Notice of Rights | Haitian Creole

lang anglè (English)

Avi sou Dwa: Travayè Livrezon Manje nan vil New York

Si w fè livrezon restoran pou yon aplikasyon, ou gen dwa, kèlkeswa estati imigrasyon ou.

a red circle icon with an illustrated bar graph

Pèman

  • Aplikasyon w la dwe peye w omwen $19.56 pou chak èdtan (san poubwa) pou tan ou pase ap fè livrezon yo. Minimòm sa a ap ogmante 1ye avril chak ane.
  • Aplikasyon yo dwe swiv lòt règ siplemantè ki ogmante pèman yo. Kontakte aplikasyon w lan pou w jwenn enfòmasyon sou pèman w lan.
  • Aplikasyon yo dwe peye ou omwen yon fwa pa semèn epi ofri yon opsyon pou ou resevwa salè w san peye okenn frè.
  • Aplikasyon yo dwe di w konbyen poubwa kliyan an bay pou chak livrezon ak total pèman w ak poubwa ou pou jou anvan an. Gen eksepsyon ki aplike. Kontakte DCWP.
a red circle icon with an line art of earth with multiple route pins on it

Itinerè

  • Aplikasyon yo dwe ba ou detay sou wout yo anvan ou aksepte yon livrezon. Detay yo dwe genyen adrès kote ou pral pran kòmand lan, dire ak distans yo estime a, poubwa ak pèman.
  • Ou ka mete yon aplikasyon pou limite ki pon oswa tinèl w ap itilize ak distans ki genyen ant yon restoran ak yon kliyan. Aplikasyon yo pa ka ofri w deplasman ki depase limit ou fikse yo.
a red circle icon with an line art of a open pad lock

Aksè

  • Aplikasyon yo dwe ba ou yon valiz tèmik izole pou livrezon manje gratis aprè 6 livrezon.
  • Li posib pou ou gen pi bon aksè ak twalèt restoran yo lè ou al pran kòmand yo. Gen eksepsyon ki aplike. Kontakte DCWP.

Pa gen reprezay

Li ilegal pou yo penalize travayè yo k ap egzèse dwa yo. Kontakte DCWP imedyatman depi ou sispèk gen reprezay.

Depoze yon plent

Si yon aplikasyon vyole lalwa, travayè yo ka resevwa lajan. Pou ou siyale yon enfraksyon, depoze yon plent nan Depatman Pwoteksyon Konsomatè ak Travayè (DCWP).

  • Depoze yon plent
  • Rele nan 311 (212-NEW-YORK andeyò vil New York) epi mande pou “Travayè Livrezon”

DCWP p ap pataje idantite w san konsantman w alavans.




Telechaje Avi nan PDF.


04/2024