyon pozitif epi rete toujou an kominikasyon avèk planifikatè dosye w la ap ranfòse pwogrè ou kapab fè sou plan sèvis ou a.
Planifikatè dosye a responsab pou fasilite vizit ak apèl telefòn ant ou menm ak pitit ou a tou. Planifikatè dosye a ap ba ou tout dènye enfòmasyon konsènan pitit ou a regilyèman tou, tankou sa ki konsène randevou medikal ak randevou lekòl.

CPS ACS la ap kontinye prezante nan tribinal nan odyans ki konsène akizasyon ki te fè pitit ou a al nan fanmi akèy la. Planifikatè dosye ajans fanmi akèy ou a ap pran responsablite dosye w la ak plan sèvis ou a epi l ap prezante nan tribinal pou bay jij la dènye enfòmasyon sou pwogrè ki fèt. ACS ap kontinye fè sipèvizyon konsènan planifikasyon pou pitit ou a retounen lakay ou san pwoblèm.

Konsèy pou Paran

  • Li enpòtan pou ou aji vit pou pitit ou a kapab retounen vin jwenn ou pi vit posib san pwoblèm. Ou dwe travay avèk ajans fanmi akèy la apati moman pitit ou a antre nan fanmi akèy pou w konprann plan sèvis ou a epi pou w kòmanse patisipe nan sèvis yo. Avèk èd ajans fanmi akèy la, ou kapab kòmanse rezoud pwoblèm ki te fè pitit ou a al nan fanmi akèy la pou pitit ou a kapab retounen vin jwenn ou pi vit posib.
  • Ajans fanmi akèy yo dwe travay avèk ou pou pitit ou a retounen vin viv avèk ou. Sa gen ladan l fè rekòmandasyon apwopriye a tan pou sèvis ki reponn bezwen patikilye fanmi ou; aranje vizit ant ou menm ak pitit ou a pi souvan posib san danje, epi ale nan tout randevou medikal ak randevou lekòl. Si aprè ou te gen opòtinite rezoud pwoblèm sekirite yo, pitit ou a toujou pa ka retounen lakay li san pwoblèm, ajans lan ap bezwen kreye yon lòt plan, tankou adopsyon oswa gad fanmi (KinGAP) (kay yon manm fanmi oswa zanmi fanmi an), pou pitit ou a pa rete nan fanmi akèy.
  • Pi gwo priyorite ACS ak ajans fanmi akèy la se kapab fè pitit ou a retounen vin jwenn ou san pwoblèm. Gen yon lwa federal 1997 ki rele Lwa sou Adopsyon ak Sekirite Fanmi pou fè kantite tan yon timoun pase nan fanmi akèy pi kout posib. Akòz lwa sa a, si pitit ou a nan fanmi akèy pandan 15 nan 22 dènye mwa yo, ajans lan dwe evalye si timoun nan toujou kapab retounen vin jwenn ou oswa si li pa kapab oswa si ajans fanmi akèy la dwe depoze yon petisyon pou anile dwa paran w. Depi dwa paran w anile, yo kapab adopte pitit ou a san pèmisyon w. Kòm genyen eksepsyon nan kritè pou depoze petisyon sa a, li enpòtan pou ou kontinye travay avèk ajans fanmi akèy la kit ajans fanmi akèy la te depoze petisyon an.
  • Plasman pitit ou a nan fanmi akèy kapab gen konsekans sou èd bidjè lajan kach ou, sipò timoun, oswa lojman w. Paran k ap resevwa èd lajan Administrasyon Resouzimèn (Human Administration, HRA) kapab fè ajiste bidjè yo pandan pitit yo a nan fanmi akèy. Paran ki gen estabilite finansyè ka oblije peye sipò timoun pou pitit yo pandan yo nan fanmi akèy. Plasman pitit ou a nan fanmi akèy la kapab gen konsekans sou lojman ou oswa plasman abri fanmi ou tou. Pale avèk avoka w la si lojman ou an danje akòz separasyon pitit ou a avè w.

Paran Akèy

Tout paran akèy gen obligasyon patisipe nan fòmasyon ajans fanmi akèy la fè, reyisi verifikasyon kazye jidisyè ak verifikasyon konsènan neglijans ak abi sou timoun, garanti vizit fanmi, epi fè kay timoun yo yon anviwònman san danje kote yo ka leve.

Ajans fanmi akèy la fòme epi sipèvize tout paran akèy. Ajans lan sipòte paran akèy yo pou yo ofri pitit ou a yon kay san danje kote yo ka leve. Wòl paran akèy yo se pran swen pitit ou a pandan yon tan, ak objektif pou paran yo ak timoun yo retounen ansanm kou sekirite yo pèmèt sa.

Paran akèy yo responsab pou pran swen timoun nou konfye yo ojoulejou. Paran akèy kapab gen pwòp pitit yo nan kay la ak/oswa lòt timoun yon lòt fanmi y ap pran swen. Ajans fanmi akèy la ap verifye kazye jidisyè paran akèy yo ak tout granmoun k ap viv nan fwaye akèy la, chache konnen si pa gen okenn istwa abi, move tretman ak krim.

Ajans fanmi akèy la ap bay paran akèy yo yon pèman chak mwa pou ede yo pran swen timoun ki nan fanmi akèy la. Se pa yon salè. Paran akèy yo dwe itilize lajan an pou reponn bezwen timoun nan. Fon sa yo disponib ni pou paran akèy ki se manm fanmi (fanmi oswa zanmi) ni pou paran akèy ki pa manm fanmi.

Paran akèy yo dwe travay avèk ni ajans fanmi akèy la ni paran an, anvan yo fè aranjman pou edikasyon, swen medikal, vwayaj, oswa vizit kay paran yo. Paran akèy yo gen dwa pou pran desizyon woutin ak desizyon toulejou yo menm - pa egzanp, aktivite jwèt oswa deplasman avèk lekòl - men yo dwe kominike epi travay an kolaborasyon avèk paran yo ak planifikatè dosye a.

Paran akèy yo ap ede timoun yo avèk devwa ak aktivite lekòl epi soulve pwoblèm avèk ajans fanmi akèy la ak paran an pou ede asire timoun yo atenn objektif edikasyon yo. Paran akèy yo kapab rekòmande sèvis men yo dwe diskite bezwen edikasyon ak bezwen medikal elèv la avèk planifikatè dosye a ak paran an.

Paran akèy la ap patisipe nan anpil rankont ak ajans lan ak nan odyans Tribinal Fanmi. L ap yon anvantaj pou pitit ou a si ou menm, paran akèy yo, planifikatè dosye ajans yo, ak moun ou idantifye kòm sipòtè kominotè ou yo travay ansanm nan rankont sa yo pou pran pi bon desizyon. Paran yo gen dwa pou yo gen vi prive epi yo kapab mande pou paran akèy la pa patisipe nan diskisyon ki konsène akizasyon yo oswa nenpòt lòt enfòmasyon paran an swete kenbe prive.

Ou Menm ak Paran Akèy Pitit Ou a/yo

Planifikatè dosye ajans lan gen responsablite ede etabli epi ankouraje relasyon pozitif ant ou menm ak paran akèy pitit ou a/yo. Timoun yo souvan retounen lakay yo pi vit lè paran yo ak paran akèy yo travay ansanm.

Planifikatè dosye ajans ou a ap fè aranjman pou ou rankontre paran akèy yo. Premye vizit ant ou menm ak paran akèy yo rele rankont Paran ak Paran (Parent to Parent, P2P). Rankont sa a ba ou yon opòtnite pou ou menm ak paran akèy yo rankontre youn lòt epi pou nou pale sou fason n ap reponn bezwen pitit ou a ak fason nou kapab travay pi byen ansanm nan sitiyasyon difisil sa yo. Tanpri gade pwotokòl ki bay ajans fanmi akèy oryantasyon pou prepare epi reyalize rankont P2P ki efikas.

Ou dwe fè paran akèy yo konnen sa pitit ou a renmen ak sa li pa renmen, sa li fè nan tan lib li, abitid manje li, alèji, medikaman l ap pran, ak lòt enfòmasyon enpòtan. Pale sou fason ou vle rete enplike nan lavi pitit ou a epi mande paran akèy yo fason yo kapab ede ou. Pa egzanp, ou ta ka aranje w pou ale nan rankont pwofesè oswa paran, randevou doktè, oswa lòt evènman avèk paran akèy pitit ou a. Ou ta ka fikse lè pou ou pale avèk pitit ou a nan telefòn tou.

Si ou gen nenpòt pwoblèm konsènan fwaye akèy kote pitit ou a ye a, pale avèk planifikatè dosye w la oswa avèk avoka ou.

Objektif Plans Pèmanans oswa Planifikasyon Pèmanans

Chak timoun nan fanmi akèy gen yon objektif planifikasyon pèmanans. Se objektif sa a ajans lan ak ACS ap travay pou yo atenn pou ou menm ak pitit ou a.

Genyen senk (5) objektif planifikasyon pèmanans posib:

  • Retou kay paran (al viv ansanm)
  • Adopsyon
  • Rekòmandasyon pou gad legal
  • Plasman dirab kay yon manm fanmi oswa yon zanmi fanmi an ki kapab epi ki vle, se kapab nan kad yon aranjman kote paran an gen gad timoun nan oswa yon gadyen fanmi
  • Plasman nan “yon lòt aranjman lojman dirab” (tankou lojman endepandan oswa gad pou granmoun) avèk gwo rapò ak yon resous pèmanans pou granmoun

Prèske tout timoun vini nan fanmi akèy objektif pou yo retounen al jwenn paran yo. Epi pifò ka timoun ki vini nan fanmi akèy retounen lakay yo vre. Anvan ajans lan chanje oojektif pitit ou a, li ap fè yon konferans sou chanjman objektif. Tribinal fanmi an ap analize nenpòt chanjman objektif nan odyans pèmanans yo.

Konferans pou Paran ki Gen Pitit nan Fanmi Akèy

Konferans Ekip Fanmi (Family Team Conference, FTC)

Gen divès konferans (rankont) k ap fèt pandan pitit ou a nan fanmi akèy la. ACS ak ajans fanmi akèy la itilize yon modèl ki rele Konferans Ekip Fanmi (Family Team Conferences FTCs). Konferans Ekip Fanmi yo reyini moun ki ap travay avèk fanmi ou ak moun gen sousi pou fanmi ou. Moun sa yo se kapab paran akèy pitit ou a, planifikatè dosye ajans fanmi akèy ou a ak sipèvizè li, yon avoka, yon defansè oswa yon travayè sosyal ki fè pati biwo avoka w la, manm kominote pou sipòte w, yon defansè paran nan ajans ou a, ak nenpòt moun ou ta renmen envite pou sipòte ou. Nou kapab envite timoun ki gen plis pase 10 lane patisipe tou ak avoka yo ak travayè sosyal yo. Ou gen dwa pou pale avèk yon avoka anvan nenpòt konferans epi ou kapab vini avèk yon reprezantan (avoka, travayè sosyal oswa defansè) ki fè pati biwo avoka w la. Ou gen dwa pou ou gen yon entèprèt nan tout konferans yo.

Konferans yo fèt divès moman pandan dosye w la, tankou konferans ekip fanmi yo ki fèt chak sis (6) mwa, konferans sou chanjman plasman si pitit ou a ta bezwen ale nan yon nouvo fanmi akèy, konferans chanjman objektif si ajans lan fè lide chanje objektif pèmanans pou fanmi ou, ak retou esèy ak konferans retou anvan pitit ou a retounen lakay ou vin jwenn ou.

Yon fasilitatè ki resevwa fòmasyon espesyal ap dirije rankont lan, l ap asire l tout moun nan rankont lan, ou menm ladan, gen chans plase mo pa yo. Tout moun nan rankont lan dwe eksprime panse yo, lide yo ak pwoblèm yo libelibè nan respè. Nan fen rankont lan, ou gen dwa pou w jwenn kopye nòt fasilitatè a pran.

Ajans lan ap pran disponiblite w ak orè w an konsiderasyon lè l ap pwograme konferans lan. Si ou pa ka prezan nan yon konferans ki pwograme, ou dwe fè planifikatè dosye w la ak avoka w la konn sa, epi mande repwograme rankont lan. Si ou pa patisipe nan konferans yo, y ap rapòte jij la sa, sa riske gen yon move konsekans sou efò k ap fèt pou pitit ou a retounen vin viv avèk ou. Si ou pa ka prezan nan yon konferans ki pwograme, ou dwe enfòme planifikatè dosye w la pi vit posib alavans epi sere yon kopi kominikasyon w lan.

Si ou pa ka prezan nan konferans ak lòt aktivite nan kad dosye a akòz w ap suiv pwogram tretman pou dwòg oswa ou nan prizon, ou toujou gen dwa ak responsablite pou ou enplike. Enfòme planifikatè dosye w la oswa pale avèk avoka w la.
Nan ka ki konsène akizasyon pou vyolans nan fanmi, ACS ak/oswa ajans lan kapab fè konferans apa pou chak paran.

REMAK: Anplis rankont pwograme sa yo, ou gen dwa pou w mande yon rankont ak planifikatè dosye w la ak sipèvizè w la nenpòt lè.

Konsèy pou Paran

  • Vini ak yon manm fanmi w, yon zanmi w, Defansè Paran w lan, oswa nenpòt moun ki konnen fanmi ou byen pou sipòte ou nan konferans yo.
  • Prepare w pou w poze kesyon, bay enfòmasyon, epi pran nòt.
  • Anvan ou kite nenpòt konferans, asire w ou gen non ak nimewo telefòn tout moun ou kapab rele si ou gen kesyon oswa pwoblèm.
  • Rive a lè.
  • Patisipe nan tout Konferans Ekip Fanmi ki konsène pitit ou a.
  • Mande pou yo repwograme Konferans Ekip Fanmi w lan davans si ou pa ka prezan.
  • Pataje tout enfòmasyon sou konferans lan avèk avoka ou.
  • Mande avoka w la si yon reprezantan legal tankou avoka ou ak travayè sosyal la oswa Defansè Paran ki ap travay avèk avoka w la disponib pou akonpanye w. Si ou gen youn oswa plizyè ladan yo la sa kapab itil ou.
  • Pran kopi Plan Travay planifikatè dosye w la devlope nan Konferans Ekip Fanmi w lan.
  • Si ou pa dakò avèk chanjman objektif pèmanans pitit ou a, pale avèk avoka w la. Prezante nan tout odyans Tribinal Fanmi.
  • Ou gen dwa pou w gen yon entèptrèt nan tout rankont yo.
  • Si ou gen kesyon oswa enkyetid konsènan plan sèvis ou a oswa nenpòt lòt bagay, ou pa oblije tann jouk pwochen Konferans Ekip Fanmi an. Ou kapab epi ou dwe pale avèk planifikatè dosye w la nenpòt lè.

Vizit oswa Tan Fanmi

Pifò timoun nan fanmi akèy kapab vizite paran yo (tan fanmi) ak lòt moun ki pwòch yo nan vi yo. Vizit enpòtan pou ou ak pitit ou a pandan li nan fanmi akèy. Kontak pèmanan epi ki fèt souvan avèk ou, ak frè ak sè (si yo pa ansanm) ede pitit ou a fason sa yo:

  • Yo pèmèt manm fanmi pale youn ak lòt menm si yo petèt p ap viv ansanm fizikman
  • Yo diminye estrès
  • Yo fè lyen fanmi an rete solid
  • Yo amelyore adaptasyon pitit ou a
  • Yo akselere pwosesis pou pitit ou a retounen vin jwenn ou (pou timoun nan retounen nan fanmi an san danje)

Ou gen dwa pou vizite pitit ou a epi pale avèk li nan telefòn epi voye lèt ba li pandan li nan fanmi akèy, sof si Tribinal Fanmi an te di ou pa kapab. Ou dwe pale avèk planifikatè dosye w la tousuit pou fè aranjman pou vizite pitit ou a. CPS ki te mete pitit ou a nan fanmi akèy la kapab ba ou nimewo telefòn li. Planifikatè dosye w la ap travay avèk ou pou kreye yon plan vizit ki dwe pran orè ak bezwen pitit ou a an konsiderasyon, ak nenpòt lòd tribinal ki kapab ann aplikasyon.

Vizit, sa nou souvan rele tan fanmi, fèt anba sipèvizyon oswa san sipèvizyon. Vizit yo dwe gen mwens sipèvizyon posib, pandan n ap toujou pwoteje sekirite pitit ou a. Selon Gid Vizit ACS la, ajans fanmi akèy yo dwe apwouve vizit san sipèvizyon yo sof si gen pwoblèm sekirite oswa yon lòd tribinal ki limite kalite vizit la.

Si tribinal la oswa ajans lan gen yon enkyetid konsènan vizit san sipèvizyon, yo kapab mande planifikatè dosye w la pou li sipèvize vizit ant ou menm ak pitit ou a. Sa ap bay planifikatè dosye a opòtinite pou l wè kijan ou menm ak pitit ou a antann nou. Nan kèk ka, moun ou konnen kapab sipèvize vizit yo, tankou paran akèy pitit ou a oswa yon manm fanmi w. Nou souvan rele moun ou menm ak ajans lan mete n dakò sou yo ki kapab sipèvize vizit la kontwolè vizit.

Pandan w ap rezoud pwoblèm ki te fè pitit ou a al nan fanmi akèy la epi montre ou kapab reponn bezwen pitit ou a, plan vizit ou a kapab chanje. Si pa gen pwoblèm pou sa fèt epi tribinal la pèmèt sa, planifikatè dosye w la ap ede fè aranjman pou gen vizit pi long epi ki fèt pi souvan ant ou menm ak pitit ou a, epi l ap diminye nivo sipèvizyon an.
Se devwa ajans fanmi akèy la pou l aranje epi fasilite vizit ak lòt fòm kominikasyon ant ou menm ak pitit ou a, ak nenpòt frè ak sè ki p ap viv ansanm. Ou dwe travay avèk yo pou planifye yon orè vizit epi aranje aktivite pou ou menm ak pitit ou a fè pandan chak vizit la.

Lè ajans lan ap kreye plan vizit, li pran orè chak moun an konsiderasyon. Sa pran ankont paran yo, timoun nan, ak paran akèy yo. Ajans yo dwe bay posiblite pou vizit ki fèt avèk sipèvizyon fèt nan sware oswa nan wikenn.

Vizit se youn nan pi bon fason pou ou rete konekte ak pitit ou a. Anpil vizit kalite fè pitit ou retounen vin viv avèk ou san pwoblèm epi vit. Gid Vizit ACS la mande pou fanmi ki gen objektif pou pitit yo retounen vin viv avèk yo fè vizit omwens yon fwa pa semèn epi pou li dire de (2) èdtan. Si ou gen yon timoun piti oswa yon timoun ki piti anpil, ajans yo rekòmande pou ou vizite l omwens de (2) fwa pa semèn, menm si ou pase mwens tan avèk li, paske timoun piti w la bezwen atache avèk ou.

Si ou pa fè vizit epi ou pa rete an kontak avèk pitit ou a, ACS, ajans fanmi akèy la, yon jij Tribinal Fanmi an kapab wè konpòtman w lan kòm yon mank enterè. Melanje ak lòt faktè, yo ka konsidere sa kòm yon rezon pou anile dwa paran w. Ou dwe note tout kontak avèk pitit ou a ak planifikatè dosye w la.

Lè objektif pèmanans lan se pou pitit ou a retounen vin viv avè w, si se sa ki pi nan enterè timoun nan, ajans lan espere vizit ou yo ap ogmante epi y ap dire plis tan. Nivo sipèvizyon an kapab diminye tou lè ou montre ou pwogrese nan fason ou jere rezon ki te fè pitit ou a al nan fanmi akèy la. Nan kèk ka, tribinal la ka bezwen detèmine si vizit ki sou sipèvizyon ka vin san sipèvizyon.

Si pa gen lòd tribinal pou vizit sipèvize, ajans lan ap deside si vizit ou yo dwe ogmante. Sonje lè ou mande plis vizit oswa vizit ki pi long, planifikatè dosye w la ap gade kèk faktè. Se faktè tankou kalite vizit ou fè deja yo ak efò ou fè pou ou vin nan vizit ki pwograme ant ou menm ak pitit ou a.

Tank sa posib, vizit yo dwe fèt andeyò ajans lan. Depi ajans lan detèmine pa gen pwoblèm epi li apwopriye, vizit yo kapab fèt lakay ou, kay paran akèy yo, oswa yon kote nan kominote a, tankou sou yon plas, nan bibliyotèk, oswa nan jaden.

An jeneral, plan vizit ou a ta dwe sòti nan vizit chak semèn pou vin vizit pi dri ki fèt lajounen epi ki dire plis tan pou vin vizit lannuit ak wikenn si tribinal la apwouve sa. Sa kapab mennen yon retou esèy (pitit ou a retounen vin jwenn ou pou yon tan) epi aprè sa yon retou definitif (pitit ou a retounen vin jwenn ou pou bon). Pwosesis sa a kapab gen ladan l “vizit sandwitch.” Sa vle di gen vizit ki sou sipèvizyon, gen lòt ki san sipèvizyon. Ou kapab pale avèk planifikatè dosye w la pou mande ogmante vizit ou yo oswa fè avoka w la fè demann nan Tribinal Fanmi.

Pitit ou a gen dwa vizite frè li ak sè li regilyèman chak de (2) semèn tou (“vizit frè ak sè”) si yo pa nan menm kay fanmi akèy oswa si yo nan etablisman diferan. Ajans ou an dwe aranje vizit sa yo pou ou menm ak pitit ou a kapab pase tan ansanm. Si sa pi nan enterè pitit ou a, ajans lan kapab ankouraje lòt manm fanmi oswa sipò vizite pitit ou a si ou pa kapab vizite l.

Konsèy pou Paran

  • Prezante nan tout vizit ki pwograme epi rive a lè.
  • Note tout vizit ou yo, menm vizit ki anile.
  • Si ou p ap resevwa vizit, pale avèk avoka w la, yon sipèvizè nan ajans lan, epi/oswa rele Biwo Defans ACS la nan 212-676-9421.
  • Vini ak yon aktivite pou w fè avèk pitit ou a pou fè vizit ou yo pi enteresan, tankou yon jwèt, yon pwojè, oswa yon liv.
  • Si ou pa ka prezan nan yon vizit, ou dwe anile li alavans pi bonè posib oswa rele pou w repwograme l. Si ou pa prezante pou yon vizit oswa ou toujou rive an reta, sa ap fè pitit ou a mal. Jij la ak ajans lan ap wè sa kòm yon move konpòtman tou.
  • Si ou pa ka peye frè transpò pou w ale nan vizit yo, pale ak planifikatè dosye w la konsènan lajan pou deplasman.
  • Ou ka poze travayè sosyal ou a kesyon konsènan posiblite pou ogmante vizit ou yo.
  • Si vizit ou yo bezwen sipèvizyon, ou dwe pale avèk planifikatè dosye w la konsènan moun ki petèt konnen ou, tankou yon paran akèy oswa yon manm fanmi, ki ap sipèvize vizit la.
  • Si ou nan prizon, ou toujou gen dwa vizit avèk pitit ou a.
  • Vizit poukont li pa sifi pou fè pitit ou a retounen vin jwenn ou. Ou dwe kopere ak tout plan sèvis ajans lan devlope avèk ou a tou. Si ou gen pwoblèm avèk plan sèvis ou a, ou dwe pale avèk avoka w la.
  • Si yon vizit anile, ajans ou an dwe pwograme yon vizit ratrapaj.
  • Gen kèk moman kote yo pa otorize vizit. Pa egzanp:
    • Si tribinal fanmi an bay yon lòd ki entèdi vizit.
    • Si ajans lan kwè vizit ou yo fè timoun nan mal. Nan ka sa a, ajans lan kapab chache yon lòd tribinal pou sispann oswa limite vizit ou yo. Men, tribinal la dwe fè yon odyans, kote ou menm, paran an, kapab defann rezon ki fè vizit la dwe kontinye.

Pou plis konsèy sou vizit, tanpri gade sijesyon sa yo nan Rise Magazine, paran ki te gen pitit yo nan sistèm byennèt sosyal laekri pou pran ki gen pitit yo nan sistèm nan.

Si ou pa gen aksè a òdinatè, w ap jwenn Konsèy Rise sou Vizit yo kòm yon pati anplis nan fen Liv sa a.

Vizit Planifikatè Dosye a Lakay Ou Pandan Pitit ou a nan Fanmi Akèy

Lè pitit ou a antre nan fanmi akèy, planifikatè dosye w la dwe fè vizit lakay ou, menm lè pitit ou a pa prezan. Nou kapab pwograme vizit sa yo epi anonse w yo. Se pou gade si pitit ou a t ap an sekirite si li ta dwe retounen lakay li. Li enpòtan pou ou bay ajans lan adrès aktyèl ou, pou ajans lan kapab toujou enfòme ou konsènan evènman enpòtan konsènan dosye w la. Kenbe kontak avèk planifikatè dosye ajans ou an pou ou kapab konnen objektif aktyèl plan sèvis ou a epi pou ou kapab byen planifye pou pitit ou a retounen vin jwenn ou.

Tibebe ak Lòt Timoun ki Gen Frè ak/oswa Sè yo nan Fanmi Akèy

Si ou ansent yon lòt timoun epi ou pataje nouvèl sa a avèk ajans fanmi akèy la, planifikatè dosye w la gen obligasyon travay avèk ou pandan tout gwosès la pou ede ou planifye pou w pran swen tibebe w la san pwoblèm. Li bon pou ou enfòme ajans lan tousuit si ou vin ansent pou ajans lan kapab kòmanse travay avèk ou pou mete yon plan ak sèvis an plas pou ede ou pran swen tibebe a san pwoblèm.

N ap envite ou pou ou asiste yon konferans planifye anvan akouchman, kote ajans lan ap diskite plan sèvis ou a ak nenpòt anpèchman ou genyen pou pran swen tibebe w la san pwoblèm aprè akouchman. Planifikatè dosye w la ap ede ou jwenn sèvis ki ap ede ou kenbe tibebe a an sekirite, epi l ap ede ou idantifye resous materyèl ou ap bezwen lakay ou pou ou pran swen tibebe w la.

Depi bebe a fèt, ACS ap mande yon konferans sou sekirite timoun pou fè yon plan sekirite pou tibebe a. Planifikatè dosye ajans ou an oswa sipèvizè w la dwe prezan nan rankont sa a.

Ou gen dwa pou pale avèk avoka w la konsènan gwosès ou a ak konferans sa yo. Ou kapab vini avèk yon reprezantan (travayè sosyal oswa defansè paran) ki fè pati biwo avoka w la nan konferans yo.

Si ACS ak/oswa ajans fanmi akèy la gen enfòmasyon sou yon lòt timoun oswa tibebe aprè bebe a fin fèt, y ap verifye pou asire yo pa gen pwoblèm pou timoun nan rete nan kay la.

Lè tibebe w la fèt, planifikatè dosye w la ap enfòme tribinal la gen yon nouvo timoun nan fanmi an. Nan kèk ka, yo ka depoze yon petisyon pou neglijans oswa abi sou timoun nan Tribinal Fanmi an pou tibebe a akòz enkyetid ACS konsènan bezwen ak sekirite nouvo timoun nan. Si aprè yo fin depoze yon petisyon, tribinal la deside timoun nan kapab rete nan kay la san pwoblèm, tribinal la kapab bay ajans lan lòd pou fè vizit obligatwa regilyèman pou garanti sekirite dirab timoun nan.

Tribinal Fanmi

Nan Vil New York, chak grenn nan senk (5) awondisman yo gen pwòp Tribinal Fanmi li.

Yon Jij Tribinal Fanmi dwe analize nenpòt desizyon ACS pran pou deplase yon timoun oswa pou mande yon paran patisipe nan sèvis.

Jij la pran pifò desizyon yo aprè yon odyans kote li tande w epi ou gen moun ki reprezante w.

Si ou gen nenpòt kesyon konsènan pwosedi tribinal fanmi an, ou dwe pale avèk avoka ou. Si ou pa gen mwayen peye yon avoka, tribinal la ap ba ou youn gratis.

Kilès ki nan Tribinal Fanmi an?

Nan odyans Tribinal Fanmi yo, ap gen omwens twa (3) avoka:

  • Yon avoka pou chak paran. (Si ou pa gen mwayen peye yon avoka, tribinal la ap ba ou youn gratis.)
  • Yon avoka pitit ou a (nou rele l Avoka Timoun, oswa AFC) (Yo te rele avoka sa yo Gadyen Lalwa anvan sa)
  • Yon avoka ACS (ou kapab tande yo rele l avoka Sèvis Legal Tribinal Fanmi oswa FCLS)

Jij la, CPS la, ak ofizye tribinal la ap prezan nan odyans yo tou. Jij la ap souvan rele ou “akize” a epi l ap rele ACS “petisyonè" a. Si gen plizyè akize (tankou toude paran yo, lòt gadyen) chak gen dwa pou gen yon avoka. Yon paran ki pa yon akize (non l pa site nan petisyon abi oswa neglijans sou timoun nan) ka gen yon avoka tou. Si ou pa konnen kilès ki nan sal odyans tribinal la, mande avoka w la.

Avoka Ou

Ou gen dwa pou yon avoka reprezante w nan tribinal la. Si ou pa gen mwayen pou peye yon avoka, tribinal la ap ba ou youn gratis. Selon awondisman kote w rete a, tribinal la kapab ba ou yon avoka ki fè pati yon òganizasyon ki reprezante paran pou bay paran sèvis legal oswa yon avoka 18-B.

Odyans Tribinal Fanmi

Se jij ki tande pifò odyans Tribinal Fanmi, epi gen kèk ladan yo se abit ki fè yo. Pa gen jiri nan Tribinal Fanmi. Jeneralman odyans yo piblik.

Ou dwe toujou ale nan tribinal lè ou resevwa yon avi legal oswa yon apèl telefòn ki di ap gen yon odyans konsènan pitit ou a epi ou dwe rive a lè. Sa montre jij la ou enterese a pitit ou a. Si ou pa prezante nan tribinal aprè ou fin resevwa avi a, tribinal la kapab pran desizyon kont sa san avi pa w. Si ou pa sèten konsènan dat pou w prezante nan tribinal la, oswa si ou pa kapab prezan nan tribinal pou nenpòt rezon, pale avèk avoka ou.

Gras ak seri odyans tribinal yo, Tribinal Fanmi an ap analize si pitit ou a dwe rete nan fanmi akèy, si gen ase prèv ki kore akizasyon abi oswa neglijans ACS fè yo, ki sèvis ACS ak ajans lan dwe ba ou ak ki sèvis ou bezwen patisipe ladan yo, ki sèvis ACS ak ajans lan dwe bay pitit ou a, ak plan vizit pou ou ak pitit ou a.

Nan ka abi oswa neglijans, odyans Tribinal Fanmi an fè gen ladan yo yon odyans 1027 (premye odyans); odyans 1028 (odyans pou mande pou pitit ou a retounen lakay ou), odyans pou jwenn plis prèv (pwosè), odyans pou pran desizyon, ak odyans pèmanans chak sis (6) mwa. Tribinal la ap fè yon premye odyans tou pou analize yon akò plasman volontè, ak odyans pèmanans chak sis (6) mwa aprè sa.

Nan odyans pèmanans yo, jij la ap tande sèvis ACS te bay ak pwogrè ou menm ak ajans lan ap fè pou reyalize plan pèmanans lan. Jij la ap apwouve oswa fè chanjman nan plan ACS pitit ou a.

Tribinal Fanmi an fè odyans nan pwosè sou anilasyon dwa paran tou. Nan kèk ka, Tribinal Fanmi an ka retire dwa paran w definitivman. Pou ajans fanmi akèy la fè sa, li dwe depoze yon petisyon nan Tribinal Fanmi, souvan nou rele l petisyon Anilasyon Dwa Paran (Termination Parental Rights, TPR). Tribinal Fanmi an fè odyans sou dosye gad òdinè ak gad legal tou, ni sou dosye manm fanmi depoze.

Ou kapab jwenn definisyon tout odyans yo nan Glosè ki nan Liv sa a. Si ou gen nenpòt kesyon konsènan nenpòt odyans, ou dwe pale avèk avoka w la.

Wòl ou nan Pwosedi Tribinal la

Tout paran ki gen yon timoun nan fanmi akèy gen dwa prezan nan tout odyans nan Tribinal Fanmi ki konsène timoun nan, sof si dwa paran an te anile oswa li te renonse avè l.

Ou gen dwa pou temwaye epi fè temwen temwaye nan plas ou epi fè avoka ou poze temwen kesyon pou ACS. Ann akò avèk avoka ou, ou dwe patisipe nan odyans Tribinal Fanmi epi fè sa tribinal la mande ou fè, sa k ap ede fasilite pitit ou a retounen lakay li. Avoka ou ap pale pou ou nan tribinal. Li enpòtan pou ou toujou pale avèk avoka ou epi travay ansanm avèk avoka ou pou w prepare pou odyans ou yo. Si ou pa ka prezan nan seyans tribinal pwograme, asire w ou enfòme avoka w la.

Si ou gen nenpòt kesyon konsènan pwosè Tribinal Fanmi an oswa konsènan dosye w la, ou dwe pale avèk avoka w la.

Konsèy pou Paran

  • Ou dwe prezan nan tout seyans nan tribinal epi ou dwe asire w ou pale avèk avoka ou anvan ou vini nan tribinal la.
  • Ou dwe ensiste pou jwenn avoka w la. Asire w ou enfòme avoka w la si ou chanje nimewo telefòn. Prepare w avèk avoka w la anvan nenpòt seyans nan tribinal, pou ou kapab konnen a kisa pou w atann ou.
  • Chak Tribinal Fanmi gen yon Sal Achiv kote yon paran kapab jwenn dosye tribinal li a.
  • Si ou gen nenpòt kesyon konsènan dosye w la, pale avèk avoka w la.

Pou Pitit ou a Retounen Vin Viv Avèk Ou

Pandan w ap prepare pou pitit ou a retounen lakay ou, asire w ou pale avèk planifikatè dosye w la. Diskite sou nenpòt èd ou panse ou menm avèk pitit ou a kapab bezwen (tankou èd lajan, rad, lojman). Ou kapab diskite sou nenpòt sèvis ou menm oswa pitit ou a kapab bezwen pou asire trazisyon an pou retounen lakay ou a fèt san pwoblèm tou. Ou ka mande Sèvis Prevansyon (sèvis sipò fanmi pou lakay) swa pandan retou esèy la oswa lè retou definitif la fèt.

Kilè epi Kijan Pitit Mwen an ap Kite Fanmi Akèy la?

ACS ak ajans lan kapab rekòmande tribinal la pou pitit ou a retounen. Atravè avoka w la, ou kapab mande jij la pou retounen pitit ou a anba siveyans ou. Avoka Timoun nan ka mande yon odyans pou chache pou pitit ou a retounen vin viv avèk ou tou. Jij la kapab fè yon odyans epi/oswa li ka bay lòd pou pitit ou a retounen vin jwenn ou nenpòt lè pandan pwosedi pwoteksyon oswa pwosedi tribinal timoun nan.

Anvan odyans desizyon an, yon jij kapab bay lòd pou yo kite pitit ou a al jwenn ou anba sipèvizyon ACS si jij la twouve timoun nan p ap gen malè pandye sou tèt li si li retounen vin anba siveyans ou. Anplis, ACS, avoka w la, avoka pitit ou yo, ak avoka lòt pati yo kapab mete yo dakò pwoblèm ki te fè pitit ou a ale nan fanmi akèy la rezoud, pitit ou kapab an sekirite lakay li.

Aprè desizyon an, nou kapab retounen timoun nan lakay li sou kondisyon “retou esèy.” Pandan retou esèy la, timoun nan rete sou gad legal ACS epi li sou gad fizik ou anba sipèvizyon planifikatè dosye a.

Retou Esèy

Aprè dispozisyon, ajans lan ak ACS ka detèmine pwoblèm sekirite ki te fè pitit ou a al nan fanmi akèy la rezoud ase, li pi bon pou pitit ou a retounen lakay li sou yon baz esèy avèk sipò ak sipèvizyon pèmanan ajans lan. Nou rele sa retou esèy. Pandan Retou Esèy, ou toujou anba sipèvizyon ajans lan ak ACS, epi ou ap kontinye resevwa vizit planifikatè dosye w la lakay ou epi w ap kontinye ak sèvis yo pou ou ak pou pitit ou a.

Lè li prèt pou pitit ou a retounen vin viv avèk ou, y ap pwograme yon Konferans Retou Esèy. ACS ak ajans lan ap envite ou, manm fanmi ou (lè sa posib), timoun nan (si li gen laj pou sa), ak nenpòt moun ki t ap bay fanmi an sèvis (paran akèy, planifikatè dosye ajans lan, avoka timoun nan, elatriye) nan konferans sa a. Ou kapab envite avoka w la oswa travayè sosyal la oswa defansè paran k ap travay avèk avoka w la pou yo asiste konferans lan.

Objektif Konferans Retou Esèy la se pou n asire n ou menm ak fanmi w gen sa nou bezwen pou nou retounen viv ansanm ankò san pwoblèm. Nan Konferans Retou Esèy la, tout moun dwe pale sou pwoblèm lojman, pwoblèm revni, pwoblèm lekòl, ak pwoblèm asirans sante. Rankont sa a bay manm fanmi yo ak timoun nan okazyon pou yo enplike yo nan desizyon konsènan kalite sipò yo ka bezwen nan moman retou a. Konferans Retou Esèy la dwe fèt omwens de (2) semèn anvan dat yo prevwa pou retou esèy la.

Pifò fwa, Retou Esèy la dire mwens pase sis (6) mwa, men nan kèk ka, ajans lan kapab pwolonje li pou plis pase sis (6) mwa.

Si gen pwoblèm sekirite ki soulve pandan retou esèy la, planifikatè dosye a ka mete fen nan retou esèy la epi timoun nan ap retounen nan fanmi akèy la. Avoka ACS la ap enfòme tribinal la ak lòt avoka konsènan anilasyon retou esèy la epi tribinal la kapab pwograme yon odyans pou analize sikonstans yo.

Pitit ou a ka kalifye pou resevwa yon sibvansyon retou. Sibvansyon an baze sou bezwen finansye. Pou w resevwa yon sibvansyon retou, yon timoun dwe nan fanmi akèy pandan sis (6) mwa youn dèyè lòt epi fòk li pa t deja resevwa yon sibvansyon pandan de (2) dènye ane yo. Sibvansyon an ede peye pou bezwen debaz timoun k ap retounen lakay li a oswa jèn ki ap amenaje pwòp kay li. Ajans fanmi akèy la ap aplike pou yon sibvansyon retou si pitit ou a kalifye. Si ajans ou a idantifye nesesite pou sa nan moman retou a, li kapab ba ou yon sibvansyon retou si ou potko resevwa youn. Planifikatè dosye w la kapab al fè acha avèk ou oswa l ap mande ou fich pou acha yo. Aprè retou definitif, nou p ap ka ba ou yon sibvansyon retou ankò paske plasman nan fanmi akèy la gentan fini. Yon sibvansyon retou ka pa sibvansyon lajan kach.

Retou Definitif

Retou definitif vle di yo remèt ou pitit ou a nèt pou ou pran swen li. Planifikasyon pou retou definitif la dwe kòmanse de (2) a twa (3) mwa aprè retou esèy la kòmanse. Nan pi fò ka, yon retou esèy fèt anvan yon retou definitif. ACS ak ajans fanmi akèy la ap pwograme yon Konferans Retou definitif epi y ap envite tout moun ki te envite nan Konferans Retou Esèy la. Rankont sa a se pou tout moun fikse yon kalandriye pou retou definitif la ak pou nou asire nou ou gen sèvis ou bezwen yo an plas. Sa ka gen ladan l yon rekòmandasyon pou pwogram prevansyon ki gen kontra avèk ACS oswa yon òganizasyon kominotè nan katye w la.

Tribinal la dwe apwouve retou definitif la.

Renonsyasyon oswa Anilasyon Dwa paran

Si ou pa aplike tout lòd Tribinal Fanmi yo, egzijans ACS yo, ak egzijans ajans yo pandan pitit ou a nan fanmi akèy, ACS oswa ajans lan kapab mande Tribinal Fanmi an anile dwa paran w sou pitit ou a definitivman yon fason pou yo kapab adopte pitit ou a. Selon lalwa, li enpòtan anpil pou ou pran responsablite w epi travay pou bay pitit ou a yon kay pèmanan epi ki san danje pou li viv pi vit posib. Lalwa egzije pou planifikatè dosye w la, ak ACS aji vit pou rezoud pwoblèm ki te fè pitit ou a ale nan fanmi akèy la.

Kwak lalwa egzije ACS ak ajans lan depoze yon petisyon anilasyon si yon timoun nan fanmi akèy pandan 15 sou 22 dènye mwa yo, gen anpil eksepsyon tou nan egzijans sa a. Selon lalwa, si pitit ou a gen 15 mwa depi l nan fanmi akèy, epi ou toujou pa kapab pran swen pitit ou a, ACS ak ajans lan kapab ale nan tribinal pou anile dwa paran w, sof si ACS oswa tribinal la jwenn yon eksepsyon oswa yon bon rezon pou yo pa ta depoze yon TPR. Si dwa paran w anile, ou p ap gen dwa legal pou w chache gen gad pitit ou a, vizite l, oswa pale avè l. Yo kapab adopte pitit ou a san konsantman w tou.

ACS ak/oswa ajans fanmi akèy la kapab chache anile dwa paran w menm si pitit ou a nan fanmi akèy kay yon manm fanmi. Timoun nan fanmi akèy kay manm fanmi gen dwa pou yo nan kay pèmanan ki sekirize tou. Nou pa konsidere “fanmi akèy alontèm” kòm yon sitiyasyon pèmanan, menm kay manm fanmi. Planifikatè dosye ajans ou an dwe diskite sou adopsyon ak lòt opsyon manm fanmi oswa opsyon pèmanans avèk ou ak nenpòt manm fanmi ki ap pran swen pitit ou a. Youn nan opsyon sa yo rele Kinship Guardianship Assistance Program (KinGAP) (Pwogram Èd pou Gad Fanmi).

Anilasyon Dwa Paran (TPR)

Nan yon pwosedi TPR, genyen yon Odyans pou Jwenn Plis Prèv ak yon Odyans Desizyon. Ou gen dwa pou w prezan nan odyans sa yo epi pou w fè yon avoka reprezante w. Yo kapab anile dwa ou menm si ou pa prezan. Pandan Odyans pou Jwenn Plis Prèv la, ACS ak/oswa ajans fanmi akèy la dwe prezante prèv klè epi solid ki pwouve gen ase rezon legal pou anile dwa paran w.

Rezon pou anile dwa paran w se:

  • Abandone yon timoun pandan omwens sis (6) mwa
  • Neglije yon timoun nèt ale pandan omwens 12 mwa
  • Fè abi grav sou yon timoun oswa fè l abi plizyè fwa
  • Manke kapasite pou pran swen timoun nan ak pou pran desizyon akòz pwoblèm mantal oswa andikap entèlektyèl

Aprè Odyans pou Jwenn Plis Prèv la, gen yon Odyans Desizyon. Nan odyans sa a, jij la ap deside si li pi nan enterè timoun nan pou anile dwa paran w.

Aprè odyans pou jwenn plis prèv la, jij la ka ba ou yon dènye chans pou fè sèvis nesesè pou retou pitit ou a. Nou rele sa yon Sispansyon Jijman, epi tout pati yo dwe dakò ak sa.

Li ra epi li difisil pou ou chanje desizyon tribinal la fin pran sou yon Anilasyon Dwa Paran. Si ou eseye fè sa, ou dwe chache konsèy yon avoka.

Eksepsyon pou Depoze yon Anilasyon Dwa Paran (TPR)

Ajans lan pa ka depoze yon petisyon pou anile dwa paran w si genyen yon eksepsyon lalwa fè oswa yon bon rezon pou yo pa fè sa. Pa egzanp:

  • Manm fanmi ap pran swen pitit ou a epi ACS oswa ajans lan detèmine anilasyon an pa pi nan enterè timoun nan.
  • Gen yon bon rezon ki montre anilasyon dwa paran w lan pa t ap pi nan enterè pitit ou a. Pa egzanp, ou ap fè pwogrè ak sèvis yo epi genyen bon siy ki montre pitit ou a ka retounen lakay li san pwoblèm nan sis (6) lòt mwa ankò.
  • Yon timoun ki gen omwens 14 lane pa dakò ak adopsyon an epi li gen yon lòt objektif pèmanans.

Mosyon 1039-b

Nan kèk ka sikonstans ki ra, ACS kapab mande jij la pou deside yo pa ta dwe fè efò pou pitit ou a retounen vin viv avèk ou. L ap fè jij la demann nan atravè yon dokiman l ap depoze nan tribinal yo rele mosyon 1039-b. Jij la ka pran desizyon sa a si:

  • Ou fè abi gav sou pitit ou a oswa ou fè l abi plizyè fwa.
  • Ou te kite pitit ou a sibi abi seksyèl.
  • Yo te kondane w pou kèk krim grav kont pitit ou a.
  • Yo te anile dwa paran w sou yon lòt timoun kont volonte w.
  • Ou pa rezoud pwoblèm ki te lakòz pitit ou a al nan fanmi akèy la.

Si jij la pran desizyon sa a, y ap fè yon Odyans Pèmanans nan yon dèle 30 jou. ACS kapab depoze yon petisyon pou anile dwa paran w, men jij la pa kapab deside sou petisyon an toutan pitit ou a pa gen yon (1) lane nan fanmi akèy la. Menm si ajans lan pa ta gen obligasyon ba ou sèvis nan ka sa yo, si ou mande sèvis, ajans lan ka toujou travay avèk ou. Menm si ajans lan ka pa oblije fè efò pou ede w, ou kapab pran mezi poukont ou pou ou rezoud pwoblèm ki te fè pitit ou a al nan fanmi akèy la tou si ou swete planifye retou pitit ou a.

Renonsyasyon Dwa Paran

Ou kapab siyen yon dokiman legal ki rele “renonsyasyon” avèk avoka ou nan tribinal pou ou dakò anile dwa paran w volontèman. Yon jij dwe apwouve nenpòt renonsyasyon an. Genyen rezon ki kapab fè ou deside renonse a dwa paran w. Tankou:

  • Ou ka santi ou pa kapab pran responsablite ou kòm paran.
  • Pitit ou a vin atache ak moun ki t ap pran swen l lan anpil pandan li pa avèk ou a. Ou santi li t ap pi bon pou pitit ou a rete ansanm ak moun sa a nèt.

Yon jij dwe apwouve akò renonsyasyon an. Yon akò renonsyasyon fonksyone menm jan ak yon lòd anilasyon dwa paran. Paran an renonse a dwa li genyen sou timoun nan kòm paran. Men, anvantaj aranjman sa a sèke si ajans lan dakò, paran an kapab mete kèk kondisyon nan renonsyasyon an. Pa egzanp, paran an ka mande pou yon moun byen presi adopte timoun nan. Oswa, paran an ka fè aranjman pou l pale avèk pitit li oswa vizite l gras ak yon akò sou kontak li fè avèk ou, ak paran adoptif la, ak avoka timoun nan. Souvan, lè gen kontak oswa vizit aprè adopsyon yo rele sa adopsyon ouvè. Menm si yo pa ka garanti aplikasyon akò sa yo, ou rankontre yo pi souvan kounyeya lè rete an kontak avèk paran aprè adopsyon an pi nan enterè timoun nan.

Toujou pran konsèy nan men yon avoka anvan ou siyen yon akò renonsyasyon.

Konsèy pou Paran

  • Toujou pran konsèy nan men yon avoka anvan ou siyen yon akò renonsyasyon.
  • Si se pa moun ou te chwazi nan kontra renonsyasyon an ki adopte pitit ou a, ou gen dwa pou ou mande Tribinal Fanmi an elimine kontra renonsyasyon an.
  • Si paran adoptif la pa suiv aranjman vizit ki nan kontra renonsyasyon an, ou kapab mande Tribinal Fanmi an fè respekte kontra a.

Pwogram Èd pou Gad Fanmi (KinGAP)

Kinship Guardianship Assistance Program (KinGAP) (Pwogram Èd pou Gad Fanmi) an se yon pwogram gouvènman ki la pou ede timoun viv nèt ale ak granmoun yo gen lyen sere ak yo, lè timoun yo pa kapab reyini ak fanmi yo. Yon fanmi k ap bay swen (se kapab yon manm fanmi lwen oswa yon zanmi pwòch) pran responsablite jwe wòl gad legal timoun nan. Pwogram sa a bay responsab swen sa yo èd lajan ak anvantaj medikal pou timoun nan.

Pou responsab swen an kalifye pou KinGAP li dwe gen lyen san, maryaj, oswa adopsyon oswa yon relasyon pozitif (tankou yon zanmi fanmi an, parenn oswa marenn timoun nan oswa vwazen li) ak timoun nan oswa ak youn nan frè oswa sè timoun nan ki te egziste deja anvan plasman aktyèl timoun nan nan fanmi akèy. Gadyen posib la dwe te sèvi timoun nan paran akèy pandan sis (6) mwa youn dèyè lòt anvan li antre nan yon kontra KinGAP.

KinGAP pa egzije pou dwa paran w anile.

Ki Diferans ki Genyen Ant KinGAP ak Gad Legal Òdinè?

Yon gadyen legal se yon moun ki gen otorite legal ak responsablite pou pran swen yon timoun ki pa pou li. Li kapab pran gwo desizyon sou sante, edikasyon ak aktivite chak jou timoun nan san ACS oswa pèsonèl ajans ki se pwofesyonèl pa antre ladann. Pa gen èd lajan pou gad legal òdinè.

Yo kapab akòde yon fanmi ki responsab swen timoun nan gad legal san li pa pase nan pwosesis KinGAP la. Men, si li pase nan pwosesis KinGAP la, li ap resevwa sipò lajan epi timoun nan ap resevwa Medicaid epi li ka kalifye pou bon edikasyon pou segondè.

Ki Anvantaj KinGAP Ofri?

  • Pitit ou a kapab viv ak yon manm fanmi oswa yon zanmi pwòch andeyò sistèm fanmi akèy la.
  • KinGAP ankouraje santiman atachman kay pitit ou a epi li ede li kontinye pale ak fanmi ou.
  • KinGAP bay posiblite pou pitit ou a kite fanmi akèy.
  • Pandan yon fanmi ki gen gad timoun nan ap responsab desizyon an rapò ak pitit ou a, ou kapab toujou kontinye pale ak pitit ou a.
  • KinGAP bay fanmi timoun nan (ki jwenn gad legal) èd lajan pou li pran swen timoun nan.
  • Pitit ou a kapab kalifye pou li resevwa sipò lajan pou segondè.
  • KinGAP pèmèt ou onore relasyon ou toujou genyen ak timoun nan kòm paran pandan fanmi timoun nan kontinye jwe wòl aktyèl yo (pa egzanp, granmè, tonton, kouzen, parenn oswa marenn) plis responsablite pou ou pran desizyon "paran" konsènan timoun nan.
  • Li egzije pou dwa paran w anile.
  • Dosye Tribinal Fanmi an ap pran fen.

Ki Konsekans KinGAP Genyen sou Dwa Mwen Kòm Paran?

Ou rete paran timoun nan pandan ou gen aranjman KinGAP la nan lespri w. ACS ap retire pitit ou a nan fanmi akèy pou li mete l sou gad fanmi an. Fanmi an ap gen dwa pou li pran desizyon paran konsènan timoun nan. Ou kapab gen posiblite pou w fè tribinal la demann pou gad alavni. Tribinal Fanmi ak/oswa Tribinal Adopsyon ap bay lòd mennen bonjan ankèt pou detèmine si pitit ou a ka retounen jwenn ou.

Èske Konsantman Mwen Nesesè pou Yo Mete Pitit Mwen an nan yon Aranjman KinGAP?

Se byen si ou bay konsantman ou, men lalwa pa egzije sa pou w avanse ak KinGAP. Yo dwe konsilte jèn ki gen 14 lane oswa plis anvan yo apwouve yon aranjman epi anvan pou fanmi an pran responsablite gad legal.
 Si ou pa bay konsantman ou, tribinal la ap bay yon odyans pou detèmine si mete timoun nan sou gad responsab yo pwopoze a ap pi bon pou timoun nan.

Adopsyon

Si Tribinal Fanmi an te anile dwa paran w, oswa ou te anile dwa ou kòm paran, legalman yo lib pou adopte pitit ou a. Nan yon adopsyon, tribinal la bay lòt moun ki vin paran timoun nan responsablite legal dirab pou yon timoun. Souvan, se paran akèy timoun yo oswa fanmi yo ki adopte yo. Si yo pa adopte yo, ACS ak ajans fanmi akèy la fè fason pou jwenn yon fwaye adoptif ki garanti epi ki agreyab.

Si ou te devlope yon relasyon sere ak paran akèy ki ap adopte pitit ou a, ou ka vle pale ak yo ansanm ak avoka ou sou posiblite pou w kontinye gen relasyon ak pitit ou a. Yo rele sa adopsyon ouvè.

Yon adopsyon ouvè vle di w ap toujou ka pale ak pitit ou a. Nan sitiyasyon sa, ou menm ak paran adoptif pitit ou a dakò ou kapab rete an kontak ak pitit ou a aprè adopsyon an (pa egzanp, apati lèt, apèl nan telefòn, ak/oswa vizit). Men, ou dwe konnen yo ka pa kapab fè aplike tip akò sa a sou plan legal.

Enfòmasyon Enpòtan Anplis pou Papa

Ajans lan ap mande ou si ou te marye lè pitit ou a te fèt la; si ou gen yon òdonans ki montre ou te adopte timoun nan; oswa si ou gen yon Rekonesans Patènite ki siyen. Si ou reponn non, ou ap gen pou w pwouve patènite (ou se papa timoun nan). Menm si ou pa papa legal timoun nan, yo ka toujou nonmen w nan petisyon an kòm moun ki responsab legalman (PLR) pou timoun nan si aksyon ou mete timoun nan nan sitiyasyon pou l neglije.

Papa yo gen dwa pou mande pou timoun nan viv ak yo, pou yo resevwa vizit epi pou yo enplike nan planifikasyon dirab pitit yo a, kit yo nonmen yo nan petisyon an oswa yo pa nonmen yo. Menm lè ou pa t pwouve ou se papa a, ou kapab chache jwenn pèmisyon pou ou resevwa vizit epi pou w patisipe nan planifikasyon dirab si li pi bon pou timoun nan an kontak ak ou. Remak: Si deja gen nenpòt tip pwosedi nan Tribinal konsènan pitit ou a, ou dwe chache konsèy yon avoka epi enfòme Tribinal la ou vle patisipe. Si ou se paran legal timoun nan, ou gen dwa pou ACS enfòme ou kou yo depoze yon petisyon konsènan pitit ou a.

Si ou dekouvri pitit ou a nan fanmi akèy, ou dwe kontakte ajans ki gen gad pitit ou a tousuit. Si ou pa konnen ki kote yo te mete pitit ou a, rele Biwo Defans ACS la nan 212-676-9421.

Pou w pwouve ou se papa a, an jeneral ou dwe fè demach sa yo:

  • Depoze yon petisyon pou patènite nan Tribinal Fanmi nan peyi kote pitit ou a oswa manman timoun nan ap viv la.
  • Enfòme manman an konsènan petisyon an. Sa vle di ou dwe fè yon moun ki gen plis pase 18 lane pote yon kopi petisyon an bay manman timoun nan. Sa ap enfòme manman an sou pwosedi patènite a nan Tribinal Fanmi pou l kapab vini.
  • Si nan dat pwosè a manman an dakò ou se papa timoun nan, kidonk jij la kapab di ou pwouve ou se papa a. Si manman an pa dakò ou se papa timoun nan, jij la ap bay lòd pou w fè yon tès san. (Ou ka bezwen peye pou pri tès la).
  • Si ou vle gen gad pitit ou a, ou kapab depoze yon petisyon nan Tribinal Fanmi. Tribinal la ap bay lòd pou yo fè ankèt sou kay ou. Ou pa toujou bezwen fè demann pou gad. Egzijans tribinal la kapab varye selon ka a.

Enfòmasyon Enpòtan pou Papa

  • Non ou ki nan batistè timoun nan pa fè ou papa legal timoun nan otomatikman.
  • Menm si w te viv avèk manman pitit ou a pandan plizyè lane epi ou panse ou se mari li menm lè n pa marye, sa pa fè w papa legal timoun nan pou sa.
  • Lè w depoze demann lan ak Rejis pou Moun ki Pretann yo se Papa a sa ba ou dwa pou yo enfòme ou konsènan kèk pwosedi legal an rapò ak fen dwa ou kòm paran ak adopsyon pitit ou a. Men, depoze demann lan pa fè ou papa legal timoun nan. Rejis pou Moun ki Pretann yo se Papa a se yo rejis (dosye) pou papa timoun ki pa fèt nan maryaj. Rejis la gen non ak adrès papa (1) ki te depoze yon avi pou reklame patènite, (2) ki te rekonèt patènite timoun nan, oswa (3) yon tribinal te detèmine ki se papa timoun nan. Papa ki nan rejis la gen dwa pou yo resevwa avi legal sou tout pwosedi tribinal, tankou fanmi akèy, gad, oswa adopsyon timoun nan. W ap jwenn plis enfòmasyon sou Rejis pou Moun ki Pretann yo se Papa isit la: https://ocfs.ny.gov/main/publications/Pub5040text.asp
  • Si w pa t marye avèk manman pitit ou a nan moman manman an te ansent pitit ou a oswa nan moman timoun nan te fèt la, yo pa konsidere w kòm papa legal pitit ou a, sof si ou gen yon lòd tribinal ki di ou se papa timoun nan oswa yon Rekonesans Patènite. San youn nan dokiman sa yo, ou pa gen okenn dwa legal otomatik pou w vizite pou pitit ou a oswa pou w patisipe nan planifikasyon dirab, epi ou ka pa gen mo pou w plase otomatikman sou adopsyon pitit ou a. Ou ka pa dwa pou yo enfòme ou konsènan kèk pwosedi legal. Men, ou ka toujou chache jwenn pèmisyon pou vizite pitit ou a epi patisipe nan planifikasyon dirab.
  • Pou w aprann fason pou w pwouve ou se papa legal pitit ou a, oswa fason pou w chache vizite pitit ou a oswa patisipe nan planifikasyon dirab, ou dwe chache konsèy yon avoka.
  • Ou dwe bay pitit ou ki nan fanmi akèy sipò tankou pwouve patènite epi peye sipò timoun si yo ba w lòd fè sa; bay timoun nan rad oswa lòt bagay selon mwayen ou; ba timoun nan lòt sipò ak moun pou pran swen li fason w kapab.

Enfòmasyon Pou Paran Ki Nan Prizon

Yon paran ki nan prizon pa toujou vle di timoun nan dwe antre nan fanmi akèy, ni sa pa dwe premye posiblite a. Paran responsab pou asire yo pitit yo a nan swen pandan yo nan prizon. Si pa gen pensonn pou pran swen yon timoun pandan paran an nan prizon oswa krim nan montre timoun nan pa t ap an sekirite nan men paran an si li ta sòti nan prizon, yo ka mete timoun nan nan fanmi akèy. Ajans fanmi akèy pito plase timoun nan ak fanmi oswa zanmi pwòch, epi yo dwe gade posiblite sa yo anvan. Men, si ou nan prizon epi pitit ou a nan fanmi akèy, li vrèman enpòtan pou ou enplike nan planifikasyon avni pitit ou a.

Sa vle di lè pitit ou a nan fanmi akèy, ou dwe pale ak planifikatè dosye w la pi vit posib epi kòmanse planifye pou pitit ou a. Si ou planifye pou w reyini ak pitit ou lè w sòti nan prizon, ou dwe:

  • Pwouve tribinal la ou se yon paran responsab.
  • Pwouve ou enplike nan lavi pitit ou a.
  • Pwouve ou rezoud pwoblèm ki fè yo te plase pitit ou nan fanmi akèy.
  • Fè sa nou di pi wo yo nan peryòd presi.
  • Idantifye moun posib pou pran swen pitit ou a andeyò sistèm fanmi akèy la.

Ajans lan gen obligasyon pou l bay yon paran ki nan prizon dènye enfòmasyon konsènan pitit li a, ede li angaje l nan tout sèvis ki disponib, epi mete li nan tout rankont (edikasyon, swen medikal, planifikasyon dosye) pitit li ladann. Planifikatè dosye ajans fanmi akèy yo ap eseye jwenn paran ki nan prizon pou enplike yo nan sèvis yo ak vizit pitit yo.

Paran ki nan prizon pou pwoblèm pwoteksyon timoun oswa ki gen pitit yo nan fanmi akèy dwe kontinye pale ak avoka yo tou. Paran ki nan prizon gen dwa pou patisipe nan pwosesis tribinal la.

ACS ak ajans lan kapab fasilite vizit nan plizyè prizon apati pwogram Children of Incarcerated Parents (CHIP) (Timoun ki Gen Paran nan Prizon) an. Ajans yo kapab ede fasilite vizit apati videyo. Planifikatè dosye ajans fanmi akèy yo ap bezwen fè aranjman pou vizit.

Li vrèman enpòtan pou paran ki nan prizon devlope yon relasyon ak planifikatè dosye yo a epi pale ak yo. Planifikatè dosye yo gen obligasyon ede paran ki nan prizon planifye pou pitit yo retounen jwenn yo, lè li garanti pou yo fè sa. Si yon paran ki nan prizon gen kesyon konsènan pitit li a, oswa konsènan aksyon li dwe poze, li dwe pale ak avoka li, planifikatè dosye li, konseye koreksyon li, oswa Biwo Defans ACS la (rele gratis nan 212-619-1309).

Lè w nan prizon sa pa yon anpèchman pou w resevwa vizit epi ajans lan ap ede nan aranje vizit sa yo. Paran ki nan prizon kapab rele ACS tou pou aranje vizit, lè yo kontakte Children of Incarcerated Parents Program (CHIPP) (Pwogram pou Timoun ki Gen Paran nan Prizon) an nan ACS gratis nan 212-341-3322.

Dwa Ou Kòm Paran ki nan Prizon

  • Resevwa kopi plan sèvis ou a.
  • Kontinye jwenn enfòmasyon sou byennèt pitit ou a, tankou enfòmasyon sou plasman yo nan fanmi akèy, eta sante yo, ak pèfòmans yo lekòl.
  • Resevwa avi epi patisipe nan konferans ekip fanmi. Ou dwe resevwa yon avi sou rankont sa a omwens de (2) semèn alanvans epi resevwa yon kopi plan an annaprè. Pale ak planifikatè dosye ou sou patisipasyon w nan rankont lan apati konferans a distans.
  • Resevwa vizit pitit ou, sof si yo anile dwa ou oswa yon tribinal pa bay lòd pou sa.
  • Ale nan tout randevou tribinal. Kòm paran ki nan prizon, Tribinal Fanmi dwe bay yon lòd pou w konparèt pou w ka prezante nan Tribinal Fanmi. Lòd la bezwen sòti nan Tribinal Fanmi an, men planifikatè dosye w la, avoka ou, ak ajan koreksyon ou kapab ede nan asire yo ba ou l. Si ou pa gen yon avoka, ou kapab mande pou w vini nan randevou tribinal lè ou ekri yon lèt bay Jij oswa grefye Tribinal Fanmi an ki nan awondisman kote y ap koute dosye w la. (Se sitou awondisman kote pitit ou a t ap viv la nan moman yo te retire l la). Ou kapab kontakte Biwo Dosye Prizonye a, oswa yon moun nan Bibliyotèk Dwa a nan etablisman w lan pou w jwenn etap pou w suiv pou w asire ou kapab konparèt nan tribinal.
  • Si w ap itilize sèvis pandan w nan prizon, ou gen dwa pou w siyen yon akò pou planifikatè dosye w la pale ak konseye w la epi pataje enfòmasyon sou patisipasyon w nan sèvis yo.

Konsèy pou Paran

  • Li vrèman enpòtan (kwak li ka difisil) pou w konparèt nan Tribinal Fanmi. Sa ap bay dosye w la plis pwa epi sa ap montre ou sousye epi ou enplike nan lavi pitit ou a.
  • Osborne Association se yon bon resous pou paran ki nan prizon ak manm fanmi yo.

Responsablite Ajans Fanmi Akèy

Planifikatè dosye a ak ajans fanmi akèy la responsab pou fè efò ki rezonab pou pitit ou a retounen jwenn ou. Pa egzanp yo responsab pou refere w a tan bay sèvis epi fè aranjman pou w vizite pitit ou a. Ajans lan responsab pou kontinye enfòme ou sou byennèt pitit ou a tou.

Paran ki pa gen asirans gen otorizasyon pou sèvis yo kapab peye oswa sèvis gratis, epi si sèvis sa yo pa disponib, ajans lan ap oblije peye pou sèvis yo. Sèvis yo ap disponib nan lang paran an tou.

Planifikatè dosye yo òganize konferans ekip fanmi ak egzamen plan sèvis tou pou diskite sou pwogrè ak bezwen pou sèvis. Planifikatè dosye yo responsab pou aranje konferans sa yo epi voye avi bay paran konsènan tout konferans an rapò ak dosye yo a. Y ap enfòme ou alanvans konsènan konferans ak egzamen plan sèvis epi ou gen dwa pou w mande pou yo pwograme konferans sa yo lè ou disponib pou w patisipe. Ou gen dwa pou w pale ak yon avoka anvan konferans sa yo epi mennen avaoka w la, yon defansè oswa yon moun ou chwazi pou ba w sipò nan rankont yo.

Planifikatè dosye w la gen obligasyon pou l ba w dènye enfòmasyon sou eta sante pitit ou a, sante mantal li, devlòpman li, konpòtman li, ak pwogrè li lekòl regilyèman. Paran gen dwa pou jwenn enfòmasyon sou tout IEP ak rankont sou edikasyon pou pitit yo, ak dwa pou yo mande Depatman Edikasyon an yon evalyasyon oswa yon reyevalyasyon IEP.
Planifikatè dosye a dwe enfòme ou konsènan randevou medikal pitit ou a epi ou gen dwa pou w prezan. Si gen yon ijans medikal an rapò ak pitit ou a, planifikatè dosye w la ap enfòme ou tousuit.

Si paran akèy pitit ou a vle mennen li nan vakans, planifikatè dosye w la ap enfòme ou. Ou gen dwa pou yo enfòme ou konsènan yon paran akèy ki ap kite eta a ak pitit ou a.

Jwenn Èd

Si ou gen enkyetid konsènan dosye w la, gen moun ki kapab ede ou. Nan fen Liv sa a, gen yon kote ou kapab ekri enfòmasyon kontak pou kèk nan moun enpòtan sa yo.

Tankou:

Avoka Ou - Ou dwe toujou pale ak avoka ou epi toujou enfòme li konsènan sèvis ou resevwa ak enkyetid ou genyen. Souvan, avoka tribinal bay pou reprezante akize okipe anpil, kidonk pèsiste lè w ap kontakte yo. Pa dekouraje si li pa fasil pou w jwenn yo.

Planifikatè Dosye Ajans Ou - Nenpòt lè ou gen yon pwoblèm konsènan dosye w la oswa yon plent, ou kapab pale ak planifikatè dosye ajans ou a ak/oswa sipèvizè li.

Biwo Defans ACS - Si ou pa kapab rezoud pwoblèm ak ACS oswa ajans fanmi akèy ki ap pran swen pitit ou a, ou dwe kontakte Biwo Defans nan ACS la.

Men kèk nan rezon pou w kontakte biwo sa a:

  • Ou pa resevwa vizit pwograme w yo ak pitit ou a.
  • Ou panse ajans lan pa byen planifye ak ou pou pitit ou a retounen jwenn ou.
  • Ou santi ACS oswa ajans lan pa ba ou enfòmasyon konsènan pitit ou a.
    Biwo Defans lan travay pou rezoud plent paran, paran akèy ak timoun. Yon defansè ap tande plent ou epi li ap pale ak ajans oswa pwogram ACS ki apwopriye a. Kou defansè a fin rasanble tout enfòmasyon, li ap diskite konklizyon yo ak ou epi l ap travay pou rezoud pwoblèm nan.

Biwo Defans lan angaje Espesyalis Fanmi ki te paran timoun nan sistèm fanmi akèy la yon lè. Paran sa yo te reyisi fè pitit yo retounen jwenn yo. Eksperyans yo ak difikilte yo te jwenn pandan yo t ap travay ak sistèm nan te motive yo sèvi defansè pou lòt paran ki pase nan menm pwosesis la. ACS rekonèt enpòtans bay paran aksè a lòt paran parèy yo ki konprann pwosesis planifikasyon an ak enpòtans retounen viv ansanm nan.

Tout paran, timoun, paran akèy oswa lòt moun ki konsène ki bezwen èd pou rezoud pwoblèm ki gen rapò ak byennèt yon timoun kapab kontakte Biwo Defans ACS la.

  • Rele 212-676-9421, sòti lendi rive vandredi, apati 10 è nan maten pou 4 è nan aprèmidi.
  • Vizite biwo a nan 150 William Street, 1ye etaj, New York, NY 10038, sòti lendi rive vandredi, apati 9 è nan maten pou 5 è nan aprèmidi.
  • Paran ki nan prizon kapab rele nimewo pou jwenn èd la gratis nan 212-619-1309.

Glosè

18-B Avoka: Yon avoka reprezante yon paran oswa yon lòt responsab swen legalman san frè nan Tribinal Fanmi, si tribinal la detèmine yo pa kapab pran yon avoka prive. Avoka sa a travay endepandan epi li pa travay pou yon òganizasyon.

Avoka Timoun nan (Attorney for the Child, AFC): Yon avoka Tribinal Fanmi an nonmen pou reprezante timoun nan. (Yo te konnen l sou non Gadyen Lalwa; se pa yon tèm yo itilize ankò men li toujou kouran).

Òganizasyon pou Reprezantasyon Avoka: Vil New York pase kontra ak plizyè òganizasyon pou ofri paran reprezantasyon jiridik nan Tribinal Fanmi. Yo ofri paran ki pa kapab peye yon avoka reprezantasyon yo a san frè. Òganizasyon sa yo se Center for Family Representation (Sant pou Reprezantasyon Fanmi), Brooklyn Defenders (Defansè Brooklyn), Bronx Defenders (Defansè Bronx) ak Neighborhood Defender Services (Sèvis Defansè Katye).

Odyans 1027: Premye odyans aprè yo fin depoze yon petisyon kont abi oswa neglijans, pou prezante pozisyon ACS sou si l ap pi bon pou timoun nan sou pwoteksyon epi, si sa posib, ki entèvansyon sou plan sekirite tanporè ki nesesè apati lòd tribinal, ni si sante ak/oswa sekirite timoun nan mande pou yo plase li nan fanmi akèy pou yon tan, annatandan yon odyans konplè sou akizasyon konsènan neglijans oswa abi sou timoun. Nan odyans sa a, paran an ak/oswa timoun nan kapab mande tribinal la pou l deside si se garanti pou timoun nan retounen jwenn paran an.

Odyans 1028: Jeneralman, yo fè odyans pandan twa (3) jou tribinal kote timoun nan ak/oswa paran an mande tribinal la deside si li garanti pou timoun nan retounen jwenn paran li. Jij la ap detèmine si li garanti pou timoun nan retounen lakay li pandan dosye a ap dewoule nan tribinal.

Mosyon oswa Odyans 1039-b: Yon odyans kote ACS kapab mande Tribinal Fanmi an deside ACS ak ajans pa gen obligasyon fè efò rezonab pou fè timoun nan retounen lakay paran li ankò. Sa rive sèlman nan sikonstans ra tankou lè yon paran te abize timoun nan yon fason ki grav epi plizyè fwa; yo te kondane yon paran pou kèk krim grav oswa yo te kondane li pou kèk tantativ krim grav; oswa yo te anile dwa paran an sou yon frè oswa yon sè timoun nan san volonte paran an. Menm nan sitiyasyon sa yo, tribinal la kapab twouve fè efò rezonab ta ka pi bon pou timoun nan, pou sante ak sekirite li, epi sa ta ka fè timoun nan retounen viv ak paran li nan yon tan ki pa twò lwen. Si tribinal la fè konklizyon sa yo, ACS ak jans fanmi akèy la ap kontinye fè efò pou fè timoun nan retounen jwenn paran li.

Ajounman nan Konsiderasyon Anilman (Adjournment in Contemplation of Dismissal, ACD): Yon posiblite ki disponib nan tribinal nan yon pwosedi pwoteksyon timoun. Ak konsantman tout pati yo, tribinal la kapab ajoune dosye a pou yon peryòd sou kondisyon ki kapab sipèvizyon ACS. Aprè peryòd la fin pase, tribinal la ka anile dosye a si pa kontinye gen revandikasyon kont abi oswa neglijans, epi paran an te respekte tout lòd tribinal.

Adopsyon Aprè dwa paran an pou gen gad legal yon timoun fini oswa aprè li fin renonse ak dwa li yo, yo kapab adopte yon timoun nan fanmi akèy. Lè yon moun adopte yon timoun, tribinal la ba li menm dwa ak responsablite legal ak yon paran. Lè yo adopte timoun nan fanmi akèy, jeneralman se paran akèy yo a ki adopte yo.

Lwa sou Adopsyon ak Sekirite Fanmi: Yon lwa federal prezidan Bill Clinton te siyen an 1997, yo pibliye nan Eta New York an 1999, ki toujou ann aplikasyon jodi a. Objektif li se diminye kantite timoun ki nan fanmi akèy ak kantite tan yo pase nan fanmi akèy. Lwa sa a egzije Tribinal Fanmi an fè odyans pèmanans (chak 6 mwa nan Eta New York) pou li egzamine plan pèmanans timoun nan; epi li egzije ACS ak ajans fanmi akèy la fè efò rezonab nan objektif plan pèmanans lan. Lwa a egzije tou pou yo depoze yon petisyon pou anile dwa paran pou timoun ki rete nan fanmi akèy pandan plis pase 15 sou 22 dènye mwa yo, sof si gen yon bon rezon pou yo pa depoze l oswa gen yon lòt eksepsyon, tankou paran an nan prizon.

Planifikatè dosye ajans (oswa planifikatè dosye): Yon manm pèsonèl ajans fanmi akèy ki detèmine bezwen pou sèvis epi ki refere moun bay sèvis. Planifikatè dosye ajans lan pwograme vizit ant paran ak timoun, oswa ant frè ak sè, epi li sipèvize fwaye akèy la tou.

Akizasyon: Yon akizasyon oswa yon revandikasyon.

Odyans Atik 10: Yon pwosedi Tribinal Fanmi ki santre sou pwoteksyon yon timoun yo pretann ki te sibi abi oswa neglijans.

Planifikatè dosye: Yon manm pèsonèl ajans fanmi akèy ki detèmine bezwen pou sèvis epi ki refere moun bay sèvis. Y ap ba ou yon planifikatè dosye. Planifikatè dosye w la ap ede w jwenn sèvis, epi l ap pwograme vizit ant ou menm ak pitit ou a oswa ant frè ak sè tou. Planifikatè dosye a sipèvize fwaye akèy la tou.

Espesyalis nan Pwoteksyon Timoun (Child Protective Specialist, CPS): Yon responsab dosye ACS ki mennen ankèt sou yon rapò konsènan soupson abi oswa move tretman, ki enfòme jesyonè dosye a konsènan dosye a, epi ki temwanye nan Tribinal Fanmi konsènan ankèt li a. CPS ap travay ak ou tou pou ofri ou sèvis ki ka evite nesesite pou fanmi akèy.

Sant pou Timoun: Lè timoun fenk antre nan fanmi akèy, yo kapab ale nan Sant ACS pou Timoun nan oswa nan yon lòt sant resepsyon yon pwofesyonèl ki pase kontra ak ACS dirije. Etablisman sa yo la pou rezoud bezwen timoun ak jèn sòti 0 rive 21 lane ki vin pran swen. Yo bay sèvis swen sante, sante mantal, edikasyon, ak pwogramasyon pou jèn pandan ACS ap chache plasman fanmi akèy ki pi apwopriye pou timoun nan. Pifò timoun ki ale nan Sant pou Timoun nan pase mwens pase twa (3) jou ladann.

Etablisman Kolektif oswa Etablisman Rezidans oswa Plasman an Gwoup: Yo kapab plase timoun nan fanmi akèy nan yon fwaye pou gwoup oswa nan yon rezidans. Yon fwaye pou gwoup se yon fwaye pou fanmi pou sèt (7) a 12 timoun. Yon rezidans pou gwoup se yon etablisman òganize pou timoun (ki depase 10 lane) ki mande plis sipèvizyon. Rezidans yo kapab pran jiska 25 timoun.
Sipèvizyon sou Lòd Tribinal (Court-Ordered Supervision, COS) Yon lòd Tribinal Fanmi an bay pou sipèvize yon timoun ki te retounen lakay paran an oswa lakay gad legal la oswa ki rete sou gad yo, oswa yon timoun yo te plase ak yon moun apwopriye. Nan pifò ka, ACS ka gen obligasyon sipèvize yon timoun lakay li pou yon peryòd ki rive 12 mwa, kèk fwa sou kondisyon tankou patisipasyon paran an oswa pitit li nan sèvis. Peryòd sipèvizyon an kapab pwolonje pou yon ane anplis si toujou gen bezwen pou sipèvizyon.

Gad: Lè yon jij bay yon granmoun gad yon timoun, li se "gadyen" timoun nan. Sa vle di granmoun nan gen dwa ak responsablite legal pou l pran swen timoun nan ak otorite pou l pran gwo desizyon konsènan timoun nan. Gadyen an kapab aplike pou Èd Piblik pou pran swen timoun nan. Yon jij kapab bay lòd pou ou jwe wòl gad pou yon tan aprè yo fin depoze yon petisyon pou gad nan tribinal epi li ankou, men li po ko akòde gad final. Lè yon timoun nan fanmi akèy, yo plase timoun nan sou gad Komisè ACS la pou yon tan.

Detèminasyon: Nan fen ankèt la, ACS deside akizasyon ki nan rapò a "te apwopriye", si ACS detèmine, apati yon prèv byen fonde ki jis, akizasyon sa yo vrè, oswa ACS deside yon rapò "pa fonde" lè pa gen yon prèv byen fonde ki jis. (Pa gen lontan lwa a chanje ki fè yo pa itilize nòm ansyen "kèk prèv kredib" la ankò).

Odyans Desizyon: Aprè yon jij fin fè yon jijman konsènan abi oswa neglijans, jij la ap fè yon odyans pou li detèmine si sa ap nan enterè timoun nan pou li antre oswa rete nan fanmi akèy oswa pou yo retounen l bay paran li oswa lòt responsab swen sou kondisyon. Jij la ap detèmine ki sèvis yon paran bezwen fè pou timoun nan kapab retounen an tout sekirite tou.

Jij la pran yon desizyon tou aprè li fin jwenn plis prèv nan yon odyans pou mete anile dwa paran. Aprè odyans sa a jij la ap detèmine si se pou yo anile dwa paran an oswa paran yo, mete yon jijman ankou, oswa anile petisyon an epi fè timoun nan retounen nan fanmi akèy.

Deplasman ann Ijans: Si yon timoun se yon danje reyèl epi pa gen ase tan pou mande yon lòd tribinal, CPS ACS kapab retire yon timoun kay yon paran oswa yon gad, anvan yo jwenn yon lòd tribinal.

Odyans pou Jwenn Plis Prèv: Yon pwosedi tribinal kote jij la koute temwanyaj epi li konsidere lòt prèv nan dosye a. Jij la ap deside si gen yon prèv byen fonde pou kore akizasyon abi a oswa neglijans lan.

Prèv Byen Fonde ki jis: Yon nòm an rapò ak prèv ki mande ACS oswa yon lòt pati pwouve jij la oswa ofisye odyans lan prèv la montre akizasyon an plis ka vrè pase l fo.

Konferans Ekip Fanmi (Family Team Conference, FTC): Yon konferans yo fè regilyèman aprè yo fin retire yon timoun lakay li. Pandan konferans lan, patisipan yo diskite sou dosye a, tankou:

  • Bon volonte fanmi an pou yon timoun tounen lakay li.
  • Sèvis fanmi an resevwa.
  • Patisipasyon paran yo nan sèvis yo.
  • Pwogrè paran an nan objektif kreye yon fwaye ki garanti pou timoun nan.

ACS, planifikatè dosye ajans fanmi akèy yo, ak paran yo dwe nan konferans yo. Paran akèy ak timoun ki gen plis pase 10 lane kapab prezan tou. Paran yo kapab vini ak yon fanmi, yon zanmi, yon konseye, ak/oswa yon travayè sosyal oswa yon defansè paran nan biwo avoka yo a avèk yo.

Tan Fanmi: Yon lòt tèm pou vizit.

Retou Final: Kou yon tribinal detèmine yo jwenn solisyon pou faktè sekirite ki te mennen timoun nan nan fanmi akèy la, li garanti kounyeya pou timoun nan retounen lakay li, epi li pi bon pou timoun nan pou l retounen sou gad legal ak fizik paran an nèt, y ap retire timoun nan finalman nan fanmi akèy epi tout sipèvizyon planifikatè dosye oswa CPS ap kanpe.

Fwaye Akèy Manm Fanmi: Tip plasman fanmi akèy ki pi kouran an. Timoun nan plase nan yon espas familyal kote li gen aksè a kominote li. Se yon plasman andeyò fwaye ki gen mwens limit pou yon timoun.

Nan kèk ka, yo kapab plase timoun nan kay yon fanmi, yon zanmi oswa yon vwazen kalifye ki vle gen gad timoun nan. ACS dwe verifye epi apwouve fwaye a. "Fanmi akèy manm fanmi" se lè yon fanmi gen gad timoun nan. Si pa gen fanmi oswa zanmi kalifye ki kapab pran swen timoun nan, ACS plase timoun nan nan fwaye yon paran akèy yo angaje epi ki sètifye.

Fanmi Akèy: Yo konsidere yon timoun yo plase pou yon tan sou gad legal ak fizik ACS kòm yon timoun ki nan fanmi akèy. Timoun nan fanmi akèy ki ap viv nan pansyon pou fanmi oswa nan etablisman kolektif.

Paran Akèy: Se moun ki gen timoun ki nan yon fanmi akèy k ap viv avèk li a. Nou egzije paran akèy yo pou yo etidye fwaye yo pou asire li se yon kote ki garanti, epi nou egzije yo pran fòmasyon. Yo dwe verifye kazye jidisyè yo (istwa krim ak SCR, si genyen) tou. Paran akèy kapab yon fanmi (fanmi oswa zanmi pwòch fanmi an) oswa yon moun ou pa konnen.

Konferans pou Chanje Objektif: Se yon konferans ekip fanmi kote ajans fanmi akèy la ap pale sou posiblite chanje objektif plan pèmanans yon timoun. Objektif plan pèmanans se fè timoun retounen jwenn paran yo, adopsyon, gad fanmi ak pwojè lojman dirab.

Gad Legal: Aranjman legal fòmèl ki bay yon granmoun dwa pou pran desizyon epi aji nan non yon timoun. Gad legal pèmèt pi gwo desizyon pase gad òdinè. Yon gadyen legal kapab aplike pou sipò revni pou pran swen yon timoun.

Etid Fwaye: Yon etid detaye sou yon fwaye akèy pou detèmine si fwaye a se yon kote ki apwopriye. Etid sa a kapab pran plizyè semèn. Men, yo kapab dakò ak fwaye yon fanmi oswa yon zanmi pwòch pou yon tan pi rapidman, petèt nan 24 èdtan. Yo konsidere sa kòm yon konsantman ann ijans epi li dire yon peryòd 60 jou annatandan yo fè yon etid ki pi konplè sou fwaye a.

Malè Pandye: Lè yon timoun gen yon malè pandye sou tèt li.

Rapò ki Apwopriye oswa ki Pa Apwopriye: Yon desizyon ki di gen yon prèv byen fonde ki jis pou kore demann nan yon rapò kont abi oswa neglijans sou yon timoun.

Premye Konferans sou Sekirite Timoun (Initial Child Safety Conference, ICSC): Yon rankont pou pran desizyon ki fèt lè gen pwoblèm sekirite ki rive nan yon nivo ki fè CPS anvizaje aksyon an jistis ak/oswa deplasman. ICSC reyini tout pati ki gen yon responsablite ak enterè nan kenbe timoun nan an sekirite, pou diskite sèvis ak/oswa aranjman gad pou yon tan pou pwoteje timoun nan.

Konvansyon ant Eta sou Plasman Timoun (Interstate Compact on the Placement of Children, ICPC): Yon konvansyon legal ant tout 50 eta ameriken yo, Washington, D.C., ak Etazini, Virgin Islands ki suiv menm pwosedi pou transfere timoun sou gad yon tribinal oswa yon ajans lè li kite yon eta ale nan yon lòt. Nan yon ka konsa, eta k ap resevwa timoun nan dwe mennen ankèt epi apwouve fwaye fanmi an oswa paran akèy posib la epi pran responsablite siveye timoun nan nan fwaye sa a.

Ankèt ak Rapò (Investigation and Report, I&R): Yon rapò yon jij Tribinal Fanmi mande epi ACS bay. Nan rapò a, ACS bay enfòmasyon sou sekirite fwaye yon timoun ak patisipasyon paran yo nan sèvis. ACS prezante rapò a bay jij la nan Odyans Desizyon an pou jij la kapab pran desizyon k ap pi bon pou timoun nan selon enfòmasyon li resevwa.

Fanmi Akèy Manm Fanmi: Plasman yon timoun nan fanmi akèy ak yon fanmi, yon parenn oswa yon marenn oswa yon zanmi pwòch.

Kinship Guardianship/Kinship Guardianship Assistance Program (KinGAP) (Gad Fanmi oswa Pwogram Èd pou Gad Fanmi): Yon aranjman kote yon fanmi, parenn oswa marenn oswa yon zanmi pwòch ka resevwa yon sibvansyon pou li pran swen yon timoun aprè yo te fin mete timoun nan nan fanmi akèy pou omwens 6 mwa epi Tribinal Fanmi an akòde fanmi an oswa zanmi pwòch fanmi an gad timoun nan.

Etid sou Sante Mantal (Mental Health Study, MHS): Yon evalyasyon yon sikològ oswa yon sikyat tribinal la angaje fè pou detèmine ki pwoblèm sante mantal yon paran ka genyen, si genyen.

Avi Egzistans: Avi alekri konsènan abi oswa neglijans yo bay moun rapò a konsène a pou enfòme li sou egzistans rapò a ak dwa li pou li konteste desizyon ankèt la.

Avi pou Deplase Timoun pou yon Tan ak Dwa pou Ou Ranpli yon Fòm Odyans: Nan moman deplasman an, CPS dwe bay paran an avi alekri sou dwa li pou li aplike nan Tribinal Fanmi pou timoun nan retounen jwenn li; li dwe bay adrès Tribinal Fanmi kote y ap koute dosye a; li dwe bay non ak enfòmasyon pou kontakte CPS la ak ajans kote y ap mete timoun nan, ak enfòmasyon kontak sou moun pou w kontakte pou w vizite timoun nan.

Paran ki Pa yon Akize: Paran yo pa t akize pou neglijans oswa abi. Paran sa a gen dwa pou li resevwa avi konsènan odyans epi pou li patisipe kòm yon pati ki entèrese. Li kapab chache gen gad timoun nan ki nan pwosedi pwoteksyon timoun nan pou yon tan oswa nèt tou.

Biwo Defans: Se biwo sèvis kliyan ACS ki louvri pou piblik. Pèsonèl Biwo Defans lan koute moun ki fè pati ajans lan epi li reponn enkyetid, plent, ak demann enfòmasyon yo genyen, ni pou paran, jèn, paran akèy, patnè kominotè ak piblik la an jeneral. Ou kapab kontakte Biwo Defans lan nan (212) 676-9421.

Adopsyon Ouvè: Yon adpsyon kote paran adoptif la ak vrè paran timoun nan dakò vrè paran an ap kontinye pale ak timoun nan. Yo ka pa kapab fè aplike tip akò sa a sou plan legal.

Lòd Pwoteksyon: Yon konsiy alekri yon tribinal ki bay lòd sou rekòmandasyon patikilye pou pwoteje yon pati kont yon lòt. Pa egzanp yon lòd ki entèdi yon pati kontakte yon lòt, oswa ki anpeche yon pati viv nan fwaye a. Lè ou vyole yon lòd sa ka debouche sou pèn legal.

Lòd pou Konparèt: Yon lòd tribinal bay yon prizon pou "konparèt" (mennen) yon paran ki nan prizon nan Tribinal Fanmi pou odyans konsènan pitit li.

Plasman oswa Transfè Tanporè: Yon lòd legal ki plase yon timoun ak yon paran oswa yon lòt moun ki apwopriye pou yon tan pandan yon dosye ankou nan Tribinal Fanmi. Yon plasman tanporè pa yon plasman nan fanmi akèy.

Defansè Paran: Yon manm kominote a ki te gen eksperyans ak byennèt timoun piblik la epi ki te resevwa fòmasyon espesyal. Souvan, ACS ak ajans fanmi akèy yo angaje oswa pase kontra ak Defansè Paran pou bay paran sipò, sitou nan konferans ekip fanmi.

Rankont Paran ak Paran (Parent to Parent, P2P): P2P a se premye rankont ant paran yo ak paran akèy. Se yon opòtinite pou paran ak paran akèy rankontre youn lòt; pou paran akèy yo koute paran yo sou preferans ak nesesite timoun ki plase nan fwaye yo a; epi pou fasilite yon relasyon pozitif ant paran yo ak paran akèy pou yo kapab travay ansanm nan enterè timoun nan epi pou li retounen jwenn paran li.

Odyans Pèmanans: Tribinal Fanmi an ap fè yon odyans chak 6 mwa aprè timoun nan fin antre nan fanmi akèy pou egzamine plasman timoun nan, sèvis yo bay paran an ak timoun nan, planifikasyon vizit la, ak plan alavni pou fanmi an.

Planifikasyon Pèmanans: Efò ACS ak ajans fanmi akèy yo fè pou bay timoun yo yon fwaye dirab. Pa egzanp: retounen yo bay paran yo, adopsyon, oswa kèk lòt aranjman dirab tankou gad legal.

Moun ki Bezwen Sipèvizyon (Person in Need of Supervision, PINS): Yon timoun ki po ko gen 18 lane yo akize kòm yon moun paran pa gen kontwòl li oswa ki gen yon konpòtman san kontwòl. Yon paran oswa yon gad legal kapab depoze yon petisyon pou mande Tribinal Fanmi patisipasyon l pou reponn a bezwen timoun nan. Anvan yon tribinal ta plase yon timoun nan fanmi akèy daprè yon petisyon PINS, fanmi an dwe eseye sèvis kont devyasyon yo anvan. Nan Vil New York, Family Assessment Program (FAP) (Pwogram Evalyasyon Fanmi) ofri sèvis sa yo nan tout 5 awondisman yo. FAP ede fanmi evite plase pitit yo nan fanmi akèy lè li ofri yo sèvis sipò anvan. Fanmi yo dwe itilize tout sèvis ki disponib nan FAP yo anvan yo pase nan lòt etap ak pwosesis tribinal PINS.

Moun ki Responsab Legalman (PLR): Nan ka abi ak neglijans, tèm sa a fè referans a paran timoun nan, gad òdinè, gad legal, oswa tout lòt moun ki responsab swen timoun nan legalman a yon sèten tan. Se kapab yon moun ki nan fwaye a abityèlman ki te kontribye nan abi oswa neglijans lan.

Petisyon: Yon aplikasyon fòmèl alekri ou fè nan tribinal pou mande aksyon jidisyè sou kèk kesyon.

Petisyonè: Pati ki depoze yon aplikasyon nan yon tribinal. Nan pwosedi yon timoun yo abize, neglije oswa maltrete, oswa nan ka yon plasman volontè, pati sa a se ACS.

Plasman: Yon lòd Tribinal Fanmi an nan yon Odyans Desizyon ak/oswa yon Odyans Pèmanans ki mete yon timoun sou gad ACS jiska pwochen Odyans Pèmanans lan.

Konferans Aprè Deplasman: Si ACS detèmine te gen yon malè pandye sou timoun ou an epi li te òganize yon deplasman anvan yon Premye Konferans sou Sekirite Timoun, yo kapab fè rankont lan aprè deplasman pitit ou a, epi souvan yo fè referans ak li kòm yon Konferans Aprè Deplasman.

Sèvis Prevansyon/Sèvis Prevantif: Sèvis prevansyon se sèvis pou ede fanmi fè timoun yo rete an sekirite lakay yo. Sèvis prevansyon gratis, ou ka deside pran yo oswa pa pran yo, epi yo disponib kèlkeswa sitiyasyon migratwa ou. Yo disponib apati òganizasyon pou sèvi kominote nan kominote yo. Se sèvis sante mantal, toksikomani, vyolans nan kay, eksplwatasyon jèn, sèvis medikal espesyal, ak sèvis yo ba w lakay ou.

Qualified Residential Treatment Program (QRTP) (Pwogram Sant Tretman Kalifye): Se yon pwogram nan yon sant pou jèn ki nan fanmi akèy. Li dwe gen otorizasyon; li dwe itilize yon apwòch enfòmasyon sou twomatis pou travay ak jèn, enplike fanmi an nan tretman timoun nan epi ofri 6 mwa sèvis suivi.

Ranvwa: Yon lòd Tribinal Fanmi ki retire yon timoun lakay li pou yon tan, oswa ki otorize yon deplasman ann ijans, epi ki plase timoun nan sou gad legal epi fizik Komisè ACS la.

Residential Treatment Center (RTC) (Sant Tretman Rezidansyèl): oswa Qualified Residential Treatment Program (QRTP) (Pwogram Sant Tretman Kalifye) Tip plasman nan fanmi akèy ki plis limite paske yo pa mete timoun nan nan kominote a. RTC yo fèt pou pran swen timoun ki gen gwo pwoblèm emosyonèl ak konpòtman. Timoun sa yo bezwen sèvis tretman, yon anviwònman ki byen òganize, ak bonjan sipèvizyon.

Akize: Tout moun yo nonmen nan petisyon pou neglijans oswa abi sou timoun kòm responsab neglijans oswa abi sou timoun nan. Moun sa a, yon paran, gadyen, oswa moun ki responsab legal pou pran swen timoun nan, epi ki an kontak regilyèman ak timoun nan, dwe reponn akizasyon ki nan petisyon Tribinal Fanmi sa a. Akize a kapab yon moun ki pa paran timoun nan men ki se responsab legal ki asire gad timoun nan. Se kapab moun ki pa gen okenn dwa paran sou timoun nan ki te fè oswa ki te kontribye nan fè abi sou timoun nan oswa neglije li. Nan yon ka PINS oswa Delenkans kay Jèn (Juvenile Delinquent, JD), akize a se timoun nan.

Reyinifikasyon/Retounen Jwenn Paran: Se premye objektif pou prèske tout timoun nan fanmi akèy. Objektif la se fè timoun nan retounen jwenn paran li an tout sekirite.

Sant Entèvansyon Rapid (Rapid Intervention Center, RIC): Yon RIC, sa nou rele Sant Resepsyon Dyagnostik (Diagnostic Reception Center, DRC) tou, ofri timoun ki bezwen sa bonjan estrikti ak sèvis evalyasyon. Se yon plasman pou yon tan nan fanmi akèy ki kapab dire jiska 90 jou. Nan RIC, yo fè timoun yo evalyasyon sou plan fizik, sikolojik ak edikasyon pou deside ki espas plasman ak sèvis ki pi bon pou yo selon bezwen yo.

Plan Sèvis: Yon plan planifikatè dosye a fè ak kolaborasyon paran an ak timoun nan, ki idantifye sèvis ki nesesè pou paran an ak timoun nan. Se sèvis sa yo ki nesesè pou ede rezoud pwoblèm ki te fè timoun nan antre nan fanmi akèy.

Rejis Santral pou Abi ak Move Tretman sou Timoun nan Tout Eta a, Rejis Santral Eta a oswa SCR (Statewide Central Register of Child Abuse and Maltreatment, State Central Register oswa SCR): Nimewo Èd Telefonik Eta New York pou Abi ak Move Tretman sou Timoun (800-342-3720). Nenpòt moun kapab rapòte abi oswa neglijans yo sispèk nan nimewo èd telefonik sa a 24 sou 24, 7 sou 7. Tout sa w rapòte ap rete prive. SCR a transmèt ACS rapò yo. Nenpòt lè ACS gen yon rapò, li dwe mennen ankèt. Li kont lalwa pou w fè fo rapò. Moun kapab rele 311 pou fè yon rapò tou.

Moun yon Rapò Konsène: yon paran, gadyen, oswa yon lòt moun ki responsab yon timoun legalman yo akize kòm responsab tò sou yon timoun oswa yo akize l kòmkwa li pèmèt tò a rive.

Gad Tanporè: Yon jij bay yon granmoun dwa ak responsablite legal pou l pran swen yon timoun pou yon tan. Yon jij kapab bay lòd pou ou jwe wòl gad pou yon tan aprè yo fin depoze yon petisyon pou gad nan tribinal epi li ankou, men li po ko akòde gad final.

Fen Dwa Paran (Termination of Parental Rights, TPR): Yon tip pwosedi ki kòmanse lè ajans lan oswa ACS depoze yon petisyon pou kanpe relasyon legal ant paran ak pitit la. Si nan fen yon odyans tribinal la deside dwa paran yo dwe pran fen, legalman yon moun lib pou adopte timoun nan.

Retou Esèy: Retounen yon timoun lakay li pou yon tan pou mete l sou gad "fizik" yon paran oswa yon responsab legal anba sipèvizyon planifikatè dosye a pandan timoun nan rete sou gad legal ACS.

Rapò ki Pa Fonde/ki Pa Apwopriye: Yon rapò sou abi ak neglijans kont timoun kote pa gen yon prèv byen fonde ki jis ki kore detèminasyon an.

Plasman Volontè: Yon akò legal ki transmèt swen ak gad pitit ou a bay ACS pou yon tan pandan nou egzije paran an planifye pou timoun nan retounen epi travay pou rezoud pwoblèm ki te debouche sou plasman volontè a.

Konsèy Rise - Jere Santiman Lapenn pandan Vizit yo

Konsèy Rise [PDF]

Nimewo Telefòn ak Adrès Imèl ki Enpòtan

Li enpòtan pou w konsève enfòmasyon pou w kontakte divès moun ki enplike nan dosye w la. Tanpri itilize Nimewo Telefòn ak Adrès Imèl ki Enpòtan [PDF] pou w konsève non, nimewo telefòn ak adrès imèl enpòtan sa yo.

1ye Vèsyon - Nou kreye dokiman sa a an mas 2022.